2 Crônicas 17
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Jozafa, pitit Asa, moute wa nan plas papa l'. Li ranfòse pozisyon l' devan peyi Izrayèl la. 2Li mete sòlda nan tout lavil ki gen ranpa nan peyi Jida a, li mete gouvènè nan tout peyi Jida a ak nan tout lavil Asa, papa l', te pran nan peyi Efrayim lan. 3Seyè a te kanpe avèk Jozafa, paske li te fè tankou David, granpapa l', nan konmansman rèy li. Li pa t' kouri dèyè Baal yo. 4Li t'ap chache tout jan pou li te sèvi Bondye zansèt li a. Li te mache dapre lòd Bondye bay yo, li pa t' fè tankou wa Izrayèl yo. 5Seyè a bay gouvènman l' lan fòs. Nan peyi Jida a, tout moun t'ap pote kado ba li. Konsa, li te vin gen anpil byen. Tout moun t'ap fè lwanj li. 6Li te pran plezi l' nan fè volonte Seyè a. Li fè disparèt tout kote yo t'ap sèvi zidòl nan peyi Jida a, ansanm ak tout estati Achera yo. 7Li te gen twazan depi li te wa lè li voye kèk chèf nan tout lavil peyi Jida yo pou moutre pèp la sa pou l' fè. Men non chèf yo: Se te Bennayil, Obadya, Zekaraya, Netaneyèl ak Mikaya. 8Yo te gen nèf moun Levi ak de prèt ak yo. Moun Levi yo te rele Chemaya, Netanya, Zebadya, Asayèl, Chemiramòt, Jonatan, Adonija, Tobija ak Tobadonija. Prèt yo te rele: Elichama ak Joram. 9Avèk liv lalwa Seyè a nan men yo, yo mache nan tout peyi a, yo ale nan tout lavil yo pou moutre pèp la sa pou li fè. 10Tout gouvènman peyi ki te vwazen ak peyi Jida a te sitèlman pè Seyè a, yo yonn pa chache fè lagè ak wa Jozafa. 11Lekontrè, te gen anpil moun Filisti ki te pote anpil kado ak anpil ajan ba li tankou si li te chèf yo. Ata moun peyi Arabi yo te pote sètmil sètsan (07.700) mouton ak sètmil sètsan (07.700) kabrit fè l' kado. 12Se konsa, pouvwa Jozafa a t'ap vin pi fò chak jou. Nan tout peyi Jida a, li bati sitadèl ak lavil pou sèvi l' depo. 13Li te gen pwovizyon an kantite nan tout lavil peyi a. Nan lavil Jerizalèm menm, li te gen anpil vanyan sòlda. 14Men kantite ki te genyen dapre branch fanmi yo: Te gen Adna, kòmandan tout chèf batayon branch fanmi Jida a ak twasanmil (0300.000) sòlda sou zòd li. 15Li te gen avè l' Jokanan avèk desankatrevenmil (0280.000) sòlda sou zòd li. 16Avè l' toujou te gen Amasya, pitit Zikri a, ak desanmil (0200.000) sòlda. Amasya sa a te pote tèt li limenm, san pesonn pa t' mande l' pou sèvi Seyè a. 17Alatèt moun branch fanmi Benjamen yo te gen Elyada, yon vanyan sòlda, ak desanmil (0200.000) sòlda ki te gen plak pwotèj ak banza. 18Avè l' te gen Jeozabad avèk sankatrevenmil (0180.000) sòlda byen ame pou lagè. 19Se moun sa yo ki t'ap sèvi wa a lavil Jerizalèm, san konte lòt sòlda wa a te mete an ganizon nan lòt lavil ak ranpa nan peyi Jida a.

Você sabia?
As reformas e o fortalecimento de Josafá
- No terceiro ano de seu reinado, Josafá iniciou uma campanha educativa por todo o país. Ele enviou oficiais reais, levitas e sacerdotes por todas as cidades de Judá com o Livro da Lei do SENHOR para instruir o povo diretamente.Fontes: o próprio texto bíblico · Jehoshaphat
- Para proteger seu reino contra o reino do norte, Israel, Josafá posicionou tropas e guarnições pelas cidades fortificadas de Judá e nas cidades de Efraim que seu pai Asa havia conquistado anteriormente.Fontes: o próprio texto bíblico · Jehoshaphat · Asa
- Como os reinos vizinhos temiam fazer guerra contra Judá, Josafá recebeu tributos expressivos, incluindo prata dos filisteus e rebanhos de 7.700 carneiros e 7.700 bodes trazidos pelos árabes.Fontes: o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org