Nations Bible

2 Crônicas 36

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Moun peyi Jida yo chwazi Joakaz, pitit gason Joas la, yo mete l' wa nan plas papa l'. 2Joakaz te gen venntwazan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. 3Neko, wa peyi Lejip la, mete l' atè, li fòse peyi Jida a ba li sètmil senksan (07500) liv ajan ak swasannkenz liv lò. 4Apre sa, Neko pran Elyakim, frè Joakaz, li mete l' wa nan plas li. Lè sa a, li chanje non Elyakim, li rele l' Jojakim. Lèfini, li pran Joakaz, li mennen l' nan peyi Lejip. 5Jojakim te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan onzan. Li te fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye li a. 6Nebikadneza, wa Babilòn, anvayi peyi Jida, li fè wa Jojakim prizonye, li mete l' anba chenn doub, li mennen l' lavil Babilòn. 7Nebikadneza pran tout bèl bagay ki te nan Tanp Seyè a, li pote yo lavil Babilòn, li mete yo nan tanp bondye pa l'. 8Tout rès istwa Jojakim lan, jan li te sèvi vye zidòl yo ak tout mechanste li te fè yo, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo. Se Jojakin, pitit li, ki moute wa nan plas li. 9Jojakin te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan twa mwa dis jou. Li menm tou, li te fè sa ki mal devan Seyè a. 10Nan sezon prentan ki vin apre sa, wa Nebikadneza fè Jojakin prizonye, li mennen l' lavil Babilòn. Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a pote ale. Apre sa, Nebikadneza pran Sedesyas, frè papa Jojakin, li mete l' wa lavil Jerizalèm nan peyi Jida. 11Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. 12Li fè sa ki mal devan Seyè a, li pa t' soumèt devan pwofèt Jeremi ki t'ap pale pawòl Bondye nan zòrèy li. 13Sedesyas leve kont wa Nebikadneza ki te fè l' sèmante devan Bondye li t'ap toujou soumèt devan li. Li fè tèt di, li derefize chanje lavi li t'ap mennen an pase pou l' ta tounen vin jwenn Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 14Ata lòt chèf peyi Jida yo, prèt yo ansanm ak tout pèp la te lage kò yo nan sèvi yon bann vye zidòl, tankou tout lòt nasyon yo te konn fè. Yo derespekte Tanp Seyè a te mete apa pou li menm lavil Jerizalèm. 15Seyè a, Bondye zansèt yo a, pa t' manke voye pwofèt pou avèti pèp li a, paske li pa t' vle anyen rive ni pèp li a ni Tanp li a. 16Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Seyè a te vin sitèlman fache pa t' gen rechap pou yo ankò. 17Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a. 18Wa a menm pran dènye sa ki te nan Tanp lan ak nan pyès trezò Tanp lan ansanm ak richès wa a ak richès lòt gwo chèf yo, li pote yo lavil Babilòn. 19Lèfini, li mete dife nan Tanp lan. Li kraze miray lavil la. Li boule tout gwo kay yo ak tout bèl bagay koute chè ki te ladan yo. 20Li pran tout moun ki pa t' mouri yo, li depòte yo lavil Babilòn kote yo sèvi l', li menm ansanm ak pitit li yo, tankou esklav, jouk gouvènman an pase nan men wa peyi Pès la. 21Se konsa, sa Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an rive vre: Pandan swasanndizan tè a pral rete san yon moun ladan l', li pral pran repo pou tout jou repo yo pa t' janm ba li a. 22Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye, voye l' toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la: 23-Mwen menm Siris, wa peyi Pès la, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon Tanp pou li lavil Jerizalèm nan peyi Jida. Nou mande pou Bondye pèp sa a beni tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la, pou yo moute lavil Jerizalèm.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A Queda de Jerusalém e o Decreto de Ciro

  • Nas últimas décadas de Judá, governantes estrangeiros ditaram repetidamente a sucessão real em Jerusalém. O faraó Neco, do Egito, depôs Joacaz e colocou no trono seu irmão Eliaquim com o nome de Jeoaquim; mais tarde, o rei Nabucodonosor, da Babilônia, instalou Zedequias.Fontes: o próprio texto bíblico · Jehoiakim · Zedekiah
  • Nabucodonosor e as forças caldeias destruíram Jerusalém incendiando o templo e os palácios reais, derrubando as muralhas da cidade e levando para o cativeiro na Babilônia os utensílios sagrados e a população sobrevivente.Fontes: o próprio texto bíblico · Jerusalem · Babylon
  • Em cumprimento à palavra transmitida pelo profeta Jeremias, a terra permaneceu desolada por setenta anos até que Ciro, rei da Pérsia, emitiu um decreto real permitindo que os exilados retornassem e reconstruíssem a casa de Deus em Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico · Cyrus · Jeremiah

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 2, 3, 4, 5, 6, 9, 10, 11, 14, 19, 23
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 3, 4
  • Babylon · 32.543, 44.422 · versículos 6, 7, 10, 17, 18, 20
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · versículo 17
  • Persia · 34.806, 48.516 · versículos 20, 22, 23

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.