2 Reis 11
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Lè Atali, manman Okozyas, vin konnen yo te touye pitit li a, li bay lòd pou yo touye tout rès fanmi wa a. 2Men lè yo t'ap touye pitit wa yo, Jocheba, pitit fi wa Joram, sè menm papa ak Okozyas la, te pran Joas, yonn nan pitit gason Okozyas yo, li kache l' ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la nan yon chanm kote moun dòmi nan tanp lan. Yo pa kite Atali wè Joas. Se konsa Joas pa mouri. 3Joas rete kache nan tanp lan ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la pandan sizan. Atali menm t'ap gouvènen peyi a. 4Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt la, fè chache tout kaptenn gadkò wa a ak tout chèf gad palè yo, li fè yo vin jwenn li nan tanp lan. La, li pran dizon ak yo, li fè yo fè sèman epi li moutre yo Joas, pitit wa a. 5Apre sa, li ba yo lòd sa a: —Men sa nou pral fè! N'ap separe moun k'ap vin pran pòs jou repo a an twa gwoup menm fòs, yon gwoup va fè pòs nan palè wa a, 6yon lòt gwoup va kanpe bò pòtay Sou a, dènye gwoup la va rete bò pòtay ki dèyè lòt gad yo. Y'a moute lagad nan palè wa a yonn apre lòt. 7De gwoup gad k'ap leve pòs jou repo a va moute gad nan tanp Seyè a pou pwoteje wa a. 8N'a fè yon gwo wonn ak wa a nan mitan. N'a kenbe zam nou nan men nou. Si yon moun ta vle pase nan mitan nou se pou nou touye l'. Kote wa a va fè, n'a fè avè l'. 9Kaptenn yo fè tou sa Jeojada, prèt la, te ba yo lòd fè a. Yo pran tout gad yo, ni sa ki t'ap pran pòs jou repo a, ni sa ki t'ap leve pòs jou sa a tou, y' al jwenn Jeojada, prèt la. 10Jeojada pran frenn ak plak pwotèj wa David yo ki te nan Tanp Seyè a, li bay kaptenn gad yo kenbe. 11Gad yo menm, yo chak ak zam yo nan men yo, li ranje yo tout devan Tanp lan depi sou bò dwat rive sou bò gòch, yo fè wonn lotèl la pou pwoteje wa a. 12Lè sa a, Jeojada fè pitit wa a soti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li renmèt li kontra Bondye a. Li vide lwil sou tèt li epi li deklare Joas wa. Tout moun bat bravo, yo pran rele: Viv wa a! 13Lè Atali tande tout bri gad yo ak pèp la t'ap fè, li kouri al nan tanp lan kote moun yo te ye a. 14Li wè wa a kanpe bò gwo poto a, jan sa te toujou fèt la. Tout chèf yo ak tout mizisyen yo te bò kote wa a, tout pèp la te kontan, yo t'ap kònen twonpèt. Lè Atali wè sa, kè l' kase. Li chire rad sou li, li rele: —Men yo moute yon konplo sou do m! 15Lamenm Jeojada, prèt la, bay kaptenn ki t'ap kòmande lame a lòd sa a: —Pase nan mitan de ran sòlda yo avè l', mennen l' deyò. Touye nenpòt moun nou wè k'ap swiv li. Prèt la pa t' vle pou yo touye l' nan Tanp Seyè a. 16Yo pran Atali, yo mennen l' nan palè wa a bò Pòtay Chwal yo. Se la yo touye l'. 17Apre sa, Jeojada, prèt la, pase yon kontra ant Seyè a ak wa a ansanm ak pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Seyè a yo ye. Li pase yon kontra tou ant wa a ak pèp la. 18Lèfini, tout pèp la al nan tanp Baal la, yo demoli l'. Yo kraze tout lotèl yo ak tout estati yo byen kraze. Yo touye Matan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Jeojada mete gad veye Tanp Seyè a. 19Apre sa, li menm, kaptenn yo, gad wa yo, gad palè yo ak tout pèp la, yo soti nan Tanp lan ansanm ak wa a, y' ale nan palè wa a. Yo pase antre nan pòt gad yo. Joas al chita sou fotèy wa a. 20Tout pèp la te kontan anpil. Yo te touye Atali ak kout nepe nan palè wa a. Apre sa, pa t' gen yon ti bri nan tout lavil la. 21Joas te gen sètan lè l' moute wa.

Você sabia?
A queda de Atalia e a coroação de Joás
- Atalia, filha de Acabe e Jezabel de Israel, tomou o trono de Judá após a morte de seu filho Acazias e tentou exterminar a família real. Durante seu reinado de seis anos, o culto ao deus fenício Baal se espalhou por Judá, mantendo seu próprio templo, altares e sacerdote em Jerusalém.Fontes: Athaliah · Baal · o próprio texto bíblico
- O menino Joás sobreviveu ao massacre porque sua tia Jeoseba, filha do rei Jeorão e irmã de Acazias, o escondeu com sua ama nas dependências do templo. Jeoseba é mencionada como a única princesa da casa real casada com um sumo sacerdote, Joiada.Fontes: Jehoshabeath · Jehoiada · o próprio texto bíblico
- Para proteger Joás, de apenas sete anos, durante sua coroação pública, o sacerdote Joiada armou os capitães de cem com lanças e escudos que haviam pertencido ao rei Davi e estavam guardados no templo.Fontes: Jehoiada · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Sur · Hoje: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 6
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org