Isaías 38
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Vè menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou l' mouri. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou. 2Ezekyas vire figi li bay panno a fas, li lapriyè Seyè a. 3Li di: -Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'. 4Lè sa a, Seyè a pale ak Ezayi, li di l' konsa: 5-Tounen al jwenn Ezekyas. W'a di l' pou mwen, men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou: Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal. M'ap kite ou viv kenzan ankò. 6M'ap delivre ou ansanm ak lavil Jerizalèm anba men wa Lasiri a. M'a pran defans lavil la. 7Ezayi reponn li: -Men siy Seyè a pral fè ou wè pou ou ka konnen l'ap kenbe pawòl li. 8Gade kadran solèy wa Akaz te fè a. Seyè a pral fè lonbraj la fè bak sou dis ti mak. Epi vre, lonbraj la mache fè bak sou dènye dis ti mak li te fin depase. 9Men kantik Ezekyas, wa a, te chante lè li refè apre maladi li a: 10Mwen t'ap di nan kè m' se mwatye nan lavi m' ase mwen viv. Gade mwen gen tan pral mouri. Mwen rive nan pòt pou m' antre kote mò yo ye a. M'ap mouri anvan lè m'. 11Mwen te kwè mwen pa t'ap janm gen chans ankò pou m' te wè Seyè a sou latè kote moun vivan yo ye a, ni pou m' te wè pesonn ankò nan moun k'ap viv sou latè. 12Tankou yon ti kay jaden, yo rache m', yo demoli m' pote m' ale. Yo koupe lavi m' tankou yo koupe fil nan metye moun k'ap tise twal yo. Soti nan maten rive aswè, m'ap deperi. 13Tout lannwit m'ap rele anba doulè. Tankou yon lyon, Bondye t'ap kraze tout zo nan kò m'. Soti nan maten rive nan aswè, m'ap deperi. 14M'ap plenn tou piti tankou ranmye. M'ap plenyen tankou yon toutrèl. Je m' bouke tank m'ap gade syèl la. Seyè, mwen pa kapab ankò! Vin fè kichòy pou mwen non! 15Kijan pou m' pale avè l'? Sa pou m' di l'? Se Seyè a k'ap fè travay li. Malgre tout lapenn sa a ki nan kè m' lan, m'a debat ak lavi a jouk mwen mouri. 16Seyè! nan bon kè ou, ou fè m' jwi lavi. Souf lavi a nan mwen toujou. W'ap geri m', w'ap ban m' lavi. 17Ou wete m' nan kè sere m' te ye a. Se ou menm ki wete m' nan bouch twou a. Ou voye tout peche m' yo jete dèyè do ou. 18Yo pa fè lwanj ou kote mò yo ye a. Non. Moun mouri pa ka fè fèt pou ou! Moun ki deja desann kote mò yo ye a pa ka konte sou ou pou ou kenbe pawòl ou. 19Se moun ki vivan ase ki ka fè lwanj ou tankou mwen menm jòdi a. Granmoun va fè pitit yo konnen jan ou toujou kenbe pawòl! 20Seyè a delivre m'! N'a fè mizik sou tout enstriman mizik nou yo n'a chante nan kay Seyè a pandan tout lavi nou. 21Ezayi mande pou yo fè yon kataplas ak fig frans mete sou kote wa a malad la, pou li ka geri. 22Lè sa a, wa Ezekyas mande: -Kisa k'ap fè m' konnen m'a ka al nan tanp lan ankò?

Você sabia?
A Enfermidade e a Recuperação de Ezequias
- Quando o rei Ezequias adoeceu gravemente, o profeta Isaías anunciou inicialmente sua morte iminente. Após Ezequias chorar e orar com fervor, Deus prometeu acrescentar quinze anos à sua vida e defender Jerusalém do rei da Assíria.Fontes: o próprio texto bíblico · Hezekiah
- Como sinal para confirmar a promessa divina, a sombra do sol retrocedeu dez degraus na escadaria associada ao rei Acaz, pai e antecessor de Ezequias no trono de Judá.Fontes: o próprio texto bíblico · Ahaz
- Junto à intervenção divina, Isaías prescreveu um remédio medicinal prático, instruindo que aplicassem uma pasta de figos prensados sobre a úlcera do rei para que ele sarasse.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 6
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org