Ezequiel 25
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 2-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Amon an. Denonse sa moun sa yo ap fè. 3W'a di moun peyi Amon yo: Koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Nou te twò kontan lè yo te derespekte kay ki apa pou mwen an. Nou te twò kontan lè yo t'ap devalize peyi Izrayèl la, lè yo t'ap depòte moun Jida yo. 4Se poutèt sa m'ap lage nou nan men moun ki soti nan dezè bò solèy leve a. Yo pral moute kan yo nan mitan peyi nou an, se la y'ap rete. Yo pral manje tout rekòt nou yo, y'ap bwè tout lèt bèt nou yo. 5M'ap fè lavil Raba tounen savann pou chamo. M'ap fè tout peyi Amon an tounen yon gwo pak mouton. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 6Men sa Seyè sèl Mèt la di: Nou te bat men, nou te danse tèlman nou te kontan, paske, nan kè nou, nou pa vle wè peyi Izrayèl la. 7Se poutèt sa m'ap lonje men m' sou nou pou m' pini nou, m'ap lage nou nan men moun lòt nasyon k'ap piye nou. Ras nou an ap fini nèt sou latè, peyi nou an ap disparèt. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 8Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Moun peyi Moab yo ak moun lavil Seyi yo te di peyi Jida a tankou tout lòt nasyon yo. 9Enben, mwen pral fè yo atake lavil k'ap defann fwontyè peyi Moab la. Yo pral kraze yo tout, ata pi bèl vil yo tankou Bèt-Jechimòt, Baal Meon ak Kiriya-Tayim. 10M'ap lage peyi Moab ansanm ak peyi Amon nan men moun ki soti nan dezè bò solèy leve a. Y'ap pran yo pou yo. Konsa, yo p'ap janm chonje te gen yon peyi yo te rele Moab ankò sou latè. 11Se konsa m'ap pini peyi Moab la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 12Seyè sèl Mèt la pale, li di konsa: -Moun peyi Edon yo te tire revanj yo sou peyi Jida a. Se sa ki fè yo antò anpil lè yo t'ap tire revanj yo sou peyi Jida a. 13Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la ap di: Mwen pral lonje men m' sou Edon pou m' pini l', mwen pral touye dènye moun ak dènye bèt nan peyi a. M'ap fè l' tounen yon dezè, pran depi lavil Teman rive jouk lavil Dedan. Yo pral touye tout moun nan lagè. 14Se pèp mwen an, pèp Izrayèl la, ki pral tire revanj pou mwen sou peyi Edon an. Li pral fè moun Edon yo santi jan mwen konn ankòlè, jan m' konn move. Lè sa a, Edon va konnen jan m' konn tire revanj mwen sou moun. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale. 15Seyè sèl Mèt la di konsa: -Moun Filisti yo pran revanj yo, yo tire revanj sou moun yo pa vle wè depi lontan yo, yo detwi yo avèk raj. 16Enben, men sa Seyè sèl Mèt la di: M'ap lonje men m' sou moun Filisti yo pou m' pini yo, m'ap disparèt yo, m'ap detwi ti rès moun ki rete nan plenn Filisti ki bò lanmè a. 17Se pa ti pini m' pral pini yo, m'ap tire revanj mwen sou yo. M' pral move anpil sou yo. Lè m'a tire revanj mwen sou yo, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Você sabia?
Julgamentos sobre as Nações Vizinhas
- Amom ficava a leste do rio Jordão e tinha Rabá como sua cidade principal. Ezequiel profetizou que, por ter zombado da queda de Jerusalém e da profanação do santuário, seu território e sua capital seriam entregues a tribos nômades do Oriente como pastagens para camelos e ovelhas.Fontes: o próprio texto bíblico · Ammon · Rabbah · East
- As regiões vizinhas de Moabe e do monte Seir — a terra montanhosa habitada pelos descendentes de Esaú — foram repreendidas por afirmarem que Judá era igual a todas as outras nações. Ezequiel advertiu que suas cidades fronteiriças ficariam desprotegidas e seriam entregues aos povos do Oriente.Fontes: o próprio texto bíblico · Moab · Seir · Esau (Edom)
- O capítulo se encerra com julgamentos divinos contra Edom e os filisteus, condenando ambos os povos por agirem movidos por uma antiga hostilidade e por buscarem vingança maldosa contra Judá em seu momento de calamidade.Fontes: o próprio texto bíblico · Edom
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículos 2, 3, 5, 10
- East · Hoje: region around Amman · 31.955, 35.934 · versículos 4, 10
- Rabbah · Hoje: Amman · 31.955, 35.934 · versículo 5
- Moab · Hoje: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículos 8, 9, 10, 11
- Edom · 30.746, 35.604 · versículos 12, 13, 14
- Philistia · 31.664, 34.546 · versículo 15
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org