Atos 16
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Apre sa, Pòl ale lavil Dèb epi l' rive lavil List. Nan List te gen yon disip yo rele Timote. Manman l' te yon jwif ki te kwè nan Jezi tou, men papa l' te yon moun peyi Lagrès. 2Frè ki t'ap viv nan List ak Ikoniòm yo te bay bon rapò pou Timote. 3Pòl te vle mennen l' avèk li. Li pran l', li sikonsi l' paske tout jwif ki te nan peyi a te konnen papa Timote te grèk. 4Nan tout lavil kote yo pase yo te mete disip yo an konesans desizyon apòt yo ak ansyen yo te pran lavil Jerizalèm, yo t'ap mande yo pou yo te soumèt devan desizyon an. 5Tout legliz yo t'ap vin pi fèm nan lafwa, chak jou yo t'ap gen plis moun toujou. 6Sentespri pa t' kite Pòl ak Timote al anonse pawòl Bondye a nan pwovens Lazi a. Se sak fè yo te pase nan zòn Friji ak zòn Galasi san rete. 7Lè yo rive toupre lavil Mizi, yo te vle ale Bitini, men Lespri Jezi a pa t' pèmèt yo fè sa. 8Yo pase nan Mizi san rete, yo desann lavil Twoas. 9Nan mitan lannwit, Pòl fè yon vizyon: li wè yon nonm ki te soti peyi Masedwan kanpe devan l' ki t'ap di li: Tanpri, vin nan peyi Masedwan, vin pote nou sekou. 10Apre Pòl te fè vizyon sa a, lamenm nou chache pou n' ale peyi Masedwan. Nou te sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n' te al pote bon nouvèl la bay moun ki nan peyi sa a. 11Nou pran batiman lavil Twoas, nou fè vwal tou dwat pou lil Samotras. Apre yon jou, nou rive lavil Neapolis. 12Antan nou la, n' al lavil Filip, premye lavil nan distrik Masedwan lan: Se te yonn nan koloni sou zòd lavil Wòm yo. Nou pase plizyè jou nan lavil sa a. 13Jou repo a, nou soti, n' al lòt bò pòtay lavil la bò larivyè a. Nou t'ap chache kote jwif yo te konn lapriyè a. Nou chita, nou t'ap pale ak fanm ki te sanble la yo. 14Yonn ladan yo te rele Lidi. Se te moun lavil Tiyati, yon machann bèl twal koulè wouj yo vann byen chè a. Li te konvèti nan relijyon jwif yo. Li t'ap koute nou. Seyè a louvri lespri l' pou l' te swiv tou sa Pòl t'ap di. 15Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: Se pou n' vini, se pou n' fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Seyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li. 16Yon jou nou tapral kote yo konn lapriyè a, nou kontre ak yon tifi. Se te yon sèvant, li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' konn pase kat pou moun. Lè konsa tifi a te fè mèt li yo fè anpil lajan. 17Li tanmen swiv Pòl ak nou, li t'ap rele byen fò: Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la. Y'ap fè nou konnen chemen pou n' pran pou n' ka jwenn delivrans. 18Li t'ap fè sa pandan plizyè jou. Pòl menm te bouke ak fi a. Li vire, li di lespri a: Nan non Jezikri, mwen ba ou lòd, soti sou fi a. Menm lè a, lespri a soti sou li. 19Lè mèt sèvant lan wè yo te pèdi tout espwa fè lajan ak tifi a, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo sou plas piblik la devan otorite yo. 20Yo mennen yo devan chèf lavil Wòm yo, epi yo di: Mesye sa yo ap fè dezòd nan lavil nou an. Se jwif yo ye. 21Y'ap plede moutre moun yo yon bann bagay lalwa nou an pa pèmèt. Nou menm, se moun lavil Wòm nou ye, nou pa ka asepte fè bagay sa yo. 22Foul moun yo te moute kont yo tou. Chèf women yo fè rache rad ki te sou Pòl ak Silas, epi yo bay lòd pou bat yo ak fwèt. 23Apre yo fin bat yo byen bat, yo mete yo nan prizon. Yo bay chèf prizon an lòd pou veye mesye yo byen. 24Lè l' resevwa lòd sa a, chèf prizon an mete yo nan kacho ki jouk nan fon prizon an. Epi l' mete pye yo nan sèp. 25Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute. 26Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase. 27Chèf prizon an leve. Lè l' wè tout pòt prizon yo louvri, li rale nepe l', li tapral touye tèt li paske li te kwè prizonye yo te sove. 28Men, Pòl kriye byen fò: Pa fè tèt ou mal. Nou tout la. 29Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l' atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè. 30Apre sa, li fè yo soti, li mande yo: Mesye, kisa m' dwe fè pou m' delivre? 31Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou. 32Epi yo fè l' konnen pawòl Seyè a, limenm ansanm ak tout moun ki te lakay li. 33Menm lè a, nan mitan lannwit lan, li pran yo, li mete renmèd sou tout kote yo te blese. Lèfini, Pòl ak Silas batize l' ansanm ak tout fanmi li. 34Chèf prizon an fè yo moute lakay li, li ba yo manje. Nonm lan te kontan anpil ansanm ak tout fanmi l' paske koulye a yo te kwè nan Bondye. 35Lè solèy fin leve, chèf moun lavil Wòm yo voye gad di chèf prizon an: Lage mesye yo. 36Chèf prizon an ale di Pòl: Chèf yo voye di pou yo lage nou. Nou mèt soti koulye a. Ale ak kè poze. 37Men, Pòl di gad yo konsa: Gade non! Se sitwayen lavil Wòm nou ye wi. Yo bat nou devan tout moun san yo pa jije nou jan yo te dwe fè l' la. Apre sa, yo mete nou nan prizon. Koulye a yo vle lage nou an kachèt. Non, nou pa nan sa. Se chèf moun lavil Wòm yo menm ki pou vin mete nou deyò. 38Gad yo al rapòte pawòl sa yo bay chèf yo. Lè chèf yo tande se sitwayen lavil Wòm mesye yo te ye, yo soti pè. 39Yo vin eskize yo bò kote apòt yo, yo lage yo. Lèfini yo mande yo pou kite lavil la. 40Lè apòt yo soti nan prizon an, yo antre lakay Lidi. Yo wè frè yo, yo ba yo kèk pawòl ankourajman, epi yo pati, y' ale.

Você sabia?
De Listra a Filipos
- Em Listra, Paulo encontrou Timóteo, um discípulo de quem os irmãos de Listra e Icônio falavam bem, filho de uma judia crente e de pai grego. Querendo-o como companheiro, Paulo o circuncidou por causa dos judeus dali, que sabiam que seu pai era grego. O dicionário bíblico de Easton (1897) diz que Timóteo provavelmente morava em Listra e parece ter se convertido na visita anterior de Paulo.Fontes: o próprio texto bíblico · Timotheus
- Depois de serem impedidos de falar na província da Ásia, Paulo e seus companheiros viajaram pela Frígia e pela Galácia. Na fronteira da Mísia não lhes foi permitido entrar na Bitínia, e então desceram a Trôade, o principal porto da Mísia, na costa noroeste da Ásia Menor, cidade que recebeu o nome da antiga Troia, cerca de quatro milhas ao norte. Ali, uma visão noturna de um homem da Macedônia que pedia ajuda os levou a navegar para essa província romana ao norte da Grécia.Fontes: o próprio texto bíblico · Mysia · Troas · Macedonia
- Na colônia romana de Filipos, Paulo e seus companheiros encontraram, junto ao rio e fora da porta da cidade, um lugar onde era costume orar, e ali mulheres estavam reunidas. Entre elas estava Lídia, comerciante de tecidos de púrpura, de Tiatira, e adoradora de Deus; depois que ela e os de sua casa foram batizados, ela convenceu os viajantes a ficarem em sua casa. O dicionário bíblico de Easton (1897) a descreve como uma prosélita de riqueza considerável e como a primeira pessoa na Europa a abraçar o cristianismo.Fontes: o próprio texto bíblico · Lydia
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Lystra · Hoje: Tel Lystra · 37.602, 32.338 · versículos 1, 2
- Iconium · Hoje: Konya · 37.872, 32.492 · versículo 2
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 4
- Asia · 38.400, 28.300 · versículo 6
- Galatia · 39.267, 32.983 · versículo 6
- Phrygia · 39.000, 31.000 · versículo 6
- Bithynia · 40.500, 31.000 · versículo 7
- Mysia · 40.000, 28.500 · versículos 7, 8
- Troas · Hoje: Alexandria Troas · 39.752, 26.159 · versículos 8, 11
- Greece · 37.972, 23.727 · versículo 9
- Macedonia · 41.600, 22.540 · versículos 9, 10, 12
- Neapolis · Hoje: Kavala · 40.935, 24.415 · versículo 11
- Samothrace · Hoje: Samothraki · 40.450, 25.583 · versículo 11
- Philippi · 41.012, 24.285 · versículo 12
- Thyatira · Hoje: Akhisar · 38.920, 27.837 · versículo 14
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org