Nations Bible

1 Tessalonicenses 5

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Frè m' yo, mwen pa bezwen ekri nou pou m' fè nou konnen ni ki lè, ni ki jou bagay sa yo gen pou rive. 2Nou menm nou konn sa byen: Jou Seyè a gen pou l' vin sou nou tankou yon vòlò k'ap vin nan mitan lannwit. 3Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. p'ap gen chape pou yo. 4Men nou menm, frè m' yo, nou pa moun k'ap viv nan fènwa. Jou sa a p'ap vin sou nou tankou yon vòlè, san nou pa atann. 5Paske, nou tout se moun k'ap viv nan limyè, nan gwo lajounen. Nou pa moun k'ap viv nan lannwit, nan fènwa! 6Se sak fè, piga nou dòmi tankou lòt yo. Pa kite dòmi pran nou. Kenbe tèt nou anplas. 7Se lannwit moun dòmi. Se lannwit tou moun sou. 8Men nou menm, nou se moun k'ap viv lajounen, se pou nou toujou kenbe tèt nou anplas. Ann pran konfyans nou gen nan Bondye a ak renmen nou gen nan kè nou tankou yon plak pwotèj pou lestonmak nou. Ann pran espwa nou genyen nan Jezi k'ap vin delivre nou nèt la, ann mete l' tankou yon kas an fè nan tèt nou. 9Paske, Bondye pa t' chwazi nou pou nou te tonbe anba kòlè li, men pou n' te ka delivre, gremesi Jezikri, Seyè nou an. 10Jezi te mouri pou n' te ka viv ansanm ak li. Konsa, kit nou mouri deja, kit nou vivan toujou lè la vini an, nou tout n'ap toujou ansanm ak li. 11Se poutèt sa, annou yonn ankouraje lòt, yonn ede lòt, jan nou deja ap fè l' la. 12Frè m' yo, m'ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k'ap travay nan mitan nou yo, moun Seyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou. 13Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y'ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt. 14M'ap mande nou tou, frè m' yo, pou nou rele dèyè moun k'ap fè parese yo. Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun. 15Pa kite pesonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun. 16Se pou kè nou toujou kontan. 17Pa janm sispann lapriyè. 18Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri. 19Pa antrave travay Sentespri a. 20Pa meprize pawòl moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye. 21Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon. 22Egzante tou sa ki mal. 23Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Seyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak ankenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou. 24Bondye ki rele nou an va fè sa pou nou, paske li toujou kenbe pawòl li. 25Frè m' yo, lapriyè pou mwen tou. 26Di tout frè yo bonjou, bo yo pou mwen tankou moun k'ap viv pou Bondye konn fè l' la. 27Tanpri souple, nan non Seyè a, li lèt sa a bay tout frè yo. 28Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Despertos para o Dia do Senhor

  • Este capítulo diz que o Dia do Senhor virá como um ladrão de noite e que a destruição chegará de repente, como dores de parto, enquanto as pessoas dizem: “Paz e segurança”. Ele chama os irmãos de filhos da luz e filhos do dia e os exorta a não dormir como os outros, mas a permanecer despertos e sóbrios.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Aos que pertencem ao dia se pede que sejam sóbrios e vistam a couraça da fé e do amor e o capacete da esperança da salvação. O capítulo diz que Deus não os destinou à ira, mas a obter a salvação por meio do Senhor Jesus Cristo, que morreu para que, despertos ou dormindo, vivam juntos com ele.Fontes: o próprio texto bíblico
  • As palavras finais pedem aos irmãos que reconheçam os que trabalham com diligência entre eles, presidem sobre eles e os instruem, tendo-os na mais alta estima por causa do seu trabalho. São exortados a advertir os indisciplinados, encorajar os desanimados, ajudar os fracos, ser pacientes com todos e não retribuir mal com mal. Também se lhes diz que não apaguem o Espírito nem tratem as profecias com desprezo, mas que provem todas as coisas, saúdem todos os irmãos com um beijo santo e façam esta carta ser lida a todos os irmãos.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.