Nations Bible

Esdras 10

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Esdras menm te ajenou toujou, fas atè, devan Kay Bondye a, li t'ap lapriyè. Dlo nan je, li t'ap rekonèt tout fòt pèp la te fè devan Bondye. Pandan li t'ap fè sa, yon foul moun pèp Izrayèl la, gason, fanm ak timoun, vin sanble fè wonn bò kote l'. Dlo t'ap ponpe nan je yo tout. 2Le sa a, Chekanya, pitit gason Jeyèl la, nan branch fanmi Elam lan, pran lapawòl. Li di Esdras konsa: -Nou trayi Bondye nou an vre lè nou pran fanm lòt nasyon k'ap viv nan peyi a pou madanm nou. Men malgre sa, mwen kwè gen espwa toujou pou pèp Izrayèl la. 3Nou tout pral pran angajman an piblik devan Bondye pou nou ranvwaye tout medam sa yo ansanm ak pitit yo fè pou nou. Wi, mèt, nou pral swiv konsèy ou menm ak lòt moun ki gen respè pou kòmandman Bondye nou an te ban nou. Se pou nou fè tou sa lalwa Bondye a mande nou fè. 4Leve non! Se ou menm ki pou regle bagay sa a. N'ap kanpe la avè ou! Kouraj! Annavan! 5Lè sa a, Esdras leve, li fè chèf prèt yo, chèf moun Levi yo ak tout rès moun yo sèmante yo pral fè sa Chekanya te di a. Yo sèmante vre. 6Apre sa, Esdras ale lakay Jokanan, pitit gason Eliyachib la, sou devan tanp Bondye a. Li pase nwit lan la, san manje, san bwè, paske li te nan gwo lapenn dèske moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a pa t' kenbe pawòl yo. 7Yo fè yon piblikasyon nan tout peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm, pou mande tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a pou yo tout te reyini lavil Jerizalèm. 8Si yon moun kite twa jou pase li pa moute, tout chèf yo ak tout moun ki an tèt branch fanmi yo te dakò pou yo te sezi tout byen moun sa a, pou yo te fè tanp Bondye a kado l', lèfini pou yo pa t' konsidere l' tankou moun sosyete a ankò avèk rès moun ki te tounen soti kote yo te depòte yo a. 9Nan twa jou vre, ki te ventyèm jou nan nevyèm mwa a, tout gason ki t'ap viv sou pòsyon tè ki te pou branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo te sanble lavil Jerizalèm. Yo rete sou plas piblik ki devan tanp Bondye a. Yon gwo lapli t'ap tonbe. Tout moun t'ap tranble, yo te frèt, men yo te pè tou paske se te yon gwo zafè. 10Lè sa a, Esdras, prèt la, leve, li di yo: -Lè nou marye ak fanm lòt nasyon yo, se trayi nou trayi Bondye. Se mete nou mete sou tou sa k'ap fèt mal deja nan mitan pèp Izrayèl la. 11Men koulye a, rekonèt devan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, sa nou fè ki mal la. Fè sa li vle nou fè a: pran distans nou ak moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a. Separe ak fanm nou te pran pami lòt nasyon yo pou madanm. 12Tout pèp la pran reponn byen fò: -Wi. N'ap fè tou sa ou mande nou fè! 13Men pèp la anpil. Se sezon lapli. Nou pa ka rete deyò a konsa. Epitou, se pa bagay k'ap pran yon jou osinon de jou, paske gen anpil nan nou ki koupab nan zafè sa a. 14Se pou chèf nou yo rete isit la nan plas nou pou regle bagay la. Nan dat y'a fikse a, tout moun nan peyi a ki marye ak yon fanm lòt nasyon va vin parèt devan yo. Chèf fanmi yo ak jij k'ap dirije lavil kote moun lan rete a va vin avè l'. Konsa konsa, jouk kòlè Bondye ki te tonbe sou nou poutèt bagay sa a va bese. 15Tout moun te dakò esepte Jonatan, pitit gason Asayèl, ak Jaksya, pitit gason Tikva a, ki te kont. Machoulam ak Chabtayi, yon moun Levi, te pran pozisyon ak yo tou. 16Men, moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a te dakò ak sa yo te mande yo fè a. Esdras, prèt la, fè chwazi kèk moun ki te chèf branch fanmi pou ede l' nan travay la. Li pran non yo sou lis. Epi se konsa, depi premye jou dizyèm mwa a yo chita nan tribinal, y'ap egzaminen ka chak moun yonn apre lòt. 17Apre twa mwa, jou pou jou, lè premye jou premye mwa a rive, yo te fin regle zafè tout moun ki te marye ak fanm lòt nasyon yo. 18Men lis gason ki te marye ak fanm lòt nasyon yo: Pami prèt yo, nan branch fanmi Jozye a, pitit Jeozadak la ak nan branch fanmi frè l' yo, te gen Maseja, Elyezè ak Gedalya. 