Atos 26
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Agripa di Pòl: Ou mèt pale pou defann tèt ou. Lè sa a, Pòl lonje men l', epi li fè defans li konsa: 2Se pa ti kontan mwen kontan, wa Agripa, pou m' defann tèt mwen devan ou jòdi a anba tout bagay jwif yo ap plede akize mwen. 3Ou menm ou konnen tout koutim jwif yo ansanm ak kalite keksyon yo renmen diskite yo byen. Tanpri souple, pran yon ti pasyans pou koute mwen. 4Tout jwif yo konnen ki jan m' mennen tèt mwen depi lè m' te jenn gason, ki jan m' t'ap viv depi nan konmansman nan mitan moun peyi mwen yo ak nan Jerizalèm. 5Yo konnen m' depi lontan. Epi, si yo vle, yo ka rann temwayaj mwen t'ap viv tankou yon farizyen. Farizyen yo se moun ki pi rèd nan relijyon nou an. 6Koulye a, yo rele m' an jijman paske m'ap tann pwomès Bondye te fè zansèt nou yo. 7Se menm pwomès sa a douz branch fanmi nou yo ap tann lè y'ap sèvi Bondye san rete, lajounen kou lannwit. Se pou menm pwomès sa a jwif yo ap akize mwen, monwa. 8Poukisa, nou menm jwif, nou pa kwè Bondye ka leve moun mouri? 9Mwen menm tou, yon lè, mwen te kwè se pou m' te fè sa m' kapab pou disparèt non Jezi, moun Nazarèt la. 10Se sa m' te fè lavil Jerizalèm. Mwen te resevwa yon pouvwa espesyal nan men chèf prèt yo pou sa. Mwen te mete anpil patizan Kris yo nan prizon. Lè yo t'ap kondannen yo amò, mwen te dakò nèt ale. 11Anpil fwa, mwen te fè bat yo nan tout sinagòg, mwen te konn fòse yo vire do bay Bondye. Mwen te sitèlman pa t' vle wè yo, mwen te konn al pèsekite yo jouk nan peyi etranje. 12Se konsa, mwen tapral Damas avèk pouvwa ansanm ak lòd chèf prèt yo te ban mwen. 13Antan m' te sou wout la, vè midi konsa, monwa, mwen wè yon limyè ki soti nan syèl la pi klere pase solèy la. Li te klere tout kote m' te ye a ansanm ak moun ki t'ap vwayaje avè m' yo. 14Nou tout nou tonbe atè. Epi mwen tande yon vwa ki di m' an lang ebre: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen? W'ap fè tèt ou mal lè w'ap voye pye konsa tankou yon chwal k'ap voye pye lè mèt li ap bat li. 15Mwen mande: Ki moun ou ye, Seyè? Epi l' di m': Mwen se Jezi w'ap pèsekite a. 16Men, leve kanpe sou pye ou. Mwen fè ou wè m', se pou ou kapab sèvi mwen. Wi, ou pral sèvi m' temwen, ou pral di lòt moun yo jan ou te wè m' jòdi a epi wa fè yo konnen tou sa m'a fè ou wè apre sa. 17M'a delivre ou anba men pèp jwif yo, anba men moun lòt nasyon yo. Se mwen menm k'ap voye ou ba yo, 18pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo soti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a. 19Se konsa, wa Agripa, mwen pa dezobèyi vizyon ki te soti nan syèl la vin jwenn mwen. 20Mwen kòmanse bay moun nan lavil Damas ak nan Jerizalèm mesaj la. Apre sa, m' ale nan tout peyi Jide ak nan mitan moun lòt nasyon yo. Mwen t'ap mande yo pou yo chanje lavi yo, pou yo tounen vin jwenn Bondye, pou yo fè bagay ki pou fè wè yo chanje tout bon. 21Se poutèt sa wi jwif yo mete men sou mwen nan tanp lan, se poutèt sa yo t'ap seye touye mwen. 22Mentou, Bondye toujou pwoteje m' jouk jòdi a. Mwen la toujou pou m' sèvi l' temwen devan tout moun, grannèg kou malere. Sa ou wè m'ap di la a, se sa menm pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di gen pou rive. 23Kris la te gen pou l' soufri. Se li menm ki an premye gen pou l' leve soti vivan nan lanmò pou l' fè pèp Izrayèl la ansanm ak tout lòt nasyon yo konnen limyè k'ap delivre yo a. 24Antan Pòl t'ap pale konsa pou defann tèt li, Festis rele byen fò: Ou fou, Pòl! Twòp lespri fè ou pèdi tèt ou. 25Pòl reponn li: Mwen pa fou non, ekselans. Tout pawòl mwen di la a se verite a tou klè, epi yo gen sans. 26Wa Agripa konn tout bagay sa yo. Se poutèt sa mwen pa pè pale devan li. Mwen sèten li konnen tout bagay sa yo, paske pa gen okenn ladan yo mwen te fè an kachèt. 27Wa Agripa, èske ou pa kwè sa pwofèt yo di? Mwen konnen ou kwè. 28Agripa di Pòl: Talè konsa ou pral pran tèt mwen tou pou fè m' kretyen? 29Pòl reponn li: Kit koulye a, kit pita, m'ap lapriyè Bondye ni pou ou ni pou nou tout k'ap koute m' jòdi a pou yon lè konsa nou vin tankou m', wetan chenn sa yo! 30Wa a, gwouvènè a, Berenis ansanm ak tout moun ki te la yo leve. 31Apre yo fin ale, yonn t'ap di lòt: Nonm sa a pa fè anyen ki merite prizon, ale wè lanmò. 32Agripa di Festis konsa: Si nonm sa a pa t' mande pou Seza tande l', ou ta ka lage l' wi.

Você sabia?
A defesa de Paulo diante do rei Agripa
- O Dicionário Bíblico de Easton (1897) identifica o Agripa desta audiência como Agripa II, nascido em Roma no ano 27 d.C. e irmão de Berenice e Drusila. A obra registra que o imperador Cláudio o nomeou superintendente do Templo de Jerusalém em 48 d.C. e governador de Cálcis em 50 d.C., e depois rei sobre a tetrarquia de Filipe e Lisânias. Esse pano de fundo ilumina o apelo de Paulo à familiaridade do rei com os costumes e as controvérsias dos judeus, e Berenice, irmã de Agripa, estava presente e se levantou com o rei e o governador quando a audiência terminou.Fontes: Agrippa · Bernice · o próprio texto bíblico
- Festo, que sucedera a Félix como procurador da Judeia, ouviu Paulo em Cesareia na presença de Herodes Agripa II e de Berenice. Não encontrou nele nada que merecesse morte ou prisão e o teria libertado, mas Paulo havia apelado para César; por isso Festo o enviou a Roma.Fontes: Portius Festus · o próprio texto bíblico
- Paulo conta a Agripa que, por volta do meio-dia, no caminho de Damasco, viu uma luz do céu, mais brilhante que o sol, brilhando ao redor dele e de seus companheiros, e ouviu uma voz em hebraico que o chamava de Saulo. Damasco fica a cerca de 133 milhas ao norte de Jerusalém. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) diz que Saulo era seu nome hebraico e que o nome Paulo provavelmente também lhe foi dado na infância para uso no mundo gentio; ele era natural de Tarso, capital da Cilícia, província romana no sudeste da Ásia Menor.Fontes: Paul · Damascus · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 4, 10, 20
- Nazareth · 32.702, 35.298 · versículo 9
- Damascus · 33.511, 36.306 · versículos 12, 20
- Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículo 20
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org