1 Reis 15
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Jewoboram te gen dizwitan depi li te wa peyi Izrayèl la, lè Abijam moute wa nan peyi Jida. 2Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twazan. Manman l' te rele Maka, se te pitit fi Absalon. 3Abijam te lage kò l' nan fè menm bagay ak papa l'. Li pa t' sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li jan David, zansèt li a, te fè. 4Men poutèt David, Seyè a, Bondye li a, te bay Abijam yon pitit gason pou te toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm apre li. Konsa lavil Jerizalèm va toujou rete kanpe. 5Seyè a te fè sa paske David te toujou fè sa ki dwat devan Seyè a. Pandan tout lavi li, li pa t' janm dezobeyi ankenn lòd Seyè a, si ou wete zafè Ouri, moun peyi Et la. 6Pandan tout rèy Woboram lan, se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram. 7Toutan te gen lagè tou ant Abijam ak Jewoboram. Tout lòt bagay Abijam te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 8Lè Abijam mouri, yo antere l' nan lavil David la, Se Asa, pitit gason l' lan, ki moute sou fotèy la nan plas li. 9Wa Jewoboram t'ap mache sou ventan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl, lè Asa moute wa nan peyi Jida. 10Li gouvènen pandan karanteyennan lavil Jerizalèm. Maka, pitit fi Absalon an, te grann li. 11Asa te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou David, zansèt li. 12Li netwaye peyi a, li mete tout gason ak tout fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo deyò nan peyi a. Li wete tout vye zidòl chèf ki te la anvan l' yo te fè. 13Li menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon manman larenn yo te ba li nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Astate. Asa kraze estati a, li fè boule l' nan fon Sedwon an. 14Malgre li pa t' rive fè disparèt tout kay zidòl yo, limenm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan tout lavi li. 15Li mete nan Tanp lan tou sa papa l' te bay pou sèvis Bondye ansanm ak tout bagay an lò ak an ajan limenm li te bay pou Bondye. 16Pandan tout tan yo t'ap gouvènen chak moun bò pa yo, se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida, ak Bacha, wa peyi Izrayèl. 17wa Bacha anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l' sòlda pa l' pou anpeche moun pase antre soti nan peyi Jida. 18Lè wa Asa wè sa, li pran tout rès bagay an lò ak bagay an ajan ki te rete nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo nan men kèk moun pa l', li voye yo lavil Damas bò kote Bennadad, wa peyi Siri, pitit gason Tabrimon, pitit pitit Ezyon, ak mesaj sa a: 19-Annou pase kontra yonn ak lòt tankou zansèt nou yo te fè l' la. Men mwen voye bagay an lò ak bagay an ajan sa yo fè ou kado. Koulye a, kase kontra ou pase ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, konsa la blije wete sòlda li yo nan peyi mwen an. 20wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te voye di l' la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Iyon, lavil Dann, lavil Abèl-bèt Maka, tout zòn ki toupre letan Galile a, ak tout pòsyon tè branch fanmi Neftali a. 21Lè Bacha vin konn sa, li wete tout sòlda ki te plen lavil Rama a, l' ale lavil Tizra. 22Lè sa a, wa Asa fè rele dènye moun nan peyi Jida a pou wete wòch ak bwa wa Bacha te fè anpile pou ranfòse miray ranpa lavil Rama. Wa Asa sèvi ak materyo sa yo pou ranfòse miray ranpa lavil Mispa ak lavil Geba nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo. 23Tout lòt istwa sou sa wa Asa te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, sou lavil li te bati yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Men, lè l' konmanse granmoun, yon maladi nan pye rann li enfim. 24Lè Asa mouri, yo antere l' nan tonm fanmi li nan lavil David la. Se Jozafa, pitit li, ki moute sou fotèy la nan plas li. 25Wa Asa te gen dezan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Nadad, pitit gason Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan dezan ase. 26Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Tankou papa l', li pa t' mache dwat devan Bondye, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. 27Bacha, pitit gason Akija, nan branch fanmi Isaka a, moute yon konplo pou touye Nadab. Lè sa a, Nadab ak lame Izrