Nations Bible

2 Samuel 7

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Wa David te byen chita nan palè li. Seyè a te pwoteje l', li te fè tout lènmi ki te alantou peyi a pa chache l' kont ankò. 2Wa a pale ak pwofèt Natan, li di l' konsa: -Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Seyè a se anba yon kay twal li ye. 3Natan reponn li: -Tou sa ou gen lide fè, ou mèt fè l', paske Seyè a kanpe la avè ou. 4Men, menm jou lannwit sa a, Seyè a pale ak Natan, li di l' konsa: 5-Ale di David, sèvitè m' lan, men sa mwen menm Seyè a, mwen voye di l': Se pa ou menm ki pral bati yon tanp pou m' rete. 6Depi jou mwen te fè moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen pa janm rete nan yon kay. Tout kote m' pase se anba yon tant twal mwen toujou ye. 7Nan tout deplase mwen ansanm ak moun Izrayèl yo, mwen pa janm mande yonn nan chèf mwen te chwazi pou gouvènen pèp mwen an poukisa yo pa bati yon kay an bwa sèd pou mwen. 8Koulye a, men sa w'a di David, sèvitè m' lan: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp mwen an. 9Nan tou sa ou t'ap fè, mwen te kanpe la avè ou. Mwen kraze tout lènmi ou yo devan ou. Mwen pral fè yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chèf ki sou latè. 10Lèfini, mwen pare yon kote pou pèp Izrayèl mwen an. Mwen pral tabli yo la pou yo ka viv san yo pa bezwen pè anyen ankò. Mechan yo p'ap vin maltrete yo ankò jan yo te konn fè l' anvan an, 11lè mwen te mete jij yo pou gouvènen pèp Izrayèl mwen an. M'ap delivre ou anba men tout lènmi ou yo. Mwen te fè ou konnen m'ap ba ou pitit ak pitit pitit. 12Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm. 13Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan. 14M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Si li fè sa ki mal, m'ap korije l' tankou yon papa korije pitit gason li. 15Men, m'ap toujou soutni l', mwen p'ap lage l' jan mwen te lage Sayil lè mwen te kite l' tonbe pou m' te mete ou nan plas li. 16Ap toujou gen moun nan fanmi ou chita sou fotèy la ap gouvènen apre ou, paske m'ap fè gouvènman fanmi ou lan kanpe fèm pou tout tan. 17Natan rakonte David tou sa Bondye te fè l' konnen nan vizyon an. 18Apre sa, wa David ale nan tanp lan, li chita devan Seyè a, li di l' konsa: -Seyè, Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye, kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tou sa ou deja fè pou nou? 19Men ou wè sa pa kont toujou, Seyè, Bondye sèl Mèt la, kifè koulye a w'ap fè konnen sa ki pral rive fanmi mwen denmen nan lanne k'ap vini yo. Epi ou fè m' konn sa, mwen menm ki yon senp moun, Seyè, Bondye sèl Mèt la! 20Kisa mwen menm David, mwen ka di ou, Seyè, apre sa? Ou konnen ki moun mwen ye, mwen menm k'ap sèvi ou la. 21Se paske ou te fè pwomès la, se paske ou te vle l' konsa, kifè ou te fè tout bèl bagay sa yo pou ou te fè m' konnen yo. 22Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou la gwo! Pa gen tankou ou! Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa. 23Pa gen lòt nasyon sou latè tankou pèp Izrayèl la! Se ou menm ki delivre yo pou yo te ka tounen yon pèp ki rele ou pa ou. Se pou yo ase ou fè sa. Toupatou sou latè, y'ap nonmen non ou yo pou gwo mirak ak bèl bagay ou fè pou yo. Ou mete lòt nasyon deyò nan peyi ou la ansanm ak bondye yo pou fè plas pou pèp ou, pèp ou te delivre anba pouvwa pèp peyi Lejip la, pou yo te ka tounen pèp pa ou. 24Ou fè pèp Izrayèl la tounen pèp pa ou pou tout tan, ou menm ou tounen Bondye yo. 25Koulye a, Seyè, Bondye, se pou ou kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la ansanm ak fanmi li an. Se pou ou fè sa ou di w'ap fè a. 26Toupatou sou latè y'a toujou rekonnèt jan ou gen pouvwa. y'a di se Seyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan anba pwoteksyon ou. 27Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, se ou menm ki te fè m' konnen tou sa. Ou te di m', mwen menm sèvitè ou la, w'ap ban mwen yon fanmi, lèfini w'ap fè baton gouvènman an toujou rete nan men fanmi mwen. Se poutèt sa mwen gen kouraj fè lapriyè sa a nan pye ou. 28Koulye a, Seyè sèl Mèt, se ou ki Bondye tout bon an. Ou toujou kenbe pwomès ou yo. Gade bèl pawòl kè kontan ou di sèvitè ou la! 29Tanpri, beni tout fanmi mwen apre mwen pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Seyè sèl Mèt, ou te pwomèt mwen sa. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A aliança de Deus com Davi

  • O profeta Natã aparece aqui pela primeira vez no relato bíblico. Ele serviu como conselheiro de confiança durante os reinados de Davi e Salomão, guiando mais tarde a sucessão ao trono e confrontando o rei em momentos decisivos.Fontes: Nathan · o próprio texto bíblico
  • Quando Davi propôs construir um templo permanente de cedro, Deus respondeu com um jogo de palavras sobre o termo "casa". Em vez de Davi construir uma casa física para a arca, Deus prometeu edificar para Davi uma "casa" duradoura: uma dinastia real cujo trono seria estabelecido para sempre.Fontes: o próprio texto bíblico · David
  • Deus lembrou a Davi que, desde a saída de Israel do Egito, Sua presença havia se movido em uma tenda em vez de habitar em um edifício fixo de cedro, ressaltando o santuário móvel que acompanhara a nação ao longo de gerações.Fontes: o próprio texto bíblico · Egypt

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 6, 23

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.