2 Samuel 2
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Apre sa, David mande Seyè a: -Eske se pou m' ale nan yonn nan lavil peyi Jida yo? Seyè a reponn li: -Wi. Se pou ou ale! David mande l': -Kote pou m' ale? Seyè a di l': -Lavil Ebwon. 2Se konsa, David pran de madanm li yo, Akenoam ki te moun lavil Jizreyèl, ak Abigayèl, vèv Nabal la, ki te moun lavil Kamèl, li pati pou Ebwon. 3Li mennen moun ki te avè l' yo tou ansanm ak tout fanmi yo. Y' al rete lavil Ebwon ak nan tout ti bouk ki toupre l' yo. 4Apre sa, moun Jida yo rive lavil Ebwon, yo fè seremoni pou mete David apa pou sèvi wa peyi Jida. David vin pran nouvèl se moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, ki te antere Sayil. 5Lè sa a, li voye kèk mesaje di yo konsa: -Se pou Seyè a beni nou, paske nou moutre jan nou pa janm lage Sayil, mèt nou an. Nou antere l'. 6Mwen mande Seyè a pou li aji byen ak nou tou, pou li pa janm lage nou. Mwen menm pou tèt pa m', m'ap aji byen avèk nou tou poutèt sa nou fè a. 7Koulye a, pran kouraj! Mete gason nou nou! Sayil, mèt nou an, mouri. Se mwen menm moun Jida yo mete apa pou wa yo. 8Abnè, pitit gason Nè a, kòmandan lame Sayil la, pran Ichbochèt, pitit gason Sayil la, li mennen l' lavil Manayim, lòt bò larivyè Jouden. 9Rive la, li nonmen Ichbochèt wa peyi Galarad, peyi Asè, peyi Jizreyèl, peyi Efrayim ak peyi Benjamen, ki vle di wa tout pèp Izrayèl la. 10Ichbochèt, pitit gason Sayil la, te gen karantan lè yo fè l' wa peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan dezan. Men, moun branch fanmi Jida yo te kanpe avèk David. 11David te wa peyi Jida a pandan sètan sis mwa. Se Ebwon li te rete. 12Abnè leve ansanm ak moun Ichbochèt yo, yo kite lavil Manayim, y' ale lavil Gabawon. 13Joab menm, pitit gason Sewouya a, leve ansanm ak sòlda David yo, yo kite lavil Ebwon, yo pati tou. Yo kontre ak moun Abnè yo bò rezèvwa Gabawon an. De lame yo pran pozisyon, yonn chak bò rezèvwa a. 14Abnè di Joab konsa: -Annou chwazi kèk jenn gason pou yo goumen devan nou la a. Joab reponn: -Dakò! 15Se konsa, douz gason nan branch fanmi Benjamen an kanpe pou Ichbochèt yon bò, douz gason kanpe pou moun David yo lòt bò. 16Mesye yo mare goumen. Yonn pran lòt nan tèt epi yonn foure nepe yo nan kò lòt. Se konsa yo tout tonbe ansanm, yo mouri. Se poutèt sa, yo rele kote sa a nan peyi Gabawon an Elkatazourim. 17Apre sa, yon gwo batay pete. Moun David yo kraze Abnè ansanm ak moun Izrayèl yo. 18Tou twa pitit gason Sewouya yo te la. Se te Joab, Abichayi ak Asayèl. Asayèl te konn kouri, ou ta di yon ti kabrit mawon. 19Li pran kouri pye pou pye dèyè Abnè ki t'ap chache chape kò l'. 20Abnè vire tèt li gade dèyè. Li di: -Se pa ou menm sa, Asayèl? Asayèl reponn li: -Men wi, se mwen. 21Abnè di l' konsa: -Sispann kouri dèyè m'. Pito ou kouri dèyè yonn nan sòlda yo. Lèfini, w'a pran tou sa li genyen. Men, Asayèl pa t' vle sispann kouri dèyè l'. 