Nations Bible

2 Samuel 5

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l' konsa: -Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou. 2Depi lontan, menm sou rèy Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l' pase. Lèfini ankò, Seyè a te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la, se ou menm ki pral chèf yo. 3Se konsa tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l' devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l' wa sou pèp Izrayèl la tou. 4David te gen trantan lè l' rive wa. Li kòmande pandan karantan. 5Antan lavil Ebwon, li kòmande moun Jida yo pandan sètan simwa. Lavil Jerizalèm, li kòmande ni moun pèp Izrayèl yo ni moun pèp Jida yo pandan tranntwazan. 6Apre sa, wa David pati pou lavil Jerizalèm ansanm ak sòlda li yo, li al atake moun Jebis yo ki te rete nan zòn sa a. Moun Jebis yo te konprann David pa ta ka antre pran lavil la. Yo di l' konsa: -Ou p'ap janm ka rive antre nan lavil nou an. Ata moun je pete ak moun enfim ka gen kont fòs pou mete ou deyò. 7Men, David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la. 8Jou sa a, David te di moun pa li yo: -Tout moun ki vle atake moun Jebis yo va pase nan kannal la, y'a tonbe sou bann enfim ak je pete sa yo ki pa vle wè m' yo. Se depi lè sa a yo di moun je pete ak moun enfim pa gen dwa mete pwent pye yo nan Tanp Seyè a. 9Apre sa, David al rete nan gwo fò a, li rele l' lavil David la. Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a. 10Chak jou David t'ap vin pi fò. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te avè l'. 11Se konsa, Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kot David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs chapant ak bòs mason ki bati yon palè pou David. 12Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Seyè a menm ki te mete l' wa pèp Izrayèl la. Se li menm menm ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li a, akòz pèp li a, pèp Izrayèl la. 13Lè David kite lavil Ebwon pou li al lavil Jerizalèm, rive la li pran lòt madanm ak lòt fanm kay ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi. 14Men jan yo te rele pitit David ki te fèt lavil Jerizalèm yo: Chamwa, Chobab, Natan, Salomon, 15Jibka, Elichwa, Nefèg, Jafya, 16Elichama, Elyada ak Elifelèt. 17Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y' al mete men sou li. Lè David pran nouvèl la, li desann al kache nan yon fò. 18Moun Filisti yo rive, yo pran tout fon Refayim lan pou yo. 19David pale ak Seyè a, li mande l': -Eske se pou m' atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m'? Seyè a reponn li: -Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou. 20David ale Baal Perazim.li bat moun Filisti yo. Lèfini, li di: -Tankou yon lavalas, Seyè a pase, li louvri yon pasaj pou mwen nan mitan lènmi m' yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Baal Perazim. 21Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè nan plenn lan. David ak moun pa l' yo pran yo pote ale. 22Moun Filisti yo tounen nan fon Refayim lan, yo pran tout plenn lan pou yo ankò. 23David mande Seyè a sa pou l' fè. Seyè a di l': -Pa atake yo pa devan. Pase pa dèyè yo. Pare kò ou pou ou atake yo bò pye gayak yo. 24Lè w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tèt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di m'ap pran devan ou pou m' bat lame moun Filisti yo. 25David fè sa Seyè a te mande l' fè a. Li bat moun Filisti yo, li kouri dèyè yo depi Lavil Gebarive lavil Gezè.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Davi rei sobre todo o Israel e a conquista de Jerusalém

  • Após reinar por sete anos e meio em Hebrom, Davi unificou Israel e conquistou a fortaleza montanhosa de Sião dos jebuseus. Ele renomeou a fortaleza como a Cidade de Davi e expandiu suas defesas a partir do Milo, ou terraços de sustentação.Fontes: o próprio texto bíblico · Zion · Millo · Hebron
  • Hirão, rei da cidade costeira fenícia de Tiro, estabeleceu uma aliança com Davi enviando madeira de cedro, carpinteiros e pedreiros para construir um palácio real em Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico · Hiram · Tyre
  • Localizado a sudoeste de Jerusalém, o vale de Refaim serviu de base para as incursões filisteias assim que souberam que Davi havia sido ungido rei sobre todo o Israel.Fontes: o próprio texto bíblico · Valley of Rephaim

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Hebron · Hoje: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · versículos 1, 3, 5, 13
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 5, 6, 13, 14
  • City of David · 31.774, 35.236 · versículos 7, 9
  • Zion · Hoje: Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 7
  • Tyre · 33.271, 35.196 · versículo 11
  • Valley of Rephaim · 31.763, 35.219 · versículos 18, 22
  • Gezer · Hoje: Tel Gezer · 31.859, 34.919 · versículo 25

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.