Deuteronômio 13
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Si ta gen nan mitan nou yon pwofèt osinon yon moun ki konn fè vizyon, epi ki ta fè konnen kèk siy osinon kèk gwo bagay pral rive nan mitan nou, 2si sa li te anonse a rive vre epi li ta vin di nou: Ann al swiv lòt bondye nou poko konnen menm yo! Ann al fè sèvis pou yo! 3nou pa fèt pou nou koute pawòl pwofèt sa a ap di, ni sa moun ki konn fè vizyon an ap vin rakonte nan zòrèy nou. Paske se Seyè a, Bondye nou an, k'ap sonde nou, l'ap chache konnen si vreman vre nou renmen Seyè a ak tout kè nou, ak tout nanm nou. 4Se Seyè a, Bondye nou an, pou nou swiv. Se li menm pou nou gen krentif. Se lòd li pou nou swiv. Se sa li di nou pou nou koute. Se li menm pou nou sèvi. Pa janm vire do ba li. 5Kanta pou pwofèt sa a, osinon moun k'ap fè vizyon an, se pou nou touye yo. Paske y'ap ban nou konsèy pou nou kenbe tèt ak Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip epi ki te wete nou nan esklavaj nou te ye laba a. Se pou nou touye yo, paske y'ap chache fè nou kite chemen Seyè a, Bondye nou an, te mete devan nou pou nou te swiv la. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou. 6Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n' al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen, 7yonn nan bondye lòt moun k'ap viv ansanm avèk nou sou latè, kit yo toupre nou, kit yo byen lwen nou, 8pa janm tonbe dakò avèk li. Pa koute sa l'ap di nou. Se pou nou san pitye pou li. Pa chache pwoteje li, pa chache kouvri anyen pou li. 9Okontrè, se pou nou touye l'. Premye moun ki pou leve men sou li pou touye l' ak koutwòch se va nou menm. Apre sa, n'a kite lòt moun vin ede nou touye l'. 10N'a kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te vle fè nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la. 11Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo va konn sa, y'a pè. Konsa, yo yonn p'ap janm fè yon bagay mal konsa ankò nan mitan pèp la. 12Si nou vin tande y'ap di nan yonn nan lavil Seyè a ban nou pou nou rete yo, 13gen kèk moun, kèk vòryen, moun menm ras ak nou ki te pran tèt moun k'ap viv nan lavil sa a pou fè yo al sèvi lòt bondye nou pa janm konnen, 14se pou nou chache konnen bagay la byen. N'a mennen ti ankèt nou, n'a poze keksyon adwat agoch. Si bri y'ap fè kouri a vre, si nou jwenn prèv yon bagay mal konsa te fèt vre, 15se pou nou pran nepe nou, se pou nou touye dènye moun ki nan lavil sa a ansanm ak tout bèt yo. Se pou nou detwi lavil la nèt nan dife pou Bondye ansanm ak tou sa ki ladan l'. 16N'a ranmase tou sa moun yo te genyen nan lavil la, n'a anpile yo sou plas piblik la. N'a mete dife nan lavil la ak tou sa ki ladan l' pou yo sèvi yon ofrann pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou lavil la toujou rete yon pil mazi pou li pa janm rebati ankò. 17Piga nou kenbe pou nou anyen nan bagay nou fèt pou boule pou Seyè a. Se konsa Seyè a va sispann fache sou nou, l'a gen pitye pou nou. Wi, l'a fè pa nou. L'a fè nou peple jan li te pwomèt sa bay zansèt nou yo. 18Men, se pou nou toujou koute sa Seyè a, Bondye nou an, ap di nou. Se pou nou toujou kenbe tout lòd m'ap ban nou jòdi a. Se pou nou toujou fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye nou an.

Você sabia?
A Preservação da Lealdade e o Alerta contra a Apostasia
- Deuteronômio especifica que o cumprimento de um sinal ou prodígio não autentica automaticamente um profeta. Se o profeta incitar a seguir outros deuses, a mensagem é considerada um teste da lealdade da comunidade, e não uma orientação divina genuína.Fontes: o próprio texto bíblico
- Ao tratar da sedução secreta à idolatria praticada por familiares ou amigos próximos, a lei exigia que a própria testemunha lançasse a primeira pedra. Essa exigência colocava uma responsabilidade pessoal direta sobre o acusador e desestimulava falsos testemunhos.Fontes: o próprio texto bíblico
- Antes de tomar qualquer medida coletiva contra uma cidade inteira acusada de apostasia, a comunidade era rigorosamente obrigada a realizar uma investigação minuciosa para confirmar os fatos com certeza.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org