Nations Bible

Isaías 17

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Men sa Bondye di k'ap rive lavil Damas: -Lavil Damas p'ap yon lavil ankò. L'ap tounen yon pil demoli. 2Moun p'ap janm rete nan lavil peyi Siri yo ankò. Se la bèf, mouton ak kabrit pral jwenn zèb pou yo manje. Se la y'a rete san pesonn pa chase yo met deyò. 3Peyi Efrayim lan pral rete san anyen pou pwoteje l'. Lavil Damas pral pèdi libète granmoun li. Ti rès moun peyi Siri a pral gen menm sò ak ti rès moun pèp Izrayèl yo. Yo pral pèdi bèl pouvwa yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. 4Seyè a di ankò: -Yon jou gen pou rive. Lè sa a, tout bèl pouvwa peyi Jakòb la pral disparèt. L'ap pèdi tout richès li, l'ap vin pòv. 5Peyi Izrayèl la ap tankou yon jaden diri mi yo fin koupe, yo ranmase pote ale. L'ap tankou jaden pitimi nan plenn Refayim lè yo fin ranmase grap ki tonbe atè apre rekòt la. 6Se sèlman de twa moun k'ap rete vivan. Peyi Izrayèl la ap tankou yon pye oliv apre yo fin keyi tout donn li: se de twa grenn ki rete nan tèt la ak kat ou senk sou branch yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. 7Jou sa a, moun va vire tèt yo bò Bondye ki te kreye yo a, y'a leve je yo gade Bondye pèp Izrayèl la. 8Yo p'ap vire tèt yo bò lotèl zidòl yo te fè ak men yo. Yo p'ap leve je yo gade poto yo te mete kanpe pou Achera, zidòl fanm lan, ak lotèl kote y'ap boule lansan an. 9Lè jou sa a va rive, moun pral kouri kite tout lavil kote yo te konn al chache pwoteksyon yo. Se va tankou lè moun Ivi yo ak moun Amon yo te kouri kite tout lavil yo devan pèp Izrayèl la. Lavil yo pral tounen savann. 10Nou menm pèp Izrayèl, nou te bliye Bondye ki te delivre nou an. Nou pa t' chonje Bondye ki te pwoteje nou an. Se poutèt sa n'ap plante bèl ti jaden sou kote pou fè sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo. 11Menm si yo ta rive pouse menm jou nou plante yo a, pou menm jou a nan maten yo pran fleri, nou p'ap rekòlte. Paske menm jou a tou, y'ap deperi. Se va yon gwo lapenn ki p'ap janm fini. 12Ki malè sa a? Yon foul moun k'ap toumante kò yo tankou lè lanmè a move. Y'ap bat kò yo fè gwo bri tankou lanm lanmè k'ap frape ak fòs sou rivaj la. 13Nasyon yo ap bat kò yo tankou lanmè lè li move. Men, Bondye rele dèyè yo, li fè yo kouri al byen lwen. Li bwote yo ale tankou van k'ap leve pousyè sou mòn yo, tankou van siklòn k'ap pote pay ale. 14Nan aswè, y'ap bay moun kè sote. Anvan solèy leve, w'ap chache yo, ou p'ap jwenn yo. Men sa k'ap tann tout moun k'ap piye nou yo, moun k'ap pwofite sou nou yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Julgamento contra Damasco e Efraim

  • O oráculo contra Damasco associa o destino da capital da Síria ao do reino do norte de Israel, chamado de Efraim e Jacó. A profecia anuncia que tanto a soberania de Damasco quanto a força fortificada de Israel se desvaneceriam juntas.Fontes: o próprio texto bíblico · Damascus · Syria
  • O texto utiliza imagens agrícolas conhecidas para ilustrar o juízo e a preservação de um remanescente: um ceifeiro colhendo espigas no vale de Refaim, próximo a Jerusalém, e uma oliveira sacudida que conserva apenas duas ou três azeitonas no topo.Fontes: o próprio texto bíblico · Valley of Rephaim

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Damascus · 33.511, 36.306 · versículos 1, 3
  • Syria · Hoje: Aram · 33.511, 36.306 · versículo 3
  • Valley of Rephaim · 31.763, 35.219 · versículo 5

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.