Atos 28
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Se lè nou fin sove, nou vin konnen lil la te rele Malt. 2Moun peyi a te aji byen anpil avèk nou. Lapli t'ap tonbe, te fè frèt anpil. Yo limen yon gwo boukan pou resevwa nou. 3Pòl te ranmase yon ti pakèt fachin, li t'ap mete l' nan dife a lè yon sèpan soti nan chalè dife a, li vlope nan men li. 4Lè moun zile yo wè sèpan an pandye nan men Pòl, yonn t'ap di lòt: Gen lè nonm sa a se yon ansasen. Li chape nan nofraj la, epi men jistis Bondye ap pousib li toujou. 5Pòl annik souke men l', epi bèt la tonbe nan dife a. Li pa t' santi anyen ankò. 6Lòt moun yo menm t'ap tann pou yo wè Pòl vin anfle osinon pou l' tonbe mouri frèt. Moun yo tann, yo tann. Lè yo wè anyen pa rive l', yo chanje lide, yo di: Nonm sa a, se yon bondye. 7Toupre bò la, te gen yon bitasyon ki te pou Pibliyis, pi grannèg nan lil la. Li resevwa nou ak kè kontan. Nou fè ladesant lakay li pandan twa jou. 8Papa Pibliyis te kouche malad ak yon lafyèb ak dyare. Pòl antre ale wè l', li lapriyè, li mete men l' sou tèt li, li geri li. 9Apre sa, tout lòt moun ki te malad nan lil la te vini tou. Yo tout te geri. 10Yo fè nou anpil kado. Lè pou n' anbake menm, yo ban nou tou sa nou te bezwen pou vwayaj la. 11Apre twa mwa, nou pati nan yon batiman Aleksandri ki te pase tout tan fredi a nan lil la. Yo te rele batiman an Marasa. 12Lè nou rive Sirakiz, nou rete la pandan twa jou. 13Lè nou pati, nou lonje kòt la jouk nou rive Rijio. Nan denmen, yon van swèt leve: apre de jou vwayaj nou rive Pouzòl. 14La, nou jwenn kèk frè ki mande pou n' pase sèt jou ak yo. Se konsa nou rive lavil Wòm. 15Frè lavil Wòm yo ki te pran nouvèl nou vin kontre nou jouk nan Mache Apiyis ak nan Kalfou Twa Kafe. Lè Pòl wè yo, li di Bondye mèsi, li pran kouraj. 16Lè nou rive Wòm, yo kite Pòl rete pou kont li ak yon sèl sòlda pou veye li. 17Apre twa jou, Pòl fè rele chèf jwif yo ki lavil Wòm. Lè yo reyini, li di yo: Frè m' yo, san m' pa fè anyen kont pèp la, ni kont koutim zansèt nou yo, jwif yo rete konsa, yo arete m' lavil Jerizalèm, yo lage m' nan men women yo. 18Lè women yo fin keksyonnen m', yo te vle lage m' paske yo pa t' jwenn okenn rezon ki pou ta fè m' merite lanmò. 19Men, jwif yo kenbe la ak yo. Mwen te blije mande pou Seza tande kòz mwen. Men, mwen menm pou tèt pa m', mwen pa gen okenn plent pou m' fè pou moun menm peyi avè m' yo. 20Se poutèt sa mwen fè rele nou pou m' wè nou, pou m' pale ak nou, pou m' di nou se poutèt moun pèp Izrayèl t'ap tann lan kifè yo mare m' ak chenn sa a. 21Yo reponn li: Nou pa resevwa okenn lèt soti peyi Jide sou ou. Okenn frè pa soti laba vin isit pou ban nou nouvèl, ni pou pale mal sou ou. 22Men, nou ta renmen tande kisa ou gen nan tèt ou, paske nou konnen toupatou yo pa vle wè gwoup ou fè pati a. 23Yo fikse l' yon jou. Lè sa a, yo te anpil ki te vin jwenn li kote li te ye a. Depi nan maten jouk nan aswè, Pòl t'ap ba yo esplikasyon: li t'ap fè yo konnen gouvènman Bondye ki wa a. Li pran lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo, li t'ap chache fè yo rekonèt ki moun Jezi ye. 24Gen ladan yo ki te kwè sa l' t'ap di yo. Men, gen lòt ki pa t' vle kwè menm. 25Yo vire do yo san yo pa t' tonbe dakò. Lè Pòl wè sa, li ajoute pawòl sa a pou yo: Sentespri te gen rezon pale konsa ak zansèt nou yo nan bouch pwofèt Ezayi, lè l' te di: 26Ale jwenn pèp sa a, di l' pou mwen: Pou tande n'a tande nan zòrèy nou, men nou p'ap konprann anyen. Pou gade n'a gade ak je nou, men nou p'ap wè. 27Paske lespri pèp sa a vin lou, yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo. Se Bondye menm ki di sa. 28Apre sa, Pòl di yo: Koulye a, nou fèt pou nou konnen Bondye fè moun lòt nasyon yo konnen l'ap delivre yo tou. Yo menm, y'ap tande li. 29Lè l' te fin di sa, jwif yo al fè wout yo, yo t'ap diskite yonn ak lòt. 30Pòl te rete pandan dezan nan yon kay li te lwe. Li te resevwa tout moun ki te vin wè li. 31Li t'ap fè konnen gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap moutre moun yo tout bagay sou Jezikri, Seyè a, kareman san pesonn pa janm chache l' kont.

Você sabia?
Do naufrágio em Malta até Roma
- A ilha que os viajantes descobriram se chamar Malta é a ilha do Mediterrâneo também conhecida como Melita, a Malta atual. O Easton's Bible Dictionary (1897) diz que ela foi colonizada primeiro pelos fenícios, que o dicionário identifica com os “bárbaros” de Atos 28:2, e que os gregos a tomaram em 736 a.C., passando depois aos cartagineses. Paulo e seus companheiros permaneceram ali três meses, até passar a estação das tempestades.Fontes: Melita · Publius · o próprio texto bíblico
- Perto dali ficava uma propriedade de Públio, o principal da ilha, que acolheu o grupo naufragado e o hospedou com generosidade durante três dias. O Easton's Bible Dictionary (1897) observa que alguns supõem que a palavra grega protos, traduzida como “homem principal”, era propriamente um termo maltês, o título oficial do governador.Fontes: Publius · o próprio texto bíblico
- Depois de três meses, zarparam num navio alexandrino que havia invernado na ilha. Ficaram três dias em Siracusa, na costa sudeste da Sicília, que o Easton's Bible Dictionary (1897) descreve como distinta pelo tamanho e pelo esplendor; depois chegaram a Régio, no estreito de Messina, e a Putéoli, que esse dicionário descreve como o grande porto dos navios alexandrinos de cereais, a cerca de 170 milhas de Roma. De Putéoli seguiram em direção a Roma pela Via Ápia, e irmãos foram ao encontro deles até o Fórum de Ápio e as Três Vendas.Fontes: Syracuse · Rhegium · Puteoli · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Malta · 35.933, 14.412 · versículo 1
- Alexandria · 31.183, 29.896 · versículo 11
- Syracuse · 37.064, 15.293 · versículo 12
- Puteoli · Hoje: Pozzuoli · 40.826, 14.121 · versículo 13
- Rhegium · Hoje: Reggio Calabria · 38.109, 15.644 · versículo 13
- Rome · 41.892, 12.485 · versículos 14, 15, 16, 30
- Forum of Appius · Hoje: Forum Appii · 41.466, 12.998 · versículo 15
- Three Taverns · 41.562, 12.874 · versículo 15
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 17
- Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 21
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org