Nations Bible

Deuteronômio 17

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Piga nou janm pran yon bèf, osinon yon kabrit oswa yon mouton ki gen yon enfimite, osinon ki donmaje pou nou ofri bay Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè bagay konsa menm. 2Si ta gen nan mitan nou, nan yonn nan lavil Seyè a, Bondye nou an, te ban nou yo, yon nonm osinon yon fanm ki ta fè yon bagay ki pa fè Seyè a, Bondye nou an, plezi, si li ta rive pa kenbe kontra li pase ak Bondye a, 3pou l' al fè bagay Seyè a pa janm mande nou fè, pou l' al sèvi lòt bondye, tankou solèy, lalin osinon kèk lòt zetwal nan bann zetwal ki nan syèl la, 4epi sa rive tonbe nan zòrèy nou, lè n'a vin konn sa, n'a chache konnen byen sa ki te pase. Si sa te fèt vre, si yo ka rive ban nou prèv se yon moun nan pèp Izrayèl la menm ki te fè move bagay sa a, 5lè sa a, n'a fè yo pran moun ki te fè move bagay sa a, fanm ou gason, y'a mennen l' lòt bò pòtay lavil la, y'a kalonnen l' wòch jouk li mouri. 6Anvan nou kondannen yon moun amò, fòk gen de osinon twa moun ki pou kanpe pou fè depozisyon kont li. Si se yon sèl moun ki fè depozisyon kont li, yo pa ka kondannen moun lan amò. 7Lèfini, se temwen sa yo menm ki va bay moun yo kondannen an premye kout wòch yo. Apre sa, rès pèp la va kalonnen l' wòch jouk li mouri. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la. 8Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterè yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l', ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a, 9n' aval jwenn prèt yo, moun Lèvi yo, ak jij ki de sèvis lè sa a, n'a espoze ka a ba yo. Yo menm y'a di nou ki jan pou nou rann jijman an. 10Lè sa a, nou menm poutèt pa nou, n'a fè tou sa moun ki rete kote Bondye te mete apa pou fè sèvis pou li a te di nou. N'a pran tout kalite prekosyon pou nou fè tou sa yo te moutre nou an. 11Se pou nou rann jijman an dapre regleman yo te moutre nou an, dapre jan yo menm yo te jije bagay la, san nou pa chanje anyen nan sa yo te di nou an. 12Men, si yon moun ap fè grandizè, epi li pa koute ni prèt ki la pou sèvis Bondye a, ni jij la, se pou yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la. 13Konsa tou, lè tout pèp la va konn sa, y'a pè, yo p'ap pran pòz grandizè yo ankò. 14Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou rete ladann l', si lide ta vin nan tèt nou pou nou di: Nou ta renmen gen yon wa pou gouvènen nou tankou tout lòt nasyon k'ap viv nan peyi ki sou fwontyè nou yo, 15se yon moun menm ras ak nou Seyè a, Bondye nou an, va chwazi pou li mete wa sou nou. Nou pa gen dwa pran yon moun lòt nasyon ki pa menm ras avèk nou pou nou mete l' wa sou nou. 16Men, wa sa a pa bezwen gen kantite chwal pou lame li, ni li pa bezwen voye moun nan peyi Lejip al achte chwal pou kavalye l' yo, paske Seyè a te di nou: Piga nou janm pran chemen tounen nan peyi sa a ankò. 17Wa a pa fèt pou l' gen anpil madanm, paske sa ka fè l' pèdi tèt li. Li pa fèt pou l' gen twòp ajan ak twòp lò pou tèt pa l'. 18Lè wa a va pran pouvwa a, l'a mande pou yo kopye tout lalwa Bondye a nan yon liv pou sèvis pa li, dapre orijinal ki nan men prèt fanmi Levi yo. 19Se pou li toujou gen liv la avèk li, se pou li li l' chak jou jouk li mouri, pou l' ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye li a, pou l' ka swiv tout prensip ki nan lalwa a, pou l' ka fè tou sa yo mande l' fè ladan l'. 20Konsa, li p'ap ka mete nan tèt li li plis pase rès pèp la, li p'ap janm dezobeyi ankenn lòd nan sa Seyè a te bay la. Se konsa, ni li ni pitit li yo y'a rete chèf lontan nan mitan pèp Izrayèl la.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A Justiça e a Lei do Rei

  • Os processos judiciais exigiam padrões rigorosos de evidência, determinando o testemunho de pelo menos duas ou três pessoas para uma condenação à morte, cabendo às testemunhas lançar as primeiras pedras. Casos complexos sobre homicídio, litígios civis ou agressões eram levados a um tribunal central formado por sacerdotes levitas e pelo juiz em exercício.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Antecipando o desejo de Israel por uma monarquia, o texto impõe limites rígidos ao monarca: ele deveria ser um israelita e era proibido de acumular muitos cavalos, enviar o povo de volta ao Egito para obter animais, tomar muitas esposas ou acumular grandes quantidades de prata e ouro.Fontes: o próprio texto bíblico · Egypt
  • Ao assumir o trono, o rei de Israel devia copiar pessoalmente a lei em um rolo na presença dos sacerdotes levitas. Ele deveria lê-la todos os dias da sua vida para aprender a temer a Deus e não se exaltar acima de seus irmãos.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 16

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.