Atos 2
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Lè jou Lapannkòt la rive, yo tout te reyini ansanm menm kote a. 2Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle; li plen tout kay kote yo te chita a. 3Lè sa a, yo wè yon bann lang parèt tankou ti flanm dife ki separe yonn ak lòt epi ki al poze grenn pa grenn sou tèt yo chak. 4Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale. 5Lè sa a, te gen yon bann jwif ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm. Se te moun devwe pou Bondye ki te soti nan tout peyi sou latè. 6Lè yo tande bri a, yon kantite ladan yo sanble. Yo tout te sezi anpil paske yo t'ap tande moun yo pale nan lang peyi yo chak. 7Yo pa t' manke sezi. Yo t'ap gade, yo t'ap di: Moun sa yo k'ap pale la a, apa moun Galile yo tout ye? 8Ki jan nou fè tande y'ap pale nan lang peyi nou? 9Nan nou la a gen moun Pat, moun Medi ak moun Elam, gen moun Mezopotami, moun Jide, moun Kapadòs, moun Pon ak moun Lazi. 10Gen moun Friji, moun Panfili, moun Lejip, moun teritwa Libi ki toupre Sirèn. Genyen ki soti lavil Wòm. 11Nan nou gen jwif, gen moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo, gen moun ki soti Lakrèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou fè tande yo ap pale lang nou, y'ap rakonte bèl bagay Bondye te fè? 12Yo tout te sezi, yo pa t' konn sa pou yo te kwè. Yonn t'ap di lòt: Sa sa vle di? 13Gen lòt moun menm ki t'ap pase yo nan rizib. Yo t'ap di: Moun sa yo sou. 14Lè sa a, Pyè kanpe ansanm ak lòt onz apòt yo, li pale byen fò, li di foul moun yo konsa: Nou menm moun Jide ansanm ak nou tout k'ap pase kèk jou isit lavil Jerizalèm, nou fèt pou nou konnen sa. Koute sa m' pral di nou la a. 15Moun sa yo pa sou jan nou kwè a. Se nevè dimaten li ye sèlman. 16Men, sa pwofèt Joèl te fè konnen gen pou rive a, se sa k'ap pase koulye a: 17Men sak pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m' sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv. 18Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m' sou tout sèvitè m' yo, fi kou gason, epi y'a bay mesaj ki soti nan Bondye. 19Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, mwen pral fè mirak anba sou latè! Va gen san, dife ak gwo nwaj lafimen. 20Solèy la pral vin tou nwa. Lalin lan pral vin wouj kou san, anvan jou Mèt la rive. Se va yon gwo jou, yon bèl jou tou! 21Lè sa a nenpòt moun ki va rele non Bondye va delivre. 22Nou menm moun laras Izrayèl, koute sa m' pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se Bondye menm ki te voye l' paske nou te wè tout mirak, tout bèl bagay ak tout siy Bondye te ba l' pouvwa fè nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen. 23Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l' la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l', nou fè yon bann mechan kloure l' sou yon kwa. 24Men, Bondye fè l' leve vivan ankò, li delivre l' anba doulè lanmò a paske se pa t' posib pou lanmò te kenbe l' anba pouvwa li. 25Men sa David te ekri sou li: Mwen te wè Bondye, Mèt la, tout tan devan je mwen. Paske li toujou bò kote m'. Anyen pa ka brannen m'. 26Se poutèt sa kè m' kontan anpil, se pawòl kontantman ase ki nan bouch mwen. Menm kò mwen, m'ap poze l' avèk espwa nan Bondye. 27Paske, ou p'ap kite m' kote mò yo ye a. Ou p'ap pèmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè. 28Ou fè m' konnen tout chemen ki bay lavi a. M'ap kontan nèt paske ou toujou la avèk mwen. 29Frè m' yo, pèmèt mwen pale kareman ak nou. David, zansèt nou an, mouri, yo antere l'. Tonm li la nan mitan nou jouk jòdi a. 30Men, David te yon pwofèt, li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te sèmante li t'ap fè yonn nan pitit li yo wa tankou li. 31David te wè sa Bondye tapral fè a. Se konsa li te di Kris la te gen pou l' leve soti vivan nan lanmò lè l' di: Yo p'ap kite l' kote mò yo ye a. Kò li p'ap tounen pouriti. 32Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan; nou tout nou temwen bagay sa a. 33Bondye fè l' moute nan syèl la vin sou bò dwat li, li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la, li vide l' sou nou. Enben, se sa n'ap wè, se sa n'ap tande koulye a. 34Se pa David ki te moute nan syèl la. Men, li te di: Bondye te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, 35jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou. 36Tout pèp Izrayèl la fèt pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Seyè, se li menm Bondye fè Kris la. 37Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo santi kè yo boulvèse. Yo mande Pyè ansanm ak lòt apòt yo: Frè nou yo, kisa pou nou fè? 38Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a. 39Paske pwomès la, Bondye fè l' pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li. 40Pyè t'ap di yo anpil lòt pawòl ankò pou l' te fè yo kwè, pou l' te ankouraje yo. Li t'ap di yo konsa: Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan moun pèvèti sa yo. 41Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t'ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil (3.000) moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo. 42Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè. 43Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bèl bagay apòt yo t'ap fè. 44Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm. 45Yo vann tè yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun. 46Toulejou, yo tout reyini ansanm nan tanp lan; yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avèk kè kontan san okenn pretansyon. 47Yo t'ap fè lwanj Bondye. Tout moun te renmen yo. Chak jou Bondye t'ap mete lòt moun li t'ap delivre yo nan gwoup la.

Você sabia?
O Espírito vem no Pentecostes
- Judeus tementes a Deus, de todas as nações debaixo do céu, já moravam em Jerusalém quando um som como o de um vento forte e impetuoso veio do céu e encheu a casa, e os que falavam começaram a anunciar as maravilhas de Deus em outras línguas. Neste capítulo, “Ásia” é a província romana da Ásia Proconsular, na parte ocidental da Ásia Menor, cuja capital era Éfeso — e não o continente com esse nome. O Ponto, ao longo da costa sul do mar Euxino, era uma província romana no tempo dos apóstolos e um lugar frequentado por muitos judeus da Dispersão; a Capadócia era a província mais oriental e a maior da Ásia Menor.Fontes: o próprio texto bíblico · Asia · Pontus · Cappadocia
- A multidão ficou espantada de que os que falavam fossem galileus. Quem se levantou com os Onze e lhes falou foi Simão Pedro, chamado antes Simão — isto é, Simeão, que significa “ouvir” —, um pescador de Betsaida, na costa ocidental do mar da Galileia, a quem seu irmão mais novo, André, levou primeiro a Jesus.Fontes: o próprio texto bíblico · Simon Peter
- Pedro disse que aquilo era o que havia falado o profeta Joel. Joel, o segundo dos doze profetas menores, era filho de Petuel, e sua história pessoal só é conhecida pelo seu livro. Pedro também citou Davi, o oitavo e o mais novo dos filhos de Jessé, de Belém, e disse à multidão que esse patriarca havia morrido e fora sepultado, e que seu túmulo ainda estava com eles em Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico · Joel · David
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 5, 14
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 7
- Asia · 38.400, 28.300 · versículo 9
- Cappadocia · 38.671, 34.839 · versículo 9
- Judea · Hoje: Judea 1 · 31.777, 35.234 · versículos 9, 14
- Mesopotamia · Hoje: Aram-naharaim · 36.864, 39.033 · versículo 9
- Pontus · 40.680, 37.830 · versículo 9
- Cyrene · 32.821, 21.851 · versículo 10
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 10
- Libya · 32.821, 21.851 · versículo 10
- Pamphylia · 37.000, 31.000 · versículo 10
- Phrygia · 39.000, 31.000 · versículo 10
- Rome · 41.892, 12.485 · versículo 10
- Nazareth · 32.702, 35.298 · versículo 22
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org