1 Tessalonicenses 3
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Se konsa, mwen pa t' kapab tann ankò. Mwen pran desizyon rete pou kont mwen lavil Atèn. 2Mwen te voye Timote, frè nou an, al wè nou. Se yon sèvitè Bondye k'ap travay ansanm ak mwen pou fè konnen bon nouvèl Kris la. Li te gen pou l' te fòtifye nou, pou l' te ankouraje nou nan lafwa, 3pou pesonn pa febli nan mitan tribilasyon sa yo. Nou menm, moun lavil Tesalonik, se pou n' soufri bagay sa yo paske Bondye te wè davans sa tapral rive nou. 4Lè m' te la nan mitan nou, mwen te pale nou davans nou tapral gen anpil lafliksyon. Nou wè se sa menm ki rive nou. 5Se poutèt sa, mwen te voye Timote ban nou, mwen pa t' kapab tann ankò. Mwen te voye l' pran nouvèl jan konfyans nou nan Bondye ye. Mwen te pè pou Satan pa t' pran nou nan pèlen li, pou tout travay mwen an pa t' pèdi. 6Men koulye a, Timote fèk rive sot lakay nou, li fè kè m' kontan, li ban m' bon nouvèl, li di m' jan nou gen konfyans ak renmen. Li di m' jan nou menm tou nou toujou chonje m', jan nou anvi wè m', menm jan mwen menm mwen anvi wè nou. 7Konsa, frè m' yo, nan mitan tout fikilte ak tout lafliksyon mwen yo, sa te ban m' kouraj lè m' tande jan n'ap kenbe fèm nan lafwa. 8Se koulye a m'ap viv tout bon, paske nou menm, moun Tesalonik, nou rete fèm nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la. 9Mwen pa konn ki jan pou m' di Bondye mèsi pou nou, tèlman nou fè kè m' kontan devan li. 10Lajounen kou lannwit, m'ap mande ak tout kè mwen pou Bondye ban m' chans yon lè vizite nou ankò, pou m' ka fin moutre nou sa nou manke nan lafwa a toujou. 11Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè nou, pou yo louvri yon chemen pou mwen pou m' ka vin wè nou. 12Mwen mande Seyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou. 13Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Seyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l' yo.

Você sabia?
Enviado desde Atenas para fortalecer a fé
- Eles estavam dispostos a ficar sozinhos em Atenas para que Timóteo fosse enviado a fim de fortalecer os tessalonicenses. Atenas, capital da Ática, era a cidade mais célebre do mundo antigo e um centro da literatura e da arte gregas; Paulo a visitou em sua segunda viagem missionária.Fontes: o próprio texto bíblico · Athens
- Timóteo, cujo nome significa "honrar a Deus", era um jovem discípulo e companheiro de Paulo em muitas viagens. Aqui ele é chamado de irmão e cooperador de Deus no evangelho de Cristo, enviado para encorajá-los na fé, a fim de que as provações não os abalassem, e depois voltou com boas notícias da fé e do amor deles.Fontes: o próprio texto bíblico · Timotheus
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Athens · 37.972, 23.727 · versículo 1
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org