Nations Bible

1 Samuel 31

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Moun Filisti yo leve yon sèl batay ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Gilboa. Anpil nan moun pèp Izrayèl yo te mouri, rès yo te kouri met deyò. 2Moun Filisti yo rive sou Sayil ak pitit gason l' yo. Yo touye Jonatan, Abinadad ak Malchichwa frèt. 3Batay la te mangonmen kote Sayil te ye a. Mesye ki t'ap voye flèch nan banza yo te konmanse ap vize sou li. Lè li wè sa, li pran tranble. 4Li rele gad ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m' pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gen tan rive sou mwen pou se yo ki touye m', lèfini pou yo pase m' nan betiz. Men gad kò a pa t' vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l' tèt anba, li lage kò l' sou li. 5Lè gad kò a wè Sayil mouri, li fè menm bagay la tou, li lage kò l' sou nepe li a. Li mouri ansanm avèk Sayil. 6Se konsa, ni Sayil, ni twa pitit gason l' yo, ni gad kò a te mouri. Jou sa a, tout mesye Sayil yo te mouri. 7Lè moun pèp Izrayèl yo ki te rete lòt bò Fon Jizreyèl la ak lòt bò larivyè Jouden wè sòlda pèp Izrayèl yo kouri mèt deyò epi Sayil ak pitit gason l' yo mouri, yo leve kite lavil kote yo te rete yo, yo mete deyò tou. Moun Filisti yo vini, yo pran lavil yo pou yo. 8Nan denmen apre batay la, moun Filisti yo tounen pou pran zam ki te sou kadav sòlda mouri yo, yo jwenn kadav Sayil ak kadav twa pitit gason l' yo kouche atè sou mòn Gilboa a. 9Yo koupe tèt Sayil, yo pran tout zam li yo. Lèfini, yo voye gaye bon nouvèl sa a nan tout peyi Filisti a, nan tanp zidòl yo ak nan zòrèy tout pèp la. 10Yo mete zam Sayil yo nan tanp Astate, zidòl yo a. Epi yo pran rès kò a, yo kloure l' sou miray lavil Bèt Chean an. 11Lè moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, vin konnen sa moun Filisti yo te fè Sayil, 12tout mesye ki te brave danje yo leve, yo mache tout lannwit jouk yo rive lavil Bèt Chean, yo desann kadav Sayil la ak kadav pitit gason l' yo ki te kloure sou miray lavil la, yo tounen ak yo lavil Jabès, kote yo boule yo. 13Lèfini, yo pran zosman yo, yo antere yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje.

Você sabia?

A morte de Saul e o resgate em Bete-Seã

  • No monte Gilboa, Israel sofreu uma derrota esmagadora contra os filisteus. Saul e três de seus filhos — Jônatas, Abinadabe e Malquisua — morreram no campo de batalha no mesmo dia, pondo fim ao reinado do primeiro rei de Israel.Fontes: o próprio texto bíblico · Saul · Jonathan · Mount Gilboa
  • Os filisteus retiraram a armadura de Saul, colocaram-na no templo de seus ídolos de Astarote, cortaram sua cabeça e prenderam seu corpo e os de seus filhos ao muro da cidade de Bete-Seã para divulgar seu triunfo.Fontes: o próprio texto bíblico · Beth-shan
  • Ao ouvirem o que havia sido feito a Saul, homens corajosos de Jabes-Gileade marcharam a noite toda até Bete-Seã para retirar os corpos. Eles os levaram de volta através do Jordão até Jabes, onde queimaram os restos mortais, sepultaram os ossos sob uma tamargueira e jejuaram por sete dias.Fontes: o próprio texto bíblico · Jabesh-gilead · Beth-shan

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Mount Gilboa · 32.434, 35.414 · versículos 1, 8
  • Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículo 7
  • Valley of Jezreel · Hoje: Jezreel Valley · 32.596, 35.242 · versículo 7
  • Philistia · 31.664, 34.546 · versículo 9

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.