Amós 2
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Seyè a di konsa: Moun lavil Moab yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo pa respekte zosman wa Edon an. Yo boule yo fè yo tounen sann. 2M'ap voye dife nan peyi Moab la. L'a boule gwo kay lavil Keriyòt yo ra tè. Moun Moab yo ap mouri nan mitan batay la, antan moun k'ap goumen yo ap rele byen fò, epi klewon ap kònen. 3M'ap touye chèf k'ap gouvènen nan mitan yo ansanm ak tout lòt chèf ki nan peyi a. Se Seyè a menm ki di sa. 4Seyè a di konsa: Moun peyi Jida yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo voye sa mwen te moutre yo a jete. Yo p'ap fè sa m' te ba yo lòd fè a. Yo kite menm zidòl zansèt yo te sèvi a fè yo pèdi wout yo. 5Se poutèt sa, m'ap voye dife nan peyi Jida a. L'a boule gwo kay lavil Jerizalèm yo ra tè. 6Seyè a di konsa: Moun pèp Izrayèl yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, yo vann yo tankou esklav. Yo pran pòv malere ki pa gen senk pou peye dèt yo, yo vann yo pou gremesi. 7Y'ap pilonnen malere anba pye yo. Y'ap fè pòv yo vin pi pòv. Papa kou pitit al dèyè fi k'ap sèvi nan kay la. Konsa, yo trennen non Bondye nan labou. 8Yo kouche bò lotèl yo sou rad moun te mete nan plan lakay yo. Nan tanp bondye yo a y'ap bwè bweson yo te fè moun bay pou amann. 9Men, nou menm pèp mwen, se pou nou mwen te detwi moun Amori yo nèt, yon bann moun ki te wo tankou pye palmis, ki te gen kouraj tankou pye bwadchenn. Mwen koupe branch yo ra tè. Mwen dechouke rasin yo. 10Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen mennen nou pandan karantan nan dezè a. Mwen ban nou peyi moun Amori yo pou peyi pa nou. 11Mwen te chwazi kèk nan pitit gason nou yo pou sèvi m' prèt, ak kèk nan jenn gason nou yo pou yo ka vin nazirit. Se pa konsa sa te fèt vre, moun Izrayèl? Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. 12Men, nou fè nazirit yo bwè diven, nou bay pwofèt yo lòd pou yo pa bay mesaj mwen ba yo pou pèp la. 13Koulye a, mwen pral kraze nou anba pye m' menm jan yon kabwèt chaje ap foule tè. 14Nou te mèt konn kouri, nou p'ap chape. Gwonèg kou nou gwonèg, sa p'ap sèvi nou anyen. Vanyan kou nou vanyan, nou p'ap ka sove pwòp tèt nou. 15Moun k'ap tire flèch yo p'ap ka rete kanpe. Moun k'ap kouri vit yo p'ap ka chape. Kavalye sou chwal p'ap ka sove lavi yo. 16Jou sa a, ata sòlda ki pi vanyan yo ap lage zam yo atè, y'ap kouri met deyò tankou manman yo te fè yo. Se Seyè a menm ki di sa.

Você sabia?
Julgamentos sobre Moabe, Judá e Israel
- Amós condena a terra de Moabe, situada a leste do Mar Morto, por queimar os ossos do rei do vizinho Edom até reduzi-los a cal. A profecia anuncia que o fogo consumirá as fortalezas de Queriote, uma importante cidade moabita.Fontes: o próprio texto bíblico · Moab · Kerioth · Edom
- Depois de denunciar as nações vizinhas, o oráculo profético se volta para Judá, declarando julgamento sobre sua capital fortificada, Jerusalém, por rejeitar a Lei e os estatutos do Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico · Jerusalem
- A exploração dos pobres e o silenciamento de profetas e nazireus em Israel são contrastados com a fidelidade de Deus ao tirá-los do Egito, guiá-los por quarenta anos no deserto e expulsar os fortes amorreus.Fontes: o próprio texto bíblico · Amorite · Egypt
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Edom · 30.746, 35.604 · versículo 1
- Moab · Hoje: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículos 1, 2, 3
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 5
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 10
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org