2 Pedro 2
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula. 2Anpil moun pral swiv yo nan sa y'ap fè ki mal yo. Konsa, y'ap lakòz moun pale chemen laverite a mal. 3Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo. 4Bondye pa t' fè pa zanj ki te fè peche yo. Li te voye yo jete nan lanfè, li lage yo nan gwo twou kote ki fènwa anpil la, l'ap kenbe yo la pou yo tann jou jijman an. 5Bondye pa t' fè pa moun nan tan lontan yo. Men, li te delivre Noe, yon nonm ki te mache dwat devan li, ansanm ak sèt lòt moun lè li te voye gwo inondasyon an sou mechan yo. 6Li te kondannen lavil Sodòm ak lavil Gomò pou yo te disparèt, li fè yo tounen sann, pou sa te sèvi yon egzanp pou tout mechan ki gen pou vini apre yo. 7Men, li te delivre Lòt, yon nonm dwat ki te pran lapenn lè l' te wè move bagay mechan yo t'ap fè. 8Paske, nonm dwat sa a ki t'ap viv nan mitan yo a, lè li te wè, lè li te tande tout bagay mal moun sa yo t'ap fè, se chak jou li santi kè l' t'ap fann, paske li t'ap viv dwat devan Bondye. 9Konsa, Bondye konnen ki jan pou l' delivre moun k'ap sèvi l' yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l' ka peni yo jou jijman an, 10sitou moun k'ap viv pou lachè ak tout egzijans li yo, moun k'ap meprize otorite Bondye a. Moun sa yo gen je chèch konsa, yo awogan. Yo pa menm pè pale pouvwa yo ki nan syèl la mal. 11Menm zanj yo ki gen plis fòs ak plis pouvwa pase moun sa yo pa pote move akizasyon kont pouvwa ki nan syèl yo devan Bondye. 12Mesye sa yo menm, yo tankou bèt ki san konprann, k'ap viv dapre ensten yo epi ki la sou latè pou moun kenbe touye. Yo pale mal sou bagay yo pa konnen, yo gen pou yo peri menm jan ak bèt. 13Yo gen pou yo soufri pou tou sa yo te fè moun soufri. Yo pran plezi fè debòch gwo lajounen. Se yon wont, se yon eskandal lè moun sa yo k'ap pran plezi yo nan fè sa ki mal chita sou menm tab ak nou lè n'ap fè fèt. 14Je yo kale sou tout fanm. Se tout tan y'ap fè peche. Yo pran tèt moun ki fèb yo nan pèlen. Nanpwen moun renmen lajan tankou yo. Se moun ki anba madichon. 15Yo kite chemen ki dwat la, yo pèdi wout yo nèt. Yo pran swiv chemen Balaram, pitit Bozò a, ki te fè sa ki mal poutèt lajan. 16Men, yo te kouri dèyè l' pou mechanste li a: yon bourik ki pa menm gen lapawòl te pale avè l' tankou yon moun. Se sa ki te fè pwofèt la sispann aji tankou moun fou. 17Moun sa yo tankou sous dlo ki cheche, tankou nway gwo van ap pote ale. Kote ki fènwa anpil la ap pare tann yo tou. 18Y'ap pale ak awogans pawòl ki pa gen sans. Avèk lavi lib y'ap mennen pou satisfè lachè a, y'ap pran tèt moun ki fèk ap chape nan mitan moun k'ap viv nan manti yo. 19Yo pwomèt y'ap ba yo libète. Men, yo menm se esklav movèz vi a yo ye. Paske, yon moun esklav tout bagay ki donminen sou li. 20Moun ki rive konnen Jezikri tankou Seyè ak Sovè li, li fin chape anba tout vye bagay mal ki nan lemonn. Si apre sa, li tounen mele ladan yo ankò, si l' kite bagay sa yo pran pye sou li ankò, l'ap pi mal pou li pase jan l' te ye anvan an. 21Sa ta pi bon pou li si l' pa t' janm konnen chemen dwat la, pase pou, lè li fin konnen l' lan, li vire do bay kòmandman li te resevwa nan men Bondye a. 22Sa ki rive yo a moutre sa pwovèb la di a se vre: Chen an tounen vin manje sa li te vonmi an. Lave manman kochon, li al woule nan labou ankò.

Você sabia?
Falsos mestres e juízos do passado
- 2 Pedro aponta Sodoma e Gomorra, reduzidas a cinzas, como exemplo do que virá sobre os ímpios. O Dicionário Bíblico de Easton (1897) descreve Sodoma como uma cidade murada no vale de Sidim, destruída por fogo vindo do céu, e Gomorra como uma das cinco cidades dessa planície, sempre mencionada logo depois de Sodoma. Diz que essas cidades provavelmente ficavam próximas entre si, perto da extremidade norte do que hoje é o Mar Morto, e que nenhum vestígio de Sodoma ou das outras cidades da planície foi encontrado.Fontes: o próprio texto bíblico · Sodom · Gomorrah
- O capítulo diz que esses falsos mestres deixaram o caminho reto para seguir Balaão, filho de Beor, que amou o salário da maldade e foi repreendido por uma jumenta, de outro modo sem fala, que falou com voz humana. O Dicionário Bíblico de Easton descreve Balaão como um homem de certa posição entre os midianitas, que morava em Petor, na Mesopotâmia; embora vivesse entre idólatras, tinha algum conhecimento do verdadeiro Deus, e Balaque mandou chamá-lo para amaldiçoar Israel. O mesmo dicionário observa que Beor, pai de Balaão, é chamado Bosor em 2 Pedro 2:15.Fontes: o próprio texto bíblico · Balaam · Beor
- 2 Pedro chama Noé de pregador da justiça e diz que ele foi preservado entre oito pessoas quando o dilúvio veio sobre os ímpios do mundo antigo. O Dicionário Bíblico de Easton o identifica como filho de Lameque e neto de Matusalém, e o descreve como um elo entre o mundo antigo e o novo e como o segundo grande progenitor da família humana. Registra que ele viveu quinhentos anos antes de nascerem seus três filhos, Sem, Cam e Jafé.Fontes: o próprio texto bíblico · Noah
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org