Ester 4
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Lè Madoche pran nouvèl tou sa ki t'ap pase, sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad sou li. Li mete yon rad sak anwo li ak sann dife sou tèt li, li pran lari pou li, li t'ap rele, li t'ap plenn byen fò. 2Li rive devan pòtay palè a. Li pa antre, paske moun pa gen dwa antre anndan kay wa a ak rad sak sou yo. 3Nan tout pwovens yo, toupatou kote yo te pibliye lòd wa a, se te yon gwo lafliksyon pou jwif yo. Yo fè jèn, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn. Anpil ladan yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife. 4Lè sèvant Estè yo ansanm ak domestik konfyans li yo al di li sa Madoche t'ap fè, sa te boulvèse li anpil. Estè voye bon rad bay Madoche pou li te ka wete rad sak la sou li. Men Madoche derefize. 5Lè sa a, Estè rele Atach, yonn nan domestik konfyans wa a te ba li pou sèvis li, li voye l' bò kote Madoche pou konnen sa k'ap pase ak poukisa l'ap fè sa. 6Atach al jwenn Madoche sou plas piblik ki te devan pòtay palè wa a. 7Madoche rakonte l' tou sa ki te rive l', ki jan Aman te pwomèt pou l' te bay anpil lajan pou mete nan kès wa a si wa a te dakò pou yo masakre tout jwif yo. 8Li bay Atach yon kopi lòd wa a yo te pibliye lavil Souz la, ki te mande pou yo te detwi tout jwif yo. Madoche mande l' pou l' pote kopi piblikasyon an bay Estè, pou li esplike l' sitiyasyon an, lèfini pou Estè al bò kot wa a pou pale avè l', pou mande l' gras pou pèp li a. 9Atach al di Estè tou sa Madoche te di l'. 10Estè menm voye Atach di Madoche konsa: -Pèsonn, li te mèt fanm li te mèt gason, pa gen dwa antre nan lakou anndan palè a pou wè wa a, si se pa wa a ki voye chache l'. Si yon moun fè sa, y'ap touye l'. Se lalwa. 11Tout moun k'ap travay ak wa a ansanm ak tout pèp lòt peyi ki sou lòd li yo konn sa. Sèl jan pou l' pa mouri se si wa a lonje baton an lò a bay moun lan. Mwen menm, gen yon mwa depi wa a pa mande pou mwen. 12Lè Atach bay Madoche mesaj Estè a, 13Madoche voye repons sa a bay Estè: -Pa mete nan tèt ou lè y'ap touye jwif yo w'ap chape paske se lakay wa a ou rete. 14Si ou konprann pou fèmen bouch ou nan yon ka konsa, Bondye ap toujou delivre pèp jwif la. Y'a sove, men ou menm, w'ap mouri epi fanmi ou ap disparèt. Ou pa janm konnen si se pa pou move pa sa a ou larenn jounen jòdi a. 15Estè voye reponn Madoche: 16-Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz; fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m' ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m' aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m' mouri, m'a mouri. 17Madoche ale, li fè tou sa Estè te di l' fè a.

Você sabia?
A Decisão de Ester de Interceder por Seu Povo
- Ao tomar conhecimento do decreto contra os judeus, Mardoqueu vestiu-se de pano de saco e cinzas, mas a lei real proibia expressamente a entrada de qualquer pessoa com trajes de luto pelo portão do rei.Fontes: o próprio texto bíblico
- Como a rainha Ester residia no palácio real e Mardoqueu permanecia do lado de fora em roupas de luto, a comunicação entre eles foi realizada por Hatáque, um eunuco real designado para servir a rainha.Fontes: o próprio texto bíblico · Hatach
- A lei da corte persa determinava que qualquer pessoa que entrasse no pátio interno diante do rei sem ter sido chamada seria executada, a menos que o monarca lhe estendesse o cetro de ouro para poupar sua vida.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org