Nations Bible

Ezequiel 42

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Apre sa, nonm lan mennen m' nan gwo lakou deyò a. Li fè m' antre nan yon gwo batisman ki sou bò nò tanp lan, pa twò lwen kay ki sou bò solèy kouche Tanp lan. 2Batisman sa a te gen sanswasantwit pye longè, katrevenkat pye lajè. 3Sou yon bò te gen yon galeri trannkat pye lajè ki fè wonn Tanp lan. Sou lòt bò a, te gen pave gwo lakou deyò a. Kay la te yon chanmòt twa etaj, chak etaj te pi dèyè pase etaj anba l' la. 4Pòt chanm yo te bay sou bò nò, yo te louvri sou yon koridò sèz pye lajè, sanswasantwit pye longè ki pase devan chanm yo. 5Chanm ki te nan etaj anwo nèt la te pi fèmen pase chanm ki te nan etaj mitan an ak chanm ki te nan etaj anba nèt la, paske yo te bati plis sou dèyè. 6Nan tout twa etaj yo, pyès ki te anwo nèt la te pi fèmen pase sa ki te nan mitan an ak sa ki te anba nèt la. Yo pa t' gen poto pilye pou sipòte yo tankou lòt kay yo nan lakou a. 7Miray deyò Tanp lan, sou anba nèt, sou menm nivo ak premye etaj la, te gen katrevenkat pye epesè, ki vle di mwatye lajè gwo kay nò a. 8Anwo nèt, pyès yo te pran tout lajè kay la. Paske fasad devan kay la te gen sanswasantwit pye. 9Anba chanm yo, sou bò solèy leve kay la, kote miray la konmanse a, te gen yon pòtay pou antre nan gwo lakou deyò a. 10Sou bò sid Tanp lan, te gen yon lòt gwo batisman tankou premye a, toupre gwo pyès ki sou bò solèy kouche Tanp lan. 11Devan chanm yo, te gen yon koridò tankou pou kay ki sou bò nò a. Li te gen menm longè, menm lajè avè l', menm fòm, ak menm pozisyon pou pòt yo ak fennèt yo. 12Te gen yon pòt nan chanm yo sou bò sid kay la ki louvri sou koridò nan pwent bò solèy leve a, kote miray la konmanse a. 13Lè sa a, nonm lan di m': -De gwo kay sa yo, yonn sou bò nò, yonn bò sid, se chanm ki mache ak chanm yo met apa pou Seyè a. Se la prèt k'ap sèvi devan lotèl Seyè a manje ofrann yo mete apa pou Seyè a. Chanm sa yo fèt pou rete apa pou Seyè a tou. Se la prèt yo pral met ofrann yo met apa pou Seyè a, ofrann grenn jaden osinon bèt yo ofri bay Seyè a pou mande l' padon pou peche osinon pou peye pou sa yo te fè ki mal, paske kay sa a apa pou Seyè a. 14Lè prèt yo fin sèvi nan Tanp lan, anvan yo soti nan gwo lakou deyò a, se pou yo ale nan kay sa a pou yo mete rad seremoni yo te gen sou yo pandan sèvis la, paske rad sa yo se rad ki apa pou Seyè a. Se pou yo mete lòt rad sou yo anvan yo soti nan zòn kote pèp la rasanble a. 15Lè nonm lan fin mezire tout anndan Tanp lan, li soti avè m' nan pòtay bò solèy leve a, epi li mezire gwo lakou ki fè wonn Tanp lan. 16Li pran baton pou mezire a, li pran mezi fasad ki bay sou solèy leve a. Li jwenn witsankarant (0840) pye. 17Apre sa, li mezire bò ki bay sou nò a, li jwenn witsankarant (0840) pye tou. 18Apre sa, li mezire bò ki bay sou sid la, li jwenn witsankarant (0840) pye. 19Lèfini, li mezire bò ki bay sou solèy kouche a, li jwenn witsankarant (0840) pye tou. 20Konsa, li jwenn miray ki te fè wonn tanp lan ansanm ak gwo lakou a te kare kare, witsankarant (0840) pye chak bò. Miray la te sèvi pou separe sa ki te apa pou Seyè a ak sa yo pa t' mete apa pou Seyè a.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

As câmaras sacerdotais e os limites do templo

  • No templo visionário de Ezequiel, as câmaras de três andares voltadas para o pátio serviam como aposentos sagrados onde os sacerdotes comiam as ofertas santíssimas, como ofertas de cereais, pelo pecado e pela culpa. Os sacerdotes deviam deixar suas vestes de ministério nesses aposentos e trocar de roupa antes de entrar nas áreas destinadas ao povo.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O perímetro externo da área do templo foi medido com uma vara de medição em todos os quatro lados, cada um com quinhentos côvados. Esse muro ao redor tinha a função de separar o recinto sagrado do espaço comum.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Holy Place · Hoje: on Mount Moriah · 31.778, 35.236 · versículo 14

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.