Nations Bible

1 Reis 17

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Yon pwofèt yo te rele Eli, moun lavil Tichbe nan zòn Galarad, di wa Akab konsa: -Nan non Seyè m'ap sèvi a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, men sa m'ap di ou: Pandan lanne k'ap vini yo, p'ap gen lawouze, p'ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa. 2Apre sa, Seyè a pale ak Eli, li di l' konsa: 3-Kite kote ou ye a, ale nan direksyon solèy leve. Al kache toupre ravin Kerit la ki sou bò solèy leve larivyè Jouden. 4W'a jwenn dlo nan ravin lan pou ou bwè. Mwen bay kaou yo lòd pou yo pote manje ba ou. 5Eli fè sa Seyè a te di l' fè a. Li pati, l' al rete toupre ravin Kerit la. 6Kaou yo pote pen ak vyann pou li chak maten, chak aswè. Li te jwenn dlo pou l' bwè nan ravin lan. 7Kèk tan apre sa, ravin lan vin chèch, paske lapli pa t' tonbe nan peyi a. 8Lè sa a, Seyè a pale ak Eli, li di l' konsa: 9-Leve non! Ale lavil Sarepta, nan peyi wa Sidon an. Se la ou pral rete koulye a. Mwen bay yon fanm vèv ki rete laba a lòd pou li ba ou manje. 10Se konsa Eli leve vre, li pati pou lavil Sarepta. Lè li rive bò pòtay lavil la, li wè yon fanm vèv ki t'ap ranmase bwa. Li rele l', li di l' konsa: -Tanpri, pote ti gout dlo nan yon veso pou m' bwè. 11Madanm lan fè sa pou l' al chache dlo a, Eli rele l' ankò, li di l' konsa: -Tanpri, pote yon moso pen pou mwen tou. 12Madanm lan reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye ou la ki vivan an, pou temwen, mwen pa gen pen tou kwit lakay mwen. Tou sa m' genyen se yon ponyen farin frans nan yon ti bòl ak tigout lwil nan yon boutèy. Mwen vin ranmase de ti bwa la a pou m' al pare ti sa ki rete m' lan pou mwen ak pitit gason m' lan. Lè n'a fin manje l', nou pral rete konsa jouk grangou touye nou. 13Eli di li: -Pa bat kò ou! Ale pare ti manje ou la! Sèlman fè yon ti pen pou mwen anvan, epi pote l' vini. Apre sa, w'a fè yonn pou ou ak pitit gason ou lan. 14Paske men pawòl Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Ti bòl farin frans lan ak ti boutèy lwil oliv la p'ap janm vid jouk jou mwen menm Seyè a m'a fè lapli tonbe sou latè ankò. 15Madanm lan ale, li fè sa Eli te di l' fè a. Se konsa pandan lontan, ni madanm lan, ni pitit gason l' lan, ni Eli, yo tout jwenn manje pou yo manje. 16Te toujou gen farin frans nan ti bòl la ak lwil oliv nan ti boutèy la, jan Seyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Eli. 17Kèk tan apre sa, pitit gason metrès kay la tonbe malad. Maladi a vini pi mal sou li jouk li mouri. 18Madanm lan di Eli konsa: -Sèvitè Bondye, poukisa ou fè m' sa? Ou vin lakay mwen pou fè Bondye chonje peche m' yo, pou fè pitit gason m' lan mouri. 19Eli reponn: -Ban m' pitit la. Li pran ti gason an nan men manman l', li moute avè l' nan pyès chanm anwo kay la kote li te rete a, li mete l' kouche sou kabann li. 20Apre sa, li lapriyè, li di: -Seyè, Bondye mwen, poukisa pou ou fè vèv sa a tout lapenn sa a? Li resevwa m' lakay li, men w'ap pran pitit li. 21Eli kouche twa fwa sou pitit la, li lapriyè. Li di: -Seyè, Bondye mwen, tanpri, bay pitit la lavi ankò. 22Seyè a koute lapriyè Eli a, li bay pitit la lavi ankò. Ti gason an rekonmanse pran souf. 23Eli pran ti bway la, li desann anba avè l', li renmèt li bay manman l', li di l': -Gade! Ti gason ou lan vivan! 24Madanm lan reponn: -Koulye a mwen wè se yon sèvite Bondye ou ye vre. Pawòl nan bouch ou se pawòl Bondye vre.

Você sabia?

Elias e a Seca

  • O nome Querite refere-se a um desfiladeiro ou leito de torrente de inverno. Essa ravina, situada a leste do rio Jordão, serviu de refúgio isolado para Elias depois que ele entregou sua mensagem sobre a seca ao rei Acabe.Fontes: o próprio texto bíblico · Cherith · Elijah
  • Zarefute, cujo nome está associado a uma oficina para refino ou fundição de metais, era uma povoação fenícia situada entre Tiro e Sidom, chamada de Sarepta no Novo Testamento. Elias encontrou abrigo ali com uma viúva necessitada durante a grande escassez.Fontes: o próprio texto bíblico · Zarephath · Sidon
  • Elias é chamado de tisbita, habitante de Gileade, uma região montanhosa a leste do rio Jordão. Essa designação pode indicar que sua terra natal era uma localidade chamada Tisbe, ou derivar de um termo que significa forasteiro ou morador temporário.Fontes: o próprio texto bíblico · Tishbe · Gilead

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículo 1
  • Jordan · Hoje: Jordan River · 31.761, 35.558 · versículos 3, 5
  • Sidon · Hoje: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · versículo 9
  • Zarephath · Hoje: Sarepta · 33.464, 35.295 · versículos 9, 10

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.