Nations Bible

Isaías 21

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Men mesaj Bondye bay sou plenn bò lanmè a, nan peyi Babilòn: -Tankou yon van siklòn k'ap bale dezè Negèv la, yon gwo malè pral soti nan peyi san manman yo. 2Mwen fè yon vizyon, mwen wè bagay ki pou bay gwo lapenn lan. Mwen wè moun k'ap trayi, moun k'ap kraze brize! Nou menm lame peyi Elam lan, moute al atake! Nou menm sòlda peyi Medi yo, al sènen lavil li yo! Bondye pral fè moun k'ap soufri anba peyi Babilòn lan sispann plenn. 3Se poutèt sa, tout zantray mwen ap bouyi! Mwen gen yon sèl doulè anba vant tankou yon fanm ki prèt pou akouche. M'ap tòde. Mwen rete vant ba: mwen pa wè anyen, mwen pa tande anyen. 4Tèt mwen ap vire. M'ap tranble tèlman mwen pè. Mwen t'ap tann solèy la kouche. Men, lè aswè rive, se te pi mal. 5Nan vizyon an, mwen wè yon tab byen ranje, yo louvri tapi atè pou envite yo chita. Y'ap manje, y'ap bwè. Yon moman, yo bay yon lòd: Kanpe, chèf lame yo! Pare zam nou pou defann nou! 6Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Ale non! Mete yon gad veye! W'a di l' pou l' fè ou konnen tou sa la wè. 7Si l' wè kavalye k'ap vini sou chwal yo, de pa de ak yon pati moun sou bourik, yon lòt pati sou chamo, se pou l' louvri je l' gade byen. 8Gad la rele byen fò: -Mèt, m'ap rete kanpe la nan pòs mwen tout lajounen. Mwen p'ap deplase kote m' ye a. M'ap veye tout lannwit. 9Lè sa a, yon lame kavalye parèt. Y'ap mache vini de pa de. Gad la bay nouvèl la. Li di: Lavil Babilòn tonbe! Wi, li tonbe! Tout estati zidòl yo tonbe plat atè, yo kraze! 10Nou menm, pèp mwen an, mwen te fwote nou anba pye m' tankou moun fwote diri sou glasi. Men, koulye a m'ap fè nou konnen bon nouvèl mwen te tande a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ki te fè m' konn sa. 11Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Edon yo: -Yon moun rete peyi Seyi, l'ap rele m'. Li di m': Ey, gad! Kilè li ye? Konbe tan ankò pou nwit lan bout? Konbe tan ankò anvan solèy leve? 12Mwen reponn: -Bajou prèt pou kase. Men apre sa, se va lannwit ankò. Si nou vle mande sa ankò, tounen vin mande. 13Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Arabi yo: -Nou menm moun peyi Dedan, se nan mitan raje ki nan savann Arabi a nou pral moute kan nou pase nwit! 14Al kontre moun ki swaf dlo yo pou ba yo bwè. Moun peyi Tema yo al kontre moun k'ap kouri sove yo, yo pote manje ba yo. 15Moun yo pran kouri pou yo chape anba nepe sòlda ki te soti pou touye yo, anba flèch ki te tou pare pou pèse yo, anba gwo danje ki te gen nan batay la. 16Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Nan yon lanne, jou pou jou, tankou moun k'ap travay pou lajan kalkile lè travay yo, p'ap rete anyen nan tout bèl pouvwa peyi Keda a! 17Ou tande jan nan peyi sa a gen anpil vanyan sòlda ki konn tire banza byen? Enben! Se de twa ase ki va rete. Se mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki di sa.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Visões sobre Babilônia e as Nações do Deserto

  • Isaías 21 começa com uma visão que convoca Elão e a Média para o ataque, culminando no anúncio de que a Babilônia caiu e suas imagens esculpidas foram despedaçadas. Elão e a Média eram regiões montanhosas situadas a leste da Babilônia.Fontes: o próprio texto bíblico · Elam · Media
  • O oráculo contra a Arábia menciona Quedar, nome associado às tribos nômades que habitavam o noroeste da Península Arábica. A profecia retrata caravanas fugindo da guerra pelo deserto e adverte que os famosos arqueiros e guerreiros de Quedar seriam reduzidos em apenas um ano.Fontes: o próprio texto bíblico · Kedar · Kedar
  • O capítulo é estruturado em torno da figura de uma sentinela vigilante postada em uma torre de guarda dia e noite. Esse vigia observa a aproximação de cavaleiros e responde a perguntas ansiosas vindas de Seir sobre o quanto resta da noite.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 1, 2, 9
  • Negeb · 31.245, 34.841 · versículo 1
  • Elam · 32.189, 48.258 · versículo 2
  • Media · 34.806, 48.516 · versículo 2
  • Arabia · Hoje: Arabian Peninsula · 23.000, 46.000 · versículo 13
  • Tema · Hoje: Tayma · 27.630, 38.552 · versículo 14
  • Kedar · 29.811, 39.868 · versículos 16, 17

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.