Oseias 3
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Seyè a pale ak mwen ankò, li di m' konsa: -Ale non, Oze! Al renmen yon fanm k'ap fè adiltè sou mari l' ak yon lòt gason. Se pou ou renmen l' menm jan mwen menm, Seyè a, mwen renmen pèp Izrayèl la, atout l'ap vire do ban mwen al jwenn lòt bondye, atout li renmen ofri gato rezen ba yo. 2Se konsa, m' al achte yon fanm k'ap fè adiltè, mwen peye kenz pyès ajan ak sèt barik lòj pou li. 3Mwen di l'. -Ou pral rete avè m' atò, machè! Ou pral sispann lage kò ou nan dezòd. Ou pa pral kouche ak ankenn gason. Mwen menm tou, mwen p'ap nan kouche avè ou. 4Konsa tou, moun Izrayèl yo pral rete pase kèk tan san wa, san chèf, san fè ofrann bèt, san wòch lotèl, san plastwon pou prèt yo. 5Apre sa, moun Izrayèl yo va tounen sou sa yo te fè a. Seyè a, Bondye yo a, va fè yo chache l', y'a tounen vin jwenn David, wa yo a. Y'a gen krentif pou Seyè a. Apre sa, y'a toujou resevwa favè l'.

Você sabia?
Uma Redenção Simbólica
- Em Oseias 3, o profeta recebe a ordem de resgatar sua esposa infiel, pagando quinze siclos de prata juntamente com um ômer e um létec de cevada. Esse ato pessoal serve como uma ilustração viva do amor contínuo de Deus por Israel, apesar da infidelidade da nação e de sua devoção a outros deuses.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo prediz um longo período no qual os israelitas viveriam sem rei, sem príncipe, sem sacrifício, sem coluna sagrada, sem éfode e sem ídolos. Depois disso, profetiza-se que eles retornarão com temor reverente para buscar o SENHOR e a Davi, seu rei, nos últimos dias.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org