Nations Bible

Gálatas 4

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Enben! Men sa m' vle di: Pitit ki pou resevwa byen papa li a, toutotan li piti toujou, y'ap trete l' menm jan yo trete yon esklav, atout se li menm ki mèt tout bagay. 2Toutotan li timoun toujou, li sou lòd moun k'ap okipe l' la, moun k'ap regle zafè l' pou li a, jouk lè papa a te fikse a rive. 3Nou menm tou, toutotan nou te tankou timoun, nou te esklav tout lide ki t'ap mennen lèzòm nan lemonn. 4Men, lè lè a rive, Bondye te voye pwòp pitit li. Li soti nan vant yon fanm, li viv anba lalwa jwif yo, 5pou l' te ka delivre tout moun ki te anba lalwa pou n' te kapab vin pitit Bondye. 6Pou fè nou wè nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k'ap rele: Papa, nan kè nou. 7Konsa, ou pa esklav ankò, ou se yon pitit. Si ou se yon pitit Bondye, Bondye va ba ou tout byen li sere pou pitit li yo. 8Nan tan lontan, nou pa t' konnen Bondye, nou te esklav yon bann bondye ki pa t' Bondye. 9Men, koulye a nou rive konn Bondye, ou pito koulye a Bondye konnen nou, kouman nou fè vle tounen al jwenn ti lespri sa yo ki tou fèb, tou mizerab? Ki jan pou nou vle tounen esklav yo ankò? 10Ki jan fè gen jou, gen mwa, gen sezon, gen lanne ki gen pi konsekan pou nou pase lòt? 11Mwen pè pou nou anpil. Gen lè mwen te travay mal nan mitan nou? Se sa m'ap mande mwen. 12Frè m' yo, tanpri souple. Se pou nou vin tankou m', menm jan mwen menm tou mwen te vini tankou nou. Nou pa janm fè m' okenn tò. 13Nou chonje kisa ki te fè m' anonse nou bon nouvèl la pou premye fwa a? Se paske m' te malad. 14Lè sa a, malgre maladi m' lan ta ka yon eprèv pou nou, nou pa t' meprize m', ni nou pa t' repouse mwen. Okontrè, nou te resevwa m' tankou si m' te yon zanj Bondye, tankou si se Jezikri menm m' te ye. 15Lè sa a, nou pa t' manke kontan! Kisa ki rive nou konsa? Mwen ka di sa pou nou: si nou te gen pou n' te rache je nou ban mwen, nou ta fè li. 16Men koulye a, èske mwen tounen yon lènmi pou nou paske m'ap di nou laverite? 17Lòt moun sa yo enterese anpil nan nou, men lide yo gen dèyè tèt yo pa bon menm. Yo ta vle separe nou avè m' pou nou ka enterese nan yo ase. 18Sa bon pou nou enterese nan lòt moun tou, men fòk nou pa gen move lide nan tèt nou. Wi, se pou nou toujou enterese nan lòt moun, menm lè mwen pa nan mitan nou. 19Pitit mwen yo, m'ap soufri anpil pou nou toujou, tankou yon manman k'ap soufri doulè tranche, m'ap soufri pou nou jouk tan Kris la va fin fòme nèt nan nou. 20Jan m' ta renmen bò kote nou koulye a pou m' ta ka pale yon lòt jan avèk nou! Se pa ti kras pè mwen pè pou nou! 21Manyè di m', nou menm ki vle rete anba lalwa a: gen lè nou pa konprann sa lalwa a di? 22Li di nou konsa: Abraram te gen de pitit gason, yonn avèk fanm ki te esklav la, yon lòt avèk fanm ki pa t' esklav la. 23Pitit fanm ki te esklav la te fèt dapre egzijans lachè, men pitit fanm ki pa t' esklav la te fèt dapre pwomès Bondye. 24Nou ka pran istwa sa a pou yon parabòl: de fanm sa yo se de kontra. Aga se kontra ki te fèt sou Mòn Sinayi a. Tout pitit li yo se esklav yo ye. 25Aga se Mòn Sinayi nan peyi Arabi. Li koresponn ak lavil Jerizalèm ki la koulye a nan esklavaj ak tout pitit li yo. 26Men, Jerizalèm ki nan syèl la, li lib. Se li menm ki manman nou. 27Men sa ki ekri nan Liv la: Fè kè ou kontan, ou menm fanm ki pa t' ka fè pitit! Rele! Fè tout moun konnen jan ou kontan, ou menm ki pa t' janm konnen doulè tranche! Paske, fanm gason pa t' okipe a ap gen plis pitit pase fanm ki gen mari. 28Koulye a, frè m' yo, nou tankou Izarak: nou se pitit Bondye jan l' te pwomèt la. 29Nan tan Abraram, pitit ki te fèt dapre egzijans lachè a t'ap pèsekite pitit ki te fèt dapre Lespri Bondye a. Se konsa sa ye koulye a tou. 30Men, kisa ki ekri nan Liv la? Liv la di: Mete esklav la deyò ansanm ak tout pitit li a. Paske pitit esklav la pa gen dwa eritye nan byen papa a ansanm avèk pitit fanm ki pa t' esklav la. 31Konsa, frè m' yo, nou pa pitit esklav la, nou se pitit fanm ki pa t' esklav la.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Já não escravos, mas filhos

  • Este capítulo diz que Abraão teve dois filhos, um da escrava e outro da mulher livre, e que as duas mulheres representam duas alianças. Agar, a escrava, era egípcia, serva de Sara, dada a Abraão como segunda esposa; seu filho foi Ismael. Isaque, único filho de Abraão com Sara, é o filho da promessa ao qual o capítulo compara seus leitores.Fontes: o próprio texto bíblico · Hagar · Isaac
  • O capítulo identifica Agar com o monte Sinai, na Arábia, montanha também chamada Horebe. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) descreve essa região montanhosa como o lugar a que os hebreus chegaram no terceiro mês depois do Êxodo, onde acamparam cerca de um ano, e situa a península do Sinai na Arábia Ocidental.Fontes: o próprio texto bíblico · Mount Sinai · Arabia
  • O capítulo contrapõe a Jerusalém do seu próprio tempo, que diz estar escravizada com os seus filhos, à Jerusalém do alto, que chama de livre. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) a chama de cidade santa e de cidade de Deus, e diz que o nome, na forma dual, significa posse da paz ou fundação da paz, referindo-se provavelmente aos montes Sião e Moriá ou, como alguns supõem, à cidade alta e à cidade baixa.Fontes: o próprio texto bíblico · Jerusalem

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Arabia · Hoje: Arabia Petraea · 30.070, 35.350 · versículo 25
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 25, 26

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.