Nations Bible

Ezequiel 45

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Lè n'a separe peyi a pou nou bay chak branch fanmi pa yo, se pou nou kite yon pòsyon n'a mete apa nèt pou Seyè a. Pòsyon tè sa a va gen douz kilomèt edmi longè sou dis kilomèt lajè. Tout zòn lan va rete apa nèt pou Seyè a. 2Sou pòsyon tè sa a va gen yon anplasman kare kare pou Tanp lan. L'a gen witsankarant (0840) pye chak bò, ak yon espas katrevenkat pye lajè k'ap rete vid san anyen sou li toutotou anplasman an. 3N'a separe pòsyon tè Seyè a an de moso menm gwosè, chak moso va gen douz kilomèt edmi longè sou senk kilomèt lajè. Se nan premye mwatye a n'a chwazi anplasman pou bati Tanp lan, kay yo mete apa nèt pou Seyè a. 4Se pòsyon sa a n'a kite apa nèt pou Seyè a. Se li ki va pou prèt yo k'ap sèvi kote ki apa pou Bondye a epi k'ap fè sèvis pou Seyè a nan Tanp lan. Se sou li y'a bati kay yo. Se la y'a chwazi anplasman pou Tanp lan. 5Lòt mwatye a ki gen douz kilomèt edmi longè sou senk kilomèt lajè tou va rete pou moun Levi yo k'ap travay nan Tanp lan. Se la y'a bati kay pou yo rete. 6Tou kole ak pòsyon tè Bondye a, n'a wete yon lòt pòsyon ki va gen douz kilomèt edmi longè, de kilomèt edmi lajè. Se la n'a bay pou bati kay kote nenpòt moun nan pèp Izrayèl la ka rete. 7Y'a wete yon pòsyon tè pou wa a tou. L'ap an de moso, yonn sou bò solèy kouche adwat pòsyon tè Seyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon lanmè ki sèvi fwontyè sou bò solèy kouche a, yon lòt sou bò solèy leve agoch pòsyon tè Seyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon fwontyè ki sou bò solèy leve a. Antou, l'ap menm gwosè ak pòsyon tè yo bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la. 8Se pòsyon tè sa a y'a bay wa a nan peyi Izrayèl la pou rele l' pa l'. Konsa, li p'ap bezwen peze pèp mwen an ankò. L'a kite rès peyi a pou branch fanmi pèp Izrayèl la. 9Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Nou menm, chèf peyi Izrayèl la, nou fè kont peche nou. Sispann maltrete moun, sispann pran sa ki pa pou nou. Fè sa ki dwat, pa fè lenjistis. Pa mete pèp la deyò sou tè ki pou li a. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di nou sa. 10Se pou tout moun sèvi ak bon pwa, ak bon mezi san madou. 11Mezi efa ki sèvi pou grenn yo fèt pou gen menm valè ak mezi bat ki sèvi pou likid yo. Gwo mezi a se omè a. Sa ban nou yon omè egal dis efa, egal dis bat. 12Pou pwa yo, n'a gen vin gera egal yon chekèl, swasant chekèl egal yon mina. 13Men ki jan n'a mezire ofrann nou yo. Pou ble a, n'a bay yon mezi pou chak swasant mezi nou rekòlte. Pou lòj la, n'a bay yon mezi pou chak swasant mezi nou rekòlte. 14Pou lwil oliv la, n'a bay yon mezi pou chak san mezi lwil pye oliv yo bay. N'a mezire lwil la ak mezi bat la: dis bat pou yon omè, osinon pou yon kò. 15Pou mouton yo, n'a bay yonn pou chak desan (0200) mouton yon fanmi genyen. Se pou nou fè ofrann grenn jaden yo, ofrann bèt pou yo boule nèt, ak ofrann bèt pou yo touye pou di mèsi, pou Bondye ka padonnen peche nou yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki bay lòd sa a. 16Tout moun nan peyi a fèt pou pote ofrann sa yo bay wa k'ap gouvènen pèp Izrayèl la. 17Se devwa wa a pou li bay bèt pou yo boule nèt, grenn jaden, ak diven pou yo ofri pou tout pèp Izrayèl la pou fèt lalin nouvèl yo, pou jou repo m' yo ak pou tout lòt fèt yo. Se li ki pou bay ofrann pou mande Bondye padon, ofrann grenn jaden, ofrann pou yo boule nèt ak ofrann pou di mèsi, pou Bondye ka wete peche pèp Izrayèl la. 18Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Chak premye jou nan premye mwa lanne a, se pou nou touye yon towo bèf san ankenn enfimite bay Bondye, pou mete Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. 19Prèt la va pran ti gout nan san bèt yo ofri pou mande Bondye padon an, l'a mete sou de poto ki bò pòtay Tanp lan, sou kat kwen lotèl la, sou tout poto pòtay ki mennen nan ti lakou anndan an. 20Sou setyèm jou mwa a, se pou nou fè menm bagay la ankò pou tout moun ki fè peche san yo pa konnen, osinon san yo pa fè espre. Se konsa n'a kenbe Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. 21Sou katòzyèm jou premye mwa a, n'a konmanse ak seremoni pou fèt Delivrans lan. Pandan sèt jou, se pou tout moun manje pen san ledven. 22Sou premye jou fèt la, wa a gen pou l' ofri yon towo bèf pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche l' yo ak pou peche tout pèp la. 23Chak jou, pandan sèt jou fèt la, se pou l' ofri sèt towo bèf ak sèt belye mouton san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Chak jou, l'a bay yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche yo. 24Pou chak towo bèf ak pou chak belye mouton yo gen pou yo touye, se pou yo ofri yon demi mezi grenn jaden ak twaka yon mezi lwil oliv. 25Pou fèt Joupa yo, ki konmanse nan kenzyèm jou setyèm mwa a, wa a va fè menm bagay la tou chak jou, pandan sèt jou: ofrann pou mande Bondye padon, ofrann bèt pou boule nèt yo, ofrann grenn jaden yo ak ofrann lwil oliv yo.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A porção santa da terra e a liderança justa

  • A visão estabelece um distrito sagrado dedicado ao santuário, com terras designadas para sacerdotes, levitas e a cidade, ladeado por propriedades para o príncipe, para que os governantes não desapropriassem nem oprimissem o povo.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O texto exige justiça econômica ao padronizar as medidas comerciais, fixando tanto o bate líquido quanto o efa seco em um décimo de um ômer, e definindo uma mina como sessenta siclos.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Em vez de exigir sacrifícios para benefício próprio, o príncipe é encarregado de fornecer as ofertas comunitárias de cereais, azeite e animais para as festas fixas, os sábados e a Páscoa.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Most Holy Place · Hoje: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículo 3

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.