1 Samuel 27
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1David di nan kè l': -Yon jou konsa Sayil ap touye m'. L'a pi bon pou mwen si m' sove al kache nan peyi Filisti a. Konsa, Sayil va sispann mache chache m' nan tout peyi pèp Izrayèl la. p'ap gen danje pou mwen ankò. 2David leve ansanm ak sisan (0600) moun pa l' yo, y' ale kay Akich, pitit gason Maòk la, ki te wa lavil Gat. 3David ak mesye l' yo rete ak Akich lavil Gat ak tout fanmi yo. David te gen de madanm ak li: Akinoam, yon fanm lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madan defen Nabal, moun lavil Kamèl. 4Lè Sayil vin tande David te kouri al kache lavil Gat, li sispann mache chache l' pou mete men sou li. 5David di Akich konsa: -Si ou se zanmi m' vre, ban m' yon ti plas nan yonn nan bouk andeyò yo pou m' rete. Pa gen rezon, monwa, pou m' rete viv ansanm avè ou nan kapital la. 6Se konsa, jou sa a, Akich ba li lavil Ziklag. Se poutèt sa, depi jou sa a, lavil Ziklag toujou rete pou wa peyi Jida yo. 7David pase ennan kat mwa ap viv nan peyi moun Filisti yo. 8Tanzantan, David ak mesye l' yo te konn pati al atake moun Jechou yo, moun Jizi yo ak moun Amalèk yo jouk lakay yo. Depi tout tan se pèp sa yo ki te rete nan zòn ki soti depi lavil Telayim, nan direksyon lavil Chou rive jouk peyi Lejip. 9Se konsa, David te dechèpiye tout peyi a, li touye fanm kou gason. Li pran mouton moun yo, bèf yo, bourik yo, chamo yo, ata rad yo. Lèfini, li tounen al jwenn Akich. 10Lè Akich mande l': -Ki kote ou t' al demele ou jòdi a? David te kouri reponn li se nan zòn Negèv nan peyi Jida a, osinon nan zòn sid peyi moun Jerakmeyèl yo, ou ankò nan zòn sid teritwa moun Kayen yo. 11Men David te toujou touye tout moun, fanm kou gason, paske li t'ap di nan kè l' konsa pesonn p'ap ka al di moun lavil Gat yo sa li te fè yo. Se sa David t'ap mache fè pandan tout tan li pase nan peyi Filisti a. 12Akich menm te fè David konfyans. Li t'ap di nan kè l': -Msye tèlman fè moun pèp Izrayèl yo rayi l', l'ap blije rete pase tout rès lavi l' ap sèvi m'.

Você sabia?
Davi em território filisteu
- Para escapar de vez da perseguição do rei Saul, Davi buscou refúgio além da fronteira, na cidade filisteia de Gate, junto a Aquis, filho de Maoque, levando consigo seus seiscentos guerreiros e suas duas esposas, Ainoã de Jezreel e Abigail de Carmelo.Fontes: o próprio texto bíblico · Achish · Gath · Ahinoam
- Davi pediu um povoado afastado em vez de residir na cidade real filisteia, e Aquis lhe concedeu Ziclaque, no Neguebe. Davi e seus seguidores viveram ali por um ano e quatro meses, estabelecendo uma posse que mais tarde passou a pertencer aos reis de Judá.Fontes: o próprio texto bíblico · Ziklag · Achish
- Operando a partir de Ziclaque, Davi realizou incursões contra povos nômades do deserto do sul em direção a Sur e ao Egito, como os amalequitas. Ele não deixava sobreviventes que pudessem revelar seus alvos, fazendo o rei Aquis acreditar que ele atacava seu próprio povo no Neguebe de Judá.Fontes: o próprio texto bíblico · Shur · Achish
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org