Nations Bible

Isaías 34

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Nou menm moun tout nasyon yo, pwoche pou n' koute! Tout pèp sou latè, louvri zòrèy nou! Se pou tout moun ansanm ak tout bagay ki sou latè yo koute! 2Seyè a fache sou tout nasyon yo nèt, ansanm ak lame sòlda yo. Li kondannen yo tout pou yo mouri, pou yo touye yo tankou bèt y'ap ofri pou touye pou li. 3Yo p'ap antere kadav moun mouri yo. Y'ap kite yo pouri santi. Tout mòn yo pral wouj ak san. 4Tou sa ki nan syèl la, solèy, lalin ak zetwal yo, pral disparèt. Yo pral woule syèl la tankou yon woulo papye pote ale. Tou sa ki nan syèl la pral tonbe tankou fèy pye rezen ak fèy pye fig frans lè y'ap jete fèy. 5Nan syèl la, nepe Seyè a mande san. Men l'ap desann sou peyi Edon an pou l' pini moun mwen menm, Seyè a, mwen te kondannen pou mouri. 6Nepe Seyè a pral benyen ak san yo tankou san mouton ak san bouk yo touye pou li. Li pral kouvri ak grès tankou grès wonyon belye yo touye pou li. Yo pral fè yon ofrann bèt pou Seyè a lavil Bozra. Yo pral fè yon gwo masak nan peyi Edon. 7Moun pral mouri tankou gwo towo bèf mawon ak jenn ti towo. Tè a pral plen san, li pral kouvri ak grès. 8Paske, se jou Seyè a pral pran revanj li sou lènmi peyi Siyon yo. Se jou li pral fè yo peye sa yo te fè a, pou l' ka delivre moun Siyon yo. 9Tout dlo larivyè nan peyi Edon pral tounen goudwon. Pousyè tè a ap tounen souf. Tout peyi a pral boule tankou goudwon. 10L'ap boule lajounen kou lannwit. Lafimen pral soti ladan l' tout tan san rete. Tè a ap tounen savann pou tout tan tout tan. Moun p'ap janm pase la ankò. 11Se la koukou ak frize pral fè nich yo. Se la kaou ak malfini pral rete. Seyè a pral fè l' tounen yon dezè san anyen ladan li. 12P'ap gen grannèg pou chwazi wa ankò pou gouvènen peyi a, tout chèf yo ap disparèt. 13Pikan pral pouse nan tout palè l' yo, kwòkachen ak chadwon pral pouse nan tout fò yo. Se la chen mawon pral rete. Se la otrich pral fè nich yo. 14Bèt k'ap viv nan dezè yo pral kontre ak chen mawon. Mal yo, yonn pral rele lòt. Se la lagrandyab la pral rete. Se la l'a jwenn yon kote pou l' poze kò l'. 15Se la koulèv pral fè nich yo, se la y'ap ponn. Se la y'ap kouve ze yo, se la y'ap okipe pitit yo. Se la malfini karanklou yo pral sanble. 16Ale gade nan liv Bondye a. Li sa ki ladan l'. Pa manke yon sèl nan tout bèt li kreye yo. Yo yonn pa pèdi parèy yo. Se Seyè a menm ki bay lòd sa a. Se lespri li k'ap mete yo ansanm yonn ak lòt. 17Se li menm menm ki pral separe tè a ba yo chak pòsyon pa yo. Y'ap rete nan peyi a pou tout tan. Peyi a va rele yo pa yo jouk sa kaba.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Julgamento sobre as Nações e Edom

  • Bozra era uma cidade de destaque associada aos primeiros reis edomitas, identificada com a moderna el-Busseireh, localizada na região montanhosa de Petra, a cerca de 32 quilômetros a sudeste do mar Morto. Em Isaías 34, ela é mencionada como o local simbólico de um grande sacrifício divino que representa o julgamento sobre Edom.Fontes: Bozrah · o próprio texto bíblico
  • O julgamento anunciado sobre Edom é apresentado como um tempo de vingança e retribuição em favor de Sião, a colina ao sudeste de Jerusalém fortificada por Davi como a Cidade de Davi.Fontes: Zion · o próprio texto bíblico
  • O ministério profético de Isaías é tradicionalmente situado ao longo de várias décadas no século VIII a.C., dirigindo-se tanto a Judá quanto às nações vizinhas.Fontes: Prophecies of Isaiah

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Edom · 30.746, 35.604 · versículos 5, 6, 8, 9, 10, 11
  • Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 8

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.