Nations Bible

Ezequiel 37

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Lespri Bondye a pran m', li mennen m' nan yon fon ki te plen zosman. 2Li fè m' pwonmennen nan tout fon an, nan mitan zosman yo. Mwen wè te gen anpil anpil zosman atè nan fon an. Zosman yo te fin chèch nèt. 3Li di m' konsa: -Nonm o! Eske zosman sa yo ka tounen vivan ankò? Mwen reponn: -Seyè sèl Mèt la, se ou ki konnen! 4Lè sa a, li di m' konsa: -Bay mesaj sa a pou zosman yo. W'a di zosman ki fin chèch yo pou yo koute pawòl Seyè a. 5Wi, men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral fè yon van soufle sou nou pou nou ka tounen vivan ankò. 6M'ap mete venn sou nou, m'ap fè vyann pouse sou nou, m'ap kouvri nou ak po. M'ap mete souf nan nou, m'ap fè nou viv ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 7Mwen bay mesaj Bondye a jan li te ban m' lòd la. Antan m'ap pale konsa, mwen tande yon gwo bri, zosman yo pran deplase jouk yo jwenn plas yo yonn bò kote lòt. 8Mwen gade, mwen wè zosman yo te gen venn sou yo. Vyann t'ap pouse sou yo. Lèfini po kouvri yo tout. Men pa t' gen souf nan yo. 9Bondye di m' konsa: -Nonm o! Bay mesaj Bondye a, pale ak van an. W'a di li men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li: Vini non! Soti nan kat bòn direksyon yo. Soufle sou tout mò sa yo, fè yo tounen vivan ankò. 10Se konsa, mwen bay mesaj la, jan li te ban m' lòd la. Souf la antre nan kadav yo, yo vin vivan ankò, yo kanpe sou de pye yo. Te gen anpil anpil moun, kont pou fè yon gwo lame. 11Bondye di mwen: -Nonm o! Moun pèp Izrayèl yo tankou zosman sa yo. Y'ap di: Nou fin deperi, nou pa gen espwa ankò. Nou fini nèt. 12Se poutèt sa, ba yo mesaj sa a. Di yo konsa: Men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral louvri tonm yo. Mwen pral fè yo soti ladan yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi Izrayèl la. 13Wi, m'a louvri tonm kote pèp mwen an te antere a, m'a fè yo soti nan tonm yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 14M'ap mete souf mwen nan yo, m'ap fè yo tounen vivan ankò. M'ap fè yo tounen nan peyi pa yo a. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Seyè a ki pale. Sa m' te di m'ap fè a, m'ap fè l' vre. Se Seyè a menm ki di sa. 15Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 16-Nonm o! Pran yon moso bwa. Ekri sou li: Jida ak moun pèp Izrayèl k'ap mache avè l' yo. Lèfini, pran yon lòt moso bwa. Ekri sou li: Jozèf osinon Efrayim ak tout moun pèp Izrayèl k'ap mache avè l' yo. 17Pran de moso bwa yo, kole yo bout pou bout, kenbe yo yon jan pou yo parèt tankou si se yon sèl bout bwa ou gen nan men ou. 18Lè moun pèp ou yo va mande ou: Manyè di nou sa sa vle di. 19W'a di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di nou: Mwen pral pran bout bwa ki kanpe pou Jozèf osinon Efrayim ansanm ak branch fanmi Izrayèl k'ap mache ak li yo, m'ap mete l' ansanm ak bout bwa Jida a. M'ap fè yo fè yon sèl bout bwa. Epi, m'ap kenbe yo nan men mwen. 20Kenbe de bout bwa yo nan men ou pou tout pèp la ka wè yo. 21Lèfini, w'a di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral mache chache dènye moun pèp mwen an nan mitan tout nasyon kote yo te ale a. M'ap sanble yo soti toupatou, m'ap mennen yo tounen nan peyi pa yo a. 22M'ap fè yo tounen yon sèl pèp nan peyi a ankò, sou mòn Izrayèl yo. Yo pral gen yon sèl wa pou gouvènen yo. Yo p'ap fè de peyi ankò. Yo p'ap fè de gouvènman ankò. 23Yo pa pral avili tèt yo ankò nan fè sèvis pou zidòl, nan fè bagay derespektan devan Bondye, nan fè sa yo pa t' gen dwa fè. M'ap delivre yo anba tout zidòl ki te fè yo vire do ban mwen an, ki te fè yo fè peche a. M'ap mete yo nan kondisyon pou yo ka sèvi m' ankò. Y'ap tounen yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm, m'ap Bondye yo. 24Yon wa, tankou David, sèvitè m' lan, va chèf yo. Yo tout pral fè yonn anba yon sèl gadò. Y'a mache dapre lòd mwen ba yo, y'a fè tou sa mwen mande yo fè, y'a kenbe prensip mwen yo. 25Y'ap rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m' lan, peyi kote zansèt yo te viv la. Yo pral viv la pou tout tan, yo menm, pitit yo ak pitit pitit yo pou tout tan. Se yon wa, tankou David, sèvitè m' lan, ki pral gouvènen yo pou tout tan gen tan. 26M'ap pase yon kontra ak yo k'ap garanti yo lavi ak kè poze pou tout tan. M'ap mete yo kanpe ankò, m'ap fè yo peple. M'ap fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo. 27Se la m'ap viv avèk yo. Se mwen menm k'ap Bondye yo. Yo menm, se pèp ki rele m' pa m' lan y'ap ye. 28Wi, m'a fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo. Lè sa a, lòt nasyon yo va konnen se mwen menm, Seyè a, ki te chwazi pèp Izrayèl la pou l' te ka viv apa pou mwen.

Você sabia?

O Vale de Ossos Secos e a Restauração de Israel

  • Ezequiel é levado pelo Espírito a um vale repleto de ossos secos, que Deus identifica como toda a casa de Israel, que se sentia desprovida de esperança. Por meio das palavras do profeta, os ossos se unem, recebem carne e pele, e ganham o fôlego trazido pelos quatro ventos, simbolizando Deus tirando o povo do exílio e restaurando-o em sua terra.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Deus ordena a Ezequiel que escreva em dois pedaços de madeira separados — um representando Judá e o outro representando José e Efraim — e os junte em uma só mão. Essa ação simboliza a reunificação dos reinos do norte e do sul em uma única nação, governada por um único pastor chamado Davi.Fontes: o próprio texto bíblico · Ephraim · David
  • O povo restaurado recebe a promessa de habitar para sempre na terra dada ao patriarca Jacó, sob uma aliança eterna de paz. Deus afirma que colocará o seu santuário no meio deles para sempre, servindo como testemunho de sua santificação diante das nações.Fontes: o próprio texto bíblico · Jacob (Israel)

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.