Nations Bible

Deuteronômio 26

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Lè n'a rive nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou rele nou pa nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou pou nou rete ladan l', 2chak moun va pran premye donn tout pyebwa nan jaden li fè sou tè Seyè a, Bondye li a, va ba li, l'a mete yo nan yon panyen, epi l'a pote l' kote Seyè a te chwazi pou l' rete nan mitan nou an. 3Li aval jwenn prèt ki desèvis lè sa a, epi l'a di l': -Mwen deklare jòdi a, devan Seyè a, Bondye mwen an, mwen rekonèt mwen antre nan peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt nou yo. 4Prèt la va pran panyen an nan men li, l'a depoze l' devan lòtèl Seyè a, Bondye nou an. 5Lè sa a, moun k'ap fè ofrann lan va pran lapawòl devan Seyè a, Bondye nou an, l'a fè deklarasyon sa a: -Zansèt mwen te yon moun peyi Aram ki t'ap pwonmennen mache toupatou. Yon jou, li desann nan peyi Lejip ak moun pa l' yo ki pa t' anpil. Yo pase kèk tan nan peyi a, yo tounen yon gwo nasyon ki te fò ak anpil anpil moun ladan l'. 6Moun peyi Lejip yo tonbe maltrete nou, yo malmennen nou, yo fòse nou travay di tankou esklav. 7Lè sa a, nou rele Seyè a, Bondye zansèt nou yo, pou l' vin ede nou. Li tande lapriyè nou. Li wè nan ki mizè nou te ye, li wè tout lapenn ki te nan kè nou, li wè jan yo t'ap peze nou. 8Seyè a fè nou soti kite peyi Lejip la ak gwo fòs ponyèt li, li te fè anpil mirak ak anpil mèvèy, bagay ki te fè moun pè anpil. 9Apre sa, li mennen nou isit la, li ban nou bèl tè sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo. 10Se sa ki fè koulye a, Seyè, mwen pote ba ou pi bèl fwi nan premye rekòt ou ban mwen nan peyi a. Apre sa, nonm lan va depoze panyen an devan Seyè a, Bondye nou an, l'a mete ajenou devan l'. 11Lèfini, li menm ak tout moun lakay li, l'a fè fèt pou tout bon bagay sa yo Seyè a te ba li. L'a fè moun Levi yo ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fete ansanm ak li tou. 12Chak twazan n'a bay ladim, ki vle di yon dizyèm tout bagay nou rekòlte. N'a ranmase sa n'ap bay la, n'a mache nan tout lavil nou yo, n'a bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa yo ak vèv yo, pou yo tout ka manje plen vant yo. 13Lèfini, n'a parèt devan lòtèl Seyè a, Bondye nou an, n'a di l': -Mwen pa kite lakay mwen anyen nan sa mwen fèt pou mete apa pou ou. Mwen mache bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa ak vèv yo, dapre lòd ou te ban mwen. Mwen fè tou sa ou te mande m' fè sou keksyon sa a. Mwen pa bliye anyen nan tou sa ou di m'. 14Mwen pa t' manje ladan yo lè mwen te nan lapenn, ni lè mwen pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou ou. Ni mwen pa t' wete anyen ladan l' pou m' fè ofrann bay mò. Seyè, Bondye mwen, mwen te obeyi ou, mwen te fè tou sa ou te ban m' lòd fè sou keksyon sa a. 15Rete nan syèl la, nan kay ki apa nèt pou ou a, voye je ou gade pèp ou a. Beni pèp Izrayèl la ansanm ak tè ou te ban nou an dapre pwomès ou te fè zansèt nou yo. Beni peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a. 16Seyè a, Bondye nou an, pase nou lòd jòdi a pou nou swiv tout lwa ak tout regleman sa yo. N'a kenbe yo, n'a fè sa yo mande nou la a ak tout kè nou ak tout nanm nou. 17Jòdi a nou fè deklarasyon nou bay Seyè a: Nou di se li ki Bondye nou. Nou pwomèt pou nou toujou mache jan li vle l' la, pou nou fè tou sa ki nan lwa, nan lòd ak nan regleman li yo pou nou toujou koute sa l' di nou. 18Jòdi a tou, Seyè a te asepte nou pou pèp li renmen anpil la, jan l' te fè nou pwomès la. Epi li pase nou lòd pou nou fè tou sa l'a mande nou fè. 19L'ap fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon li te fè yo. N'a gen pouvwa pase yo, n'a gen repitasyon pase yo, y'a respekte nou pase yo. Wi, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Seyè a, Bondye nou an, jan l' te di l' la.

Você sabia?

Primícias, Dízimos e Dedicação da Aliança

  • Ao apresentar as primícias de suas colheitas no santuário escolhido, os israelitas deviam recitar uma confissão histórica. Essa declaração lembrava seu ancestral como um arameu errante, o crescimento e a escravidão no Egito e a libertação conduzida por Deus até uma terra fértil.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O terceiro ano era designado como um ano especial de dízimo, no qual o produto era separado especificamente para sustentar membros vulneráveis da comunidade, incluindo levitas, estrangeiros residentes, órfãos e viúvas.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O capítulo conclui com uma declaração mútua de aliança: o povo se comprometia publicamente a obedecer aos estatutos de Deus, enquanto Deus os afirmava como Seu povo exclusivo e uma nação santa.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 5, 8

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.