1 Reis 21
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Apre tout bagay sa yo, men sa ki rive: Nan lavil Jizreyèl, toupre palè wa Akab la, te gen yon jaden rezen ki te pou yon nonm yo te rele Nabòt. 2Yon jou, wa Akab di Nabòt konsa: -Ban m' jaden rezen ou lan pou m' ka fè yon jaden legim. Li toupre kay mwen. m'a ba ou yon lòt jaden rezen ki pi bon pase sa a. Osinon si ou pito, m'a ba ou yon bon pri pou li. 3Men, Nabòt reponn Akab: -Se tè eritaj li ye. Dapre lalwa Seyè a, mwen pa gen dwa vann ou li. 4Akab al lakay li men li byen mare. Li te fache poutèt Nabòt te di l' li p'ap vann byen eritaj li a. Li moute kabann, li kouche, li bay figi l' nan panno, li derefize manje. 5Jezabèl, madanm li, vin bò kote l'. Li mande l': -Sa ou genyen ou move konsa? Poukisa ou pa manje? 6Akab reponn, li di li: -M' pale ak Nabòt, nonm Jizreyèl la. Mwen mande l' pou l' vann mwen jaden rezen l' lan, osinon si li pito, m'a ba li yon lòt pou li. Men, li di m' li p'ap ban mwen jaden l' lan. 7Jezabèl di li: -Kouman! Se pa ou ki wa nan peyi Izrayèl la ankò? Leve non, monchè! Manje manje ou, fè kè ou kontan. Mwen pral ba ou jaden rezen Nabòt la. 8Jezabèl ekri kèk lèt, li siyen non Akab anba yo, li sele yo ak so wa a, epi li voye yo bay chèf fanmi ak otorite ki rete lavil Jizreyèl menm kote ak Nabòt. 9Men sa li voye di yo nan lèt yo: Sanble tout moun pou yon sèvis jèn. Mande Nabòt pou li dirije sèvis la. 10Lèfini, jwenn de vakabon, fè yo vin kanpe devan l' pou yo akize l'. y'a di li derespekte Seyè a ansanm ak wa a. Lè sa a, n'a pran Nabòt, n'a trennen l' andeyò limit lavil la, n'a kalonnen l' wòch jouk li mouri. 11Chèf fanmi yo ak otorite lavil Jizreyèl yo fè tou sa Jezabèl ba yo lòd fè nan lèt yo. 12Yo fè konnen yo pral fè sèvis jèn. Yo fè tout pèp la sanble, yo mete Nabòt devan pou dirije sèvis la. 13De vakabon vin rive, yo kanpe devan Nabòt, yo akize msye devan tout pèp la. Yo di li derespekte Bondye ansanm ak wa a. Lamenm, yo pran Nabòt, yo mennen l' andeyò limit lavil la, yo kalonnen li wòch jouk li mouri. 14Apre sa, yo voye di Jezabèl: -Nou kalonnen Nabòt wòch, li mouri. 15Resevwa Jezabèl resevwa nouvèl lanmò Nabòt, l' al di Akab: -Leve non. Al pran jaden rezen Nabòt, nonm lavil Jizreyèl la, pou ou, jaden li te refize vann ou an. Nabòt pa nan moun isit ankò, li mouri. 16Lè wa Akab tande Nabòt, nonm lavil Jizreyèl la, te mouri, l' ale, li pran jaden rezen an pou li. 17Lè sa a, Seyè a pale ak Eli, pwofèt lavil Tichbe a, li di l' konsa: 18-Al jwenn wa Akab nan peyi Samari. W'ap jwenn li koulye a nan jaden rezen Nabòt la. Li vin pran l' pou li. 19W'a di li men mesaj Seyè a voye ba li: Ou fin touye Nabòt, koulye a ou soti pou pran jaden rezen l' lan! Apre sa, w'a di l' ankò men sa Seyè a voye di ou: Menm kote chen te niche san Nabòt la, chen gen pou yo niche san pa ou tou. 20Lè Akab wè Eli, li di l' konsa: -Enben, lènmi mwen, ou jwenn mwen jòdi a! Eli reponn, li di l': -Wè! Mwen jwenn ou paske se renk move bagay w'ap plede fè devan Seyè a. 21Men mesaj Seyè a voye ba ou: M'ap voye yon gwo malè sou ou. Mwen pral disparèt ou. Mwen pral touye dènye gason, granmoun kou timoun, nan fanmi ou. 22Sa ki te rive fanmi wa Jewoboam, pitit Nebat la, ak fanmi wa Bacha, pitit Akija a, se sa ki pral rive fanmi pa ou la tou. Se mwen menm k'ap fè sa paske ou fè m' fache anpil, lèfini se ou ki lakòz pèp Izrayèl la ap fè sa ki mal. 23Men sa Seyè a di sou Jezabèl: Chen gen pou manje kadav li nan mitan lavil Jizreyèl. 24Chen pral manje kadav tout moun nan fanmi Akab ki va mouri anndan lavil la. Malfini karanklou va manje kadav tout moun nan fanmi an ki va mouri andeyò limit lavil la. 25Pa janm gen pesonn mechan tankou Akab. Li te lage kò l' nèt nan fè sa ki mal devan Seyè a. Li te kite madanm li, Jezabèl, pran tèt li. 26Li te fè bagay ki lèd nèt, l' al fè sèvis pou vye zidòl tankou moun Amori yo te fè l' la. Se moun Amori sa yo Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou moun Izrayèl yo. 27Lè Eli fin pale, Akab pran lapenn, li chire rad sou li, li mete yon rad sak, li rete san manje. Ata dòmi li dòmi ak rad sak la sou li. Li t'ap mache kagou. 28Apre sa, Seyè a pale ak Eli, moun lavil Tichbe a, li di l' konsa: 29-Ou wè jan Akab vin dou nan pye m'! Paske li fè sa, m'ap tann li mouri anvan m' voye malè a sou fanmi li. Se va pandan rèy pitit gason l' lan m'a voye malè sou fanmi l'.

Você sabia?
A vinha de Nabote e o juízo divino
- Nabote recusou-se a vender ou trocar sua vinha porque ela era a herança de seus pais, a qual a lei israelita proibia de ser alienada de forma permanente.Fontes: Naboth · o próprio texto bíblico
- A rainha Jezabel articulou a morte de Nabote ao escrever cartas em nome de Acabe e selá-las com o selo real, instruindo os anciãos locais a organizar um julgamento onde duas falsas testemunhas o acusaram de blasfêmia e traição.Fontes: Jezebel · o próprio texto bíblico
- Quando Elias confrontou Acabe na vinha recém-apossada, ele anunciou que a dinastia de Acabe sofreria destruição total, assim como as dinastias anteriores de Jeroboão, filho de Nebate, e de Baasa, filho de Aías.Fontes: Baasha · Jeroboam · o próprio texto bíblico
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org