Efésios 6
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Seyè a pou n' obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye. 2Respekte papa ou ak manman ou. Sa se premye kòmandman ki gen yon pwomès dèyè l': 3Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè. 4Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Seyè a. 5Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a avèk respè, avèk krentif, ak tout kè nou menm jan nou ta sèvi Kris la. 6Se pa sèlman lè yo la ap gade nou pou nou aji konsa, tankou moun k'ap achte figi. Lekontrè, fè sa Bondye vle nou fè a ak tout kè nou, tankou moun k'ap sèvi Kris la. 7Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t'ap travay, men pou Seyè a. 8Paske chonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou l' resevwa sa ki pou li nan men Seyè a, dapre bon travay li fè a. 9Nou menm mèt, se pou n' aji menm jan an tou ak moun k'ap sèvi nou yo. Pa fè yo okenn menas. Toujou chonje ni nou menm, ni domestik nou yo, nou gen yon sèl Mèt nan syèl la, ki pa gade sou figi moun. 10Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Seyè a ak nan gwo pouvwa li. 11Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. 12Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a. 13Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou. 14Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo. 15Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bon nouvèl k'ap fè moun viv ak kè poze a. 16Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou. 17Resevwa pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou. 18Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a. 19Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m' pale, pou m' ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bon nouvèl la. 20Nou mèt wè m' nan prizon koulye a, se Bondye ki ban m' misyon fè konnen bon nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m' ka pale avèk lasirans, jan m' dwe fè l' la. 21Tichik, frè nou renmen anpil la epi ki yon bon sèvitè nan travay Seyè a, va ban nou tout nouvèl mwen, pou nou ka konnen jan zafè m' ap mache. 22M'ap voye l' tout espre pou l' sa di nou kouman mwen ye, pou nou pa fin dekouraje, pou sa remoute kouraj nou. 23Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye. 24benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Seyè nou an, ak yon renmen ki p'ap janm fini.

Você sabia?
Deveres da casa, a armadura de Deus e Tíquico
- Este capítulo apresenta o mandamento de honrar pai e mãe como o primeiro que vem com uma promessa: que tudo vá bem e que se tenha longa vida na terra. Também pede aos pais que não provoquem os filhos à ira, mas que os criem na disciplina e na instrução do Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico
- O capítulo diz que a luta não é contra carne e sangue, mas contra governantes, autoridades, os poderes das trevas deste mundo e as forças espirituais do mal nas regiões celestiais. Os leitores são chamados a tomar toda a armadura de Deus — o cinto da verdade, a couraça da justiça, os pés preparados com a prontidão do evangelho da paz, o escudo da fé, o capacete da salvação e a espada do Espírito, que é a palavra de Deus — para ficarem firmes quando chegar o dia do mal.Fontes: o próprio texto bíblico
- Quem escreve pede oração para anunciar o evangelho sem medo, como embaixador em cadeias, e envia Tíquico, o irmão amado e servo fiel no Senhor, para contar aos leitores como ele está e animá-los. Tíquico é descrito como um cristão da Ásia que, com Trófimo, acompanhou Paulo em parte da viagem da Macedônia a Jerusalém e esteve com Paulo em Roma, de onde foi enviado a Éfeso, provavelmente para edificar e encorajar a igreja.Fontes: o próprio texto bíblico · Tychicus
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org