22Yon dezyèm fwa Abnè di l': -Asayèl, m' di ou sispann kouri dèyè m' wi! Pa fòse m' touye ou! Apre sa, ki jan m'a fè pou m' parèt devan Joab, frè ou la? 23Men, Asayèl pa t' vle sispann kouri dèyè l'. Lè sa a, Abnè ba li yon kou nan vant ak pwent dèyè frenn li an. Frenn lan travèse Asayèl, li soti nan do l'. Asayèl tonbe atè, li mouri frèt. Lè tout moun rive kote li te tonbe a yo rete la. 24Men Joab ak Abichayi pran kouri pi rèd dèyè Abnè. Solèy tapral kouche lè yo rive sou ti bit mòn Anma a, ki sou bò solèy leve lavil Giyak, sou chemen ki mennen nan dezè Gabawon an. 25Moun branch fanmi Benjamen yo sanble bò kote Anbè ankò. Yo pran pozisyon pou yo goumen sou tèt yon ti mòn. 26Abnè rele Joab, li di l' konsa: -Gen lè nou p'ap janm fini ak batay sa a? Ou pa wè sa ap fini mal pou nou tou de? Se frè nou ye. Sa w'ap tann pou ou bay moun ou yo lòd pou yo sispann kouri dèyè nou? 27Joab reponn li: -Mwen pran Bondye ki vivan an pou temwen. Si ou pa t' pale konsa se denmen maten moun pa m' yo t'ap sispann kouri dèyè ou. 28Joab fè kònen klewon. Tout moun li yo rete sou sa yo te fè, yo sispann kouri dèyè moun Izrayèl yo. Se konsa batay la fini. 29Abnè ak moun pa l' yo mache nan fon Jouden an tout lannwit lan. Lèfini, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an. Yo travèse tout zòn Bitwon an jouk yo rive lavil Manayim. 30Joab menm, lè li sispann kouri dèyè Abnè a, li sanble tout lame a. Te gen disnèf sòlda nan moun David yo ki pa t' reponn prezan san konte Asayèl. 31Patizan David yo te touye twasanswasant (0360) nan patizan Abnè yo, tout nan branch fanmi Benjamen an. 32Joab ak moun pa l' yo pran kadav Asayèl, y' al antere l' nan tonm fanmi an lavil Betleyèm. Apre sa, yo pase nwit lan ap mache. Solèy t'ap leve lè yo rive Ebwon.

Você sabia?
Dois reis e o confronto em Gibeão
- Após a morte de Saul, a nação se dividiu em dois reinos rivais. A tribo de Judá ungiu Davi como rei na cidade de Hebrom, ao sul, enquanto Abner, general de Saul, estabeleceu Isbosete, filho sobrevivente de Saul, para governar as tribos do norte a partir de Maanaim, a leste do rio Jordão.Fontes: o próprio texto bíblico · Abner · Ish-bosheth · Mahanaim
- Os principais comandantes militares de Davi — Joabe, Abisai e Asael — eram filhos de Zeruia, irmã de Davi. Esse estreito vínculo familiar colocou os sobrinhos de Davi no comando das forças de Judá durante as hostilidades contra a casa de Saul.Fontes: o próprio texto bíblico · Joab · Zeruiah · Asahel
- O conflito civil se intensificou junto ao açude de Gibeão por meio de um combate representativo entre doze guerreiros de Benjamim e doze das forças de Davi. Como todos os vinte e quatro lutadores morreram juntos na luta, o local recebeu o nome de Helcate-Hazurim antes de eclodir a batalha generalizada.Fontes: o próprio texto bíblico · Gibeon
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Hebron · Hoje: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · versículos 1, 3, 4, 11, 32
- Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 9
- Gibeon · Hoje: El Jib · 31.847, 35.183 · versículos 12, 13, 16, 24
- Helkath-hazzurim · Hoje: within 500 m of El Jib · 31.847, 35.183 · versículo 16
- Arabah · 30.417, 35.151 · versículo 29
- Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 29
- Bethlehem · 31.704, 35.208 · versículo 32
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org