Nations Bible

Eclesiastes 10

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Mouch mouri gate tout boutèy odè. Yo fè l' santi. Konsa tou, yon sèl ti betiz ka fè tout gwo konesans ou pase pou anyen. Sa ka fè moun pa respekte ou ankò. 2Kè yon moun ki gen konprann toujou panche pou fè sa ki byen, men kè moun sòt toujou panche pou fè sa ki mal. 3Menm lè moun sòt ap mache nan lari, li egare, li fè tout moun wè se moun sòt li ye. 4Si chèf ou move sou ou, pa prese vire do ou ale. Si ou rete dousman, sa ka evite ou anpil malè. 5Men yon lòt move bagay mwen wè ankò sou latè, lèfini se chèf yo ki lakòz sa. 6Yo pran moun sòt mete yo nan gwo pozisyon, epi yo kite moun ki chaje ak konesans anba. 7Mwen wè esklav ap karakole sou chwal yo, epi chèf yo menm k'ap mache apye tankou esklav. 8Si ou fouye yon pi, se ou menm ki va tonbe ladan l'. Si ou kraze yon miray, se ou menm sèpan va mòde. 9Si w'ap koupe wòch karyann, w'a blese. Si w'ap fann bwa, malè ka rive ou. 10Si dan rach ou pa koupe, si ou pa file l', ou gen pou travay pi rèd lè w'ap sèvi avè l'. Men bon konprann ap fè ou reyisi nan sa w'ap fè. 11Ou te mèt konn chame sèpan, sa p'ap sèvi ou anyen si ou kite l' gen tan mòde ou. 12Pawòl ki soti nan bouch yon moun ki gen konprann sèvi yon lwanj pou li. Men pawòl nan bouch moun sòt ap lakòz lanmò yo. 13Lè yo konmanse pale, se betiz y'ap di. Men lè y'ap fini, se pawòl moun fou nèt y'ap di. 14Moun sòt renmen pale anpil. Pesonn pa konnen sa k'ap rive denmen. Pesonn pa ka di nou sa k'ap rive apre nou mouri. 15Moun sòt touye tèt li nan travay, li bliye chimen kay li. 16Ala malè pou yon peyi lè li gen yon timoun alatèt li, lè chèf li yo tonbe nan manje depi granmaten. 17Men, ala bon sa bon pou yon peyi lè wa a se moun ki soti nan bon ras, lè chèf li yo manje lè pou yo manje pou yo ka jwenn fòs, epi ki pa lage kò yo nan banbòch. 18Lè yon moun twò parese pou l' repare kay li, twati a ap koule, fetay la ap tonbe. 19Yo fè resepsyon pou yo pran plezi yo, yo bwè diven pou fè kè yo kontan, men se lajan ki penmèt yo fè tou sa. 20Pa kritike yon wa, pa menm nan kè ou. Pa kritike rich yo, pa menm anndan chanm ou. Paske raje gen zòrèy.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Sabedoria, Insensatez e Governança

  • O capítulo utiliza imagens vívidas da vida cotidiana antiga — como moscas mortas estragando o óleo do perfumista, serpentes escondidas em muros de pedra e machados cegos que exigem mais esforço físico — para demonstrar como pequenos erros ou a falta de habilidade podem arruinar grandes esforços.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O autor contrasta a boa e a má liderança, observando que uma terra sofre quando seu rei é inexperiente e seus príncipes banqueteiam logo pela manhã em vez de governarem com autocontrole.Fontes: o próprio texto bíblico
  • A advertência de que uma ave dos céus pode transportar palavras ditas contra um governante, mesmo em aposentos secretos, reflete a percepção antiga sobre espiões da corte e o perigo político da fala imprudente.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.