Nations Bible

1 Reis 3

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Salomon antre nan fanmi farawon an, wa peyi Lejip. Li marye ak pitit fi farawon an. Li mennen l' rete nan lavil David la jouk li fin bati palè li a, Tanp Bondye a ak gwo miray ranpa ki fè wonn lavil Jerizalèm yo. 2Yo pa t' ankò bati yon kay pou Seyè a. Se sa ki fè pèp la t'ap touye bèt yo te ofri pou lòt bondye divès kote sou mòn yo toujou. 3Salomon li menm te renmen Seyè a, li te mache dapre lòd David, papa l', te ba li. Men li menm tou, li te touye bèt pou lòt bondye, li te ofri yo lansan sou divès lotèl sou mòn yo. 4Salomon te konn al lavil Gabawon pou touye bèt pou Bondye, paske se la ki te gen pi gwo lotèl la. Li te deja ofri mil bèt pou yo te boule nèt sou lotèl la. 5Yon jou lannwit, Seyè a parèt devan Salomon nan dòmi lavil Gabawon, li di l' konsa: -Kisa ou ta vle m' ba ou? 6Salomon reponn: -Ou te toujou fè wè jan ou te renmen papa m', David, sèvitè ou la, anpil. Li menm, li te mache dwat devan ou, li pa t' janm vire do ba ou, li te sèvi ou ak tout kè li. Ou pa t' janm sispann fè l' wè jan ou te renmen li. Ou ba li yon pitit gason k'ap gouvènen nan plas li jòdi a. 7Seyè, Bondye mwen, koulye a atout mwen jenn toujou, atout mwen pankò gen esperyans pou m' gouvènen, ou pran m', ou mete m' wa a nan plas David, defen papa m'. 8Men mwen alatèt pèp ou chwazi pou rele ou pa ou la, yon pèp ki sitèlman anpil nou pa ka konte konbe moun ki ladan l'. 9Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m' ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m' konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l'? 10Seyè a te kontan wè se sa Salomon te mande l'. 11Li di l' konsa: -Monchè, ou pa mande m' pou ou viv lontan, ou pa mande m' richès, ni ou pa mande m' lanmò pou lènmi ou yo, men ou mande m' yon lespri veyatif pou ou ka gouvènen san patipri. 12M'ap ba ou sa ou mande a, m'ap ba ou plis konesans ak plis bon konprann pase tout moun, pase ni sa ki te la anvan ou yo, ni sa k'ap vin apre ou. 13Lèfini, m'ap ba ou sa ou pa t' mande tou. M'ap ba ou anpil richès ak anpil pouvwa. Konsa, p'ap gen ankenn lòt wa tankou ou pandan tout rès tan ou gen pou viv la. 14Si ou fè volonte m', si ou mache dapre lòd ak kòmandman m' yo, tankou David, papa ou, te fè l' la, m'ap fè ou viv lontan. 15Lè Salomon leve, li vin konprann Bondye te pale avè l' nan rèv. Li tounen lavil Jerizalèm, l' ale devan Bwat Kontra Seyè a, li ofri bèt pou yo boule nèt, bèt pou yo touye pou di Seyè a mèsi. Apre sa, li bay yon gwo fèt pou tout moun k'ap travay nan gouvènman l' lan. 16Yon jou, de fanm, de jennès, vin prezante devan wa Salomon. 17Yonn ladan yo pran lapawòl, li di: -Monwa, madanm sa a avè m' nou rete nan menm kay. Mwen fè yon pitit gason nan kay la devan li. 18De jou apre pitit mwen an fèt, li menm tou li akouche, li fè yon pitit gason tou. Nou de ase ki te nan kay, pa t' gen lòt moun la ankò. 19Pandan lannwit, antan l'ap dòmi li woule sou pitit pa l' la, li toufe l'. 20Li leve nan mitan lannwit lan, antan m'ap dòmi, li pran ti pitit mwen an ki te bò kote m', li mete l' nan kabann pa l'. Li pran ti pitit pa l' la, li mete l' tou mouri a nan kabann pa m'. 21Nan maten lè m' leve pou m' bay ti pitit mwen an tete, mwen jwenn li mouri. Men, lè m' gade byen gade, mwen wè se pa t' pitit mwen an sa. 22Men lòt fanm lan di: -Non, se pa vre. Se pitit pa m' lan ki vivan. Se pa ou la ki mouri. Lè sa a, premye fanm lan reponn: -Non se pa vre. Se pitit pa m' lan ki vivan. Se pa ou la ki mouri. Se konsa yo t'ap fè kont devan wa a. 23Lè sa a, wa a pran lapawòl, li di: -Sa a di se pitit li a ki vivan, ti pitit mouri a se pou lòt la. Lòt la menm di non, se pitit pa li a ki vivan, ti pitit mouri a se pou sa a. 24Wa a voye chache yon nepe. Lè yo pote nepe a li di konsa: 25-Koupe ti pitit vivan an mwatye mwatye, bay chak fanm yon moso. 26Men manman ti pitit vivan an santi zantray li ap rache pou pitit li a. Li di wa a: -Tanpri, monwa, pa touye ti pitit la. Pito ou bay madanm sa a li. Men lòt madanm lan menm di: -Ou mèt koupe l'! Li p'ap ni pou ou, ni pou mwen. 27Lè sa a Salomon di: -Pa touye pitit la. Renmèt li bay premye fanm lan. Se li menm ki manman ti pitit ki vivan an. 28Lè pèp Izrayèl la tande jan Salomon te regle kont lan, yo vin gen anpil respè pou li, paske yo te wè se Bondye menm ki te ba li bon konprann sa a pou regle tout bagay san patipri.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A Sabedoria e o Julgamento de Salomão

  • Salomão formou uma aliança com o Egito ao se casar com a filha do faraó, marcando a primeira menção nas Escrituras de uma ligação entre Israel e o Egito desde o Êxodo. Ela residiu na Cidade de Davi enquanto o palácio real de Salomão, o templo e os muros ao redor de Jerusalém estavam sendo construídos.Fontes: Daughter of Pharaoh · o próprio texto bíblico
  • Antes da construção do templo em Jerusalém, o povo e o rei Salomão ofereciam sacrifícios nos lugares altos locais. Gibeão era considerado o principal lugar alto porque o tabernáculo havia sido instalado ali após a destruição de Nobe, permanecendo no local até que Salomão concluísse o templo.Fontes: Gibeon · o próprio texto bíblico
  • Tendo sucedido a Davi no trono em sua juventude, Salomão descreveu a si mesmo como uma criança pequena quando Deus lhe apareceu em sonho em Gibeão. Em vez de pedir riquezas, vida longa ou a derrota de seus inimigos, ele pediu um coração compreensivo para julgar o povo e discernir entre o bem e o mal.Fontes: Solomon · o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • City of David · 31.774, 35.236 · versículo 1
  • Egypt · 30.129, 31.308 · versículo 1
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 1, 15
  • Gibeon · Hoje: El Jib · 31.847, 35.183 · versículos 4, 5

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.