19Yo fè sèman y'ap ranvwaye madanm yo, epi yo ofri yon belye mouton bay Seyè a pou mande li padon pou fòt yo te fè a. 20Nan branch fanmi Imè a te gen Anani ak Zebadya. 21Nan branch fanmi Arim lan, te gen Maseja, Elija, Chemaja, Jeyèl ak Ouzya. 22Nan branch fanmi Pachou an, te gen Elyeyoenayi, Maseja, Jichmayèl, Netaneyèl, Jozabad ak Eleaza. 23Pami moun Levi yo, te gen Jozabad, Chimeyi, Kelaya (yo te rele l' Kelita tou), Petaja, Jeouda ak Elyezè. 24Pami sanba yo, te gen Elijachib. Pami gad tanp yo, te gen Chaloum, Telèm ak Ouri. 25Pami rès pèp la, nan branch fanmi Pareòch la, te gen Ramya, Jizija, Malkija, Mijamen, Eleaza, Malkija ak Benaja. 26Nan branch fanmi Elam lan, te gen Natanya, Zekarya, Jeyèl, Abdi, Jeremòt ak Elija. 27Nan branch fanmi Zatou a, te gen Elyeyoenayi, Elyachib, Matanya, Jeremòt, Zabad ak Azisa. 28Nan branch fanmi Bebayi a, te gen Yokanan, Ananya, Zabayi a ak Atlayi. 29Nan branch fanmi Bani an, te gen Mechoulam, Malouk, Adaja, Jachoub, Cheal ak Jeramòt. 30Nan branch fanmi Pakat m'oab la, te gen Adna, Kelal, Benaja, Machiya, Matanya, Bezaleyèl, Bennwi ak Manase. 31Nan branch fanmi Arim lan, te gen Elyezè, Jichija, Malkija, Chemaja, Simeyon, 32Benjamen, Malouk ak Chemarya. 33Nan branch fanmi Achoum lan, te gen Matenayi, Matata. Zabab, Elifelèt, Jeremayi, Manase ak Chimèyi. 34Nan branch fanmi Bani an, te gen Madayi, Amram, Ourèl, 35Benaja, Bedeja, Kelwit, 36Vanya, Meremòt, Elyachib, 37Matanya, Matenayi ak Jasayi. 38Nan branch fanmi Bennwi a, te gen Chimèyi, 39Chelemija, Natan, Adaja, 40Maknadebayi, Chachayi, Charayi, 41Azaryèl, Chelemya, Chemarya, 42Chaloum, Amarya ak Jozèf. 43Nan branch fanmi Nebo a te gen Jeyèl, Matitya, Zabab, Zebina, Jadayi, Joèl ak Benaja. 44Tout mesye sa yo te marye ak fanm lòt nasyon. Yo ranvwaye medam yo ansanm ak tout pitit yo te fè pou yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A assembleia e o juramento de separação

  • Para tratar da questão dos casamentos mistos, os líderes emitiram uma proclamação exigindo que todos os exilados em Judá e Benjamim se reunissem em Jerusalém em até três dias, sob pena de confisco de bens e expulsão da comunidade. Ao se reunirem na praça diante da casa de Deus, as pessoas tremiam tanto pela gravidade da situação quanto pela chuva intensa.Fontes: o próprio texto bíblico · Jerusalem
  • Como a grande multidão não podia permanecer ao ar livre durante o período de chuvas de inverno, a comunidade organizou um inquérito formal. Esdras e os chefes de família designados examinaram os casos cidade por cidade ao longo de três meses inteiros, do primeiro dia do décimo mês ao primeiro dia do primeiro mês.Fontes: o próprio texto bíblico · Ezra
  • O capítulo e o livro se encerram com um registro minucioso de mais de cem homens que haviam tomado mulheres estrangeiras. A lista demonstra que os casamentos mistos atingiram todos os níveis da sociedade pós-exílica, incluindo descendentes da linhagem sacerdotal, levitas, cantores do templo, porteiros e cidadãos comuns.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 7, 9

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.