Daniel 12
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Zanj ki te gen rad swa sou li a, di ankò: -Lè sa a, Michèl, gwo zanj k'ap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun poko janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove. 2Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an. 3Moun ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan. 4Li di m' ankò: -Bon. Koulye a, Danyèl, fèmen liv la. Sele l' byen sele jouk lè a va rive pou tout bagay fini. Anpil moun pral bat kò yo pou yo konprann sa k'ap pase. Lè sa a, plis konesans pral gaye toupatou sou latè. 5Mwen gade, mwen wè de lòt moun ki te kanpe bò larivyè a, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. 6Yonn ladan yo pale ak zanj ki te pi wo a, nan direksyon tèt dlo a, zanj ki te gen rad swa sou li a, li mande l': -Konbe tan ankò anvan pou gwo bagay sa yo rive? 7Zanj lan leve bra l' anlè nan syèl la, mwen tande li fè yon gwo sèman nan non Bondye vivan an, li di konsa: -Nan twazan si mwa, lè y'a fin kraze tout fòs pèp Bondye a, tout bagay sa yo va rive. 8Mwen tande sa l' te di a, men mwen pa t' konprann. Konsa, mwen mande l': -Men, mèt, ki jan sa ap fini menm? 9Li reponn mwen: -Danyèl monchè, ou mèt al fè wout ou, paske koze sa a fèt pou rete kache epi byen sele, jouk lè a va rive pou sa fini. 10Lè sa a, anpil moun pral pase anba soufrans yo te anonse a. Y'ap soti netwaye, lave, blanchi. Moun k'ap fè mechanste yo menm p'ap konprann anyen, y'ap toujou rete ap fè mechanste yo. Men, moun ki gen lespri ap konprann. 11Si ou konte depi lè yo va aboli ofrann bèt ki pou fèt chak jou a, pou yo mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, kanpe nan Tanp lan, w'ap jwenn mil desankatrevendis (01290) jou ki gen pou pase. 12Ala bon sa pral bon pou moun ki va kenbe fèm jouk mil twasantrannsenk (01.335) jou sa yo va fin pase! 13Ou menm, Danyèl, kenbe fèm jouk sa kaba. Apre sa, w'a mouri. Men, w'a leve vivan ankò pou resevwa rekonpans ou lè tout bagay va fini!

Você sabia?
O tempo do fim e a libertação final
- O texto bíblico identifica Miguel como o grande príncipe e anjo principal que guarda e vigia o povo de Israel. Nessa visão final, seu surgimento coincide com um período de angústia sem precedentes, após o qual todos os inscritos no livro recebem livramento.Fontes: o próprio texto bíblico · Michael
- Daniel 12 apresenta uma passagem explícita sobre a ressurreição individual, afirmando que muitos que dormem no pó da terra acordarão, uns para a vida eterna e outros para vergonha e desprezo eterno. Daniel recebe então a ordem de selar o livro até o tempo do fim.Fontes: o próprio texto bíblico
- A visão se encerra às margens de um rio, onde aparecem figuras em margens opostas e um homem vestido de linho paira sobre as águas. Ao ser questionado sobre os prazos, o homem ergue ambas as mãos ao céu e jura por Aquele que vive para sempre sobre os dias do cumprimento.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org