Atos 6
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Lè sa a, te vin gen anpil anpil disip. Ladan yo, jwif ki te fèt nan peyi etranje epi ki te pale lang grèk la vin gen kont ak jwif peyi a. Yo t'ap plenyen dèske vèv yo pa t' jwenn anyen nan separe manje yo t'ap fè chak jou a. 2Douz apòt yo sanble tout disip yo, yo di: Li pa ta bon pou n' neglije predikasyon pawòl Bondye a pou n' al okipe sèvis manje a. 3Se pou sa, frè m' yo, chwazi sèt gason pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri, ki gen kont bon konprann sou yo. N'a ba yo fè sèvis sa a. 4Konsa nou menm, n'a toujou bay tout tan nou pou lapriyè, ak pou fè moun konnen pawòl Bondye a. 5Tout gwoup la te dakò avèk lide sa a. Yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil konfyans nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri, Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas ak Nikola, yon nonm lavil Antiòch ki te konvèti nan relijyon jwif yo. 6Yo mennen yo bay apòt yo. Apòt yo lapriyè epi yo mete men sou tèt yo. 7Pawòl Bondye a t'ap gaye. Disip yo t'ap vin pi plis toujou nan Jerizalèm. Menm pami prèt yo, te gen anpil ki te asepte kwè pawòl la. 8Etyèn te yon nonm Bondye te beni anpil, li te gen anpil pouvwa. Li t'ap fè gwo bèl bagay ak mirak nan mitan pèp la. 9Se konsa kèk moun leve dèyè li. Pami yo te gen manm sinagòg yo rele sinagòg Ansyen Esklav yo. (Se jwif lavil Sirèn ak lavil Aleksandri ki te ladan l'.) Yo menm ansanm ak lòt jwif ki soti Silisi ak Lazi yo pran diskite ak Etyèn. 10Men, yo pa t' kapab kenbe tèt avèk li: Etyèn t'ap pale avèk bon konprann Sentespri te ba li. 11Lè yo wè sa, yo peye kèk moun pou di: Nou tande l' ap pale mal sou Moyiz ak sou Bondye. 12Se konsa, yo moute tèt pèp la ansanm ak chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo. Y' al kot Etyèn, yo mete men sou li, yo trennen l' devan Gran Konsèy la. 13Yo mennen lòt moun tou pou fè manti sou li, yo t'ap di: Nonm sa a pa sispann pale mal sou tanp Bondye a ak sou lalwa Moyiz la. 14Nou tande l' di konsa: Jezi, moun Nazarèt la, gen pou kraze tanp lan, l'ap chanje tout koutim Moyiz te kite pou nou yo. 15Tout moun ki te chita nan sal reyinyon Gran Konsèy la te gen je yo fikse sou Etyèn. Yo te wè figi l' te sanble ak figi yon zanj Bondye.

Você sabia?
A Escolha dos Sete e o Julgamento de Estêvão
- Surgiram tensões entre os judeus de língua grega e os hebraicos acerca da distribuição diária de alimentos às viúvas, levando os apóstolos a nomear sete homens respeitados para esse serviço. Notavelmente, todos os sete escolhidos—incluindo Nicolau, um prosélito de Antioquia—tinham nomes gregos.Fontes: o próprio texto bíblico · Nicolas
- Judeus de várias partes do mundo romano mantinham sinagogas próprias em Jerusalém, como a Sinagoga dos Libertos e congregações para pessoas de Cirene, Alexandria, Cilícia e da província da Ásia. Membros desses grupos regionais foram os primeiros a debater formalmente com Estêvão sobre seus ensinamentos.Fontes: o próprio texto bíblico · Cilicia · Asia
- Quando os opositores não conseguiram refutar os argumentos de Estêvão, levaram-no perante o Sinédrio sob a acusação de falar contra o templo e a lei de Moisés. Enquanto os membros do conselho o observavam durante essas acusações, viram que seu rosto parecia o de um anjo.Fontes: o próprio texto bíblico · Stephen
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Antioch · Hoje: Antioch on the Orontes · 36.227, 36.172 · versículo 5
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 7
- Alexandria · 31.183, 29.896 · versículo 9
- Asia · 38.400, 28.300 · versículo 9
- Cilicia · 36.913, 34.892 · versículo 9
- Cyrene · 32.821, 21.851 · versículo 9
- Nazareth · 32.702, 35.298 · versículo 14
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org