2 Coríntios 13
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1M'ap vin lakay nou pou yon twazyèm fwa. Lè sa a, jan sa ekri nan Liv la, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen. 2M'ap avèti nou tout ki te fè peche anvan sa, ansanm ak tout lòt yo. Mwen te deja di nou sa lè m' te vin lakay nou dezyèm fwa a. Koulye a mwen pa la, m'ap repete l' ankò: pwochenn fwa m'ap tounen lakay nou, mwen p'ap mennaje pesonn. 3Nou bezwen prèv se Kris la k'ap pale lè m'ap pale, enben n'a jwenn li. Kris la pa fèb non lè l'ap regle ak nou. Okontrè, l'ap fè nou wè pouvwa li. 4Wi, se vre: yo te kloure l' sou yon kwa paske li te fèb. Men koulye a, li vivan gremesi pouvwa Bondye a. Mwen menm tou, mwen fèb ansanm ak Kris la. Men, lè m'ap regle avèk nou, mwen vivan ansanm avè l' tou, gremesi pouvwa Bondye a. 5Sonde tèt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen pou wè si n'ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fèt pou nou rekonèt si Jezikri nan kè nou, esepte si nou pa ta kapab bay prèv nou gen konfyans nan Bondye. 6Men, mwen kwè n'a rekonèt sa tou: mwen menm, mwen kapab bay prèv mwen gen konfyans nan Bondye. 7M'ap lapriyè Bondye pou nou pa fè anyen ki mal. Lè m' fè sa, mwen pa fè l' nan lide pou m' moutre sa m' kapab fè. Men, mwen ta renmen wè nou fè sa ki byen, menm si mwen pase pou moun ki pa kapab fè anyen. 8Nou pa ka fè anyen ki kont verite Bondye a, se pou li ase nou ka travay. 9Mwen kontan nèt lè mwen menm mwen fèb, epi nou menm nou gen fòs. Se sak fè, m'ap mande nan lapriyè m' pou nou vin bon nèt sou tout pwen. 10M'ap ekri nou konsa lè mwen lwen nou, se pou lè m' rive lakay nou, mwen pa bezwen aji sevè avèk nou. Otorite Seyè a ban mwen an, se pa pou detwi nou non li ban mwen li. Men, se pou fè nou grandi nan konfyans nou gen nan Kris la. 11Koulye a, frè m' yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou. 12Se pou nou yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye. 13(13:12) Tout frè k'ap viv apa pou Bondye yo voye bonjou pou nou. 14(13:13) Se pou benediksyon Seyè Jezikri ban nou an, ak renmen Bondye gen pou nou an, ansanm ak pouvwa Sentespri k'ap fè nou viv ansanm lan toujou la ak nou tout.

Você sabia?
Uma terceira vinda e um apelo final
- O autor diz que esta é a terceira vez que vai até os leitores e que já os advertiu na segunda vez em que esteve com eles. Ele cita a frase de que toda questão deve ser confirmada pelo testemunho de duas ou três testemunhas e adverte tanto os que pecaram antes quanto todos os demais: se voltar, não poupará ninguém.Fontes: o próprio texto bíblico
- Os leitores exigem prova de que Cristo fala por meio do autor. Ele contrapõe fraqueza e poder: Cristo foi crucificado em fraqueza, mas vive pelo poder de Deus; embora o autor e os que estão com ele sejam fracos em Cristo, ele diz que, pelo poder de Deus, viverão com ele para servir aos leitores. Ele pede que os leitores se examinem e se ponham à prova, para ver se estão na fé, e espera que reconheçam que ele e os que estão com ele não falharam nessa prova.Fontes: o próprio texto bíblico
- Ele escreve essas coisas estando ausente para que, quando estiver presente, não precise ser severo no uso da autoridade que o Senhor lhe deu — autoridade para edificar os leitores, e não para derrubá-los. Ele encerra exortando-os a alegrar-se, buscar a harmonia perfeita, encorajar uns aos outros, ter o mesmo modo de pensar e viver em paz, e acrescenta que o Deus de amor e de paz estará com eles. Pede também que se saúdem uns aos outros com um beijo santo, transmite saudações de todos os santos e termina com uma bênção que nomeia a graça do Senhor Jesus Cristo, o amor de Deus e a comunhão do Espírito Santo.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org