Deuteronômio 6
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Koulye a, men kòmandman, lòd ak prensip Seyè a, Bondye nou an, te mande pou yo moutre nou, pou nou te ka swiv yo nan peyi kote nou pral antre pou nou pran pou nou an. 2Konsa, ni nou menm, ni pitit nou yo, ni pitit pitit nou yo, n'a gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, n'a kenbe tout lòd ak tout kòmandman li ban nou yo, chak jou nan lavi nou. Se konsa n'a viv lontan. 3Koute byen sa m'ap di nou, nou menm pèp Izrayèl! Pa bliye yo. Fè tou sa mwen di nou fè. Se sa ki va fè nou viv ak kè kontan. Se sa ki va fè nou tounen yon gran nasyon nan bon peyi sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la. 4Koute byen, nou menm pep Izrayèl! Seyè a, Bondye nou an, se li ki sèl mèt. 5Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouraj nou. 6Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a. 7N'a moutre yo bay pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou chita lakay nou, kit n'ap mache sou granchemen, kit nou kouche nan kabann nou, kit nou kanpe ap travay. 8Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou sa pa janm bliye yo. 9N'a ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay lavil nou yo. 10Seyè a pral kenbe pwomès li te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo, li pral fè nou antre nan peyi li te fè sèman l'ap ban nou an. Se yon peyi kote n'a jwenn gwo bèl lavil nou pa t' bati, 11kote n'a jwenn kay plen bon bagay san se pa nou menm ki te mete yo la, avèk pi byen fon nou pa t' fouye, avèk jaden rezen ak jaden oliv nou pa t' plante. Lè sa a, lè n'a fin manje plen vant nou, 12fè atansyon pou nou pa bliye Seyè a, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te esklav la. 13Se pou Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm ase pou nou sèvi. Se non li sèlman pou nou pran pou fè sèman. 14Pa kouri dèyè lòt bondye. Piga n' al sèvi bondye pèp k'ap viv toupre nou yo. 15Paske Seyè a, Bondye ki rete nan mitan nou an, se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Si nou fè sa, l'a fache sou nou, l'a disparèt nou nèt sou latè. 16Piga nou sonde Seyè a, Bondye nou an, jan nou te fè l' bò Masa a. 17Se pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a ansanm ak tout lòd ak tout prensip li ban nou pou nou swiv. 18N'a fè sa ki dwat ak sa ki byen nan je Bondye pou nou ka gen kè kontan, pou nou ka pran bèl peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt nou yo, 19pou nou ka chase tout lènmi nou yo devan nou, jan li te pwomèt la. 20Yon jou, lè pitit nou yo va mande nou poukisa Seyè a, Bondye nou an, mande nou pou nou swiv tout lòd, tout prensip ak tout kòmandman sa yo, 21lè sa a, n'a di yo: Nou te esklav farawon an nan peyi Lejip. Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip la avèk fòs ponyèt li. 22Nou te wè ak je nou tout mèvèy ak tout mirak li te fè pou kraze peyi Lejip, ansanm ak farawon an ak tout moun pa l' yo. 23Men nou menm, li fè nou soti kote nou te ye a, li mennen nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo, epi li ban nou li. 24Apre sa, Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou kenbe tout prensip sa yo. Konsa, n'a gen krentif pou li, n'a viv ak kè kontan, epi l'a konsève lavi nou jan li fè sa pou nou jouk koulye a. 25Si nou vle fè Bondye plezi, se pou nou fè atansyon pou nou swiv tout kòmandman sa yo nèt, se pou nou mache devan Seyè a, Bondye nou an, jan li te mande nou an.
Você sabia?
Amar a Deus e Transmitir a Aliança
- A confissão central em Deuteronômio 6:4, conhecida como Shemá a partir da palavra hebraica para 'Ouve', declara que o Senhor é um. O texto ordena que os israelitas amem a Deus plenamente e integrem esses mandamentos na vida diária, falando deles em casa, no caminho, ao deitar e ao levantar.Fontes: o próprio texto bíblico
- Moisés adverte o povo a não colocar Deus à prova como fizeram em Massá, um nome que significa 'prova' ou 'tentação'. Isso se refere ao episódio no deserto em que os israelitas provocaram a Deus ao murmurar por falta de água.Fontes: o próprio texto bíblico · Massah
- Os pais são orientados a responder às perguntas dos filhos sobre as leis relembrando a libertação histórica da escravidão sob o Faraó no Egito. Essa memória compartilhada do livramento divino tinha como objetivo motivar a obediência e o temor contínuos.Fontes: o próprio texto bíblico · Pharaoh (of the Exodus)
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 1
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 12, 21, 22, 23
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org