Atos 4
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Antan Pyè ak Jan t'ap pale ak pèp la, prèt yo, kòmandan lagad tanp lan ak sadiseyen yo vin rive. 2Yo te fache anpil dèske apòt yo t'ap moutre pèp la anpil bagay, dèske yo t'ap anonse yo moun mouri kapab leve menm jan Jezi te leve soti vivan nan lanmò. 3Yo arete yo, yo mete yo nan prizon pou jouk nan denmen paske solèy te fin kouche. 4Men, anpil moun ki te tande pawòl la te kwè. Lè sa a, te gen senkmil (5.000) moun konsa ki te kwè. 5Nan denmen, chèf jwif yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo sanble nan Jerizalèm. 6Ladan yo te gen: An, granprèt la, Kayif, Jan, Aleksann ansanm ak fanmi granprèt la. 7Yo fè mennen apòt yo devan yo, epi yo mande yo: Kote n' pran pouvwa pou fè bagay sa a? Ki moun ki ban nou dwa fè sa? 8Lè sa a, Pyè vin anba pouvwa Sentespri, li di yo: Mesye chèf pèp la ak chèf fanmi yo: 9Jòdi a y'ap poze nou keksyon sou yon byen nou fè pou yon enfim, y'ap mande nou ki jan nonm sa a fè geri. 10Nou tout ki la a ansanm ak tout pèp Izrayèl la, nou fèt pou nou konn sa: si nonm sa a kanpe devan nou tou gaya, se gremesi Jezikri, moun Nazarèt nou te kloure sou kwa a, men ki leve vivan soti nan lanmò ak pouvwa Bondye. 11Se Jezi menm yo t'ap pale nan pawòl sa a ki ekri nan liv la: Wòch nou te voye jete lè nou t'ap bati a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. 12Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou. 13Manm Gran Konsèy yo te sezi anpil lè yo wè ki jan Pyè ak Jan te gen konviksyon nan sa yo t'ap di, paske yo te vin konnen mesye sa yo se moun ki soti nan mas pèp la, ki pa t' resevwa okenn enstriksyon. Chèf yo te rekonèt yo tou pou moun ki te toujou avèk Jezi. 14Men, yo pa t' jwenn anyen pou reponn yo paske nonm ki te geri a te kanpe la devan je yo bò kot Pyè ak Jan. 15Yo mande apòt yo pou yo soti nan pyès kote Gran Konsèy la te reyini an, epi yo pran diskite bagay la yonn ak lòt. 16Yo t'ap di konsa: Kisa pou n' fè ak mesye sa yo? Paske, tout moun nan Jerizalèm konnen byen pwòp se yo ki te fè gwo mirak sa a. Nou pa ka di se pa vre. 17Men, pou nouvèl la pa gaye plis nan pèp la, n'ap kraponnen yo, n'ap defann yo pale ak pesonn nan non Jezi. 18Apre sa, yo fè rele apòt yo, yo pase yo lòd pou yo pa janm pale ni moutre pèp la anyen nan non Jezi. 19Men, Pyè ak Jan reponn yo: Jije nou menm kisa ki pi bon devan Bondye: Obeyi nou osinon obeyi Bondye? 20Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande. 21Manm Gran Konsèy yo fè yo menas ankò. Apre sa, yo lage yo. Yo pa t' kapab fè yo anyen paske tout pèp la t'ap fè lwanj Bondye pou sa ki te rive a. 22Nonm ki te geri gremesi mirak apòt yo te fè a te gen karantan pase. 23Lage yo lage yo, Pyè ak Jan al jwenn gwoup zanmi yo, yo rakonte yo tou sa chèf prèt yo ak ansyen yo te di. 24Lè disip yo tande sa, yo tout mete tèt ansanm pou lapriyè Bondye konsa: O Mèt, se ou menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo. 25Pa pouvwa Sentespri, se ou menm ki te pale nan bouch sèvitè ou, David, zansèt nou, lè l' te di: Poukisa moun lòt nasyon yo t'ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo t'ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen konsa? 26Wa latè yo pran pozisyon, chèf yo mete tèt yo ansanm sou do Bondye ak sou do Moun li chwazi a! 27Se sa menm ki rive nan lavil sa a lè Ewòd ak Pons Pilat mete tèt yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ak tout moun pèp Izrayèl la sou do Jezi, sèvitè ki t'ap viv pou ou a, moun ou te chwazi a. 28Yo fè tou sa ou menm, nan tout pouvwa ou ak pwòp volonte ou, ou te deside davans ki pou te fèt la. 29Koulye a, Bondye, gade ki jan y'ap fè nou menas. Bay sèvitè ou yo fòs pou yo ka fè konnen mesaj ou a avèk konviksyon. 30Lonje men ou pou yo ka fè gerizon, mirak ak lòt bèl bagay nan non Jezi, sèvitè ki te viv pou ou a. 31Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon. 32Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pesonn pa t' di byen li yo te pou tèt pa l' ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun. 33Se avèk anpil pouvwa apòt yo t'ap bay prèv ki jan Bondye te leve Jezi fè l' soti vivan nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon l' an kantite sou yo tout. 34Pesonn nan mitan yo pa t' nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan an 35renmèt apòt yo. Apre sa, yo te separe lajan an bay chak moun dapre nesesite yo. 36Se konsa, te gen yon nonm yo rele Jozèf, yon moun Levi ki soti lil Chip. Apòt yo te ba l' yon ti non Banabas, ki te vle di: Nonm k'ap ankouraje a. 37Enben, li vann yon jaden li te genyen, li pote lajan an renmèt apòt yo.

Você sabia?
Pedro e João diante do Sinédrio
- Os sacerdotes, o capitão da guarda do templo e os saduceus prenderam Pedro e João porque eles ensinavam o povo e anunciavam em Jesus a ressurreição dos mortos. Caifás, que participou da assembleia no dia seguinte, pertencia aos saduceus.Fontes: o próprio texto bíblico · Caiaphas
- Anás, chamado aqui de sumo sacerdote, ocupou esse cargo de 7 a 14 d.C., até que um procurador romano o depôs. Caifás, que havia se casado com a filha de Anás, foi elevado ao cargo em 25 d.C.; mesmo assim, alguns judeus ainda podiam considerar Anás o sumo sacerdote legal, pois a lei mosaica tratava o ofício como vitalício, e Anás provavelmente era presidente ou auxiliar do Sinédrio. João e Alexandre, parentes do sumo sacerdote e de outro modo desconhecidos, estavam sentados com eles.Fontes: o próprio texto bíblico · Annas · John (Relative of the High Priest) · Alexander (Son of Simon)
- Pedro, pescador de Betsaida, e João, também pescador e filho de Zebedeu, foram levados perante os governantes, os anciãos e os escribas. O conselho admirou-se da ousadia deles ao perceber que eram homens sem instrução e comuns, e notou que haviam estado com Jesus.Fontes: o próprio texto bíblico · Simon Peter · John the Apostle
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 5, 16
- Nazareth · 32.702, 35.298 · versículo 10
- Cyprus · 35.000, 33.000 · versículo 36
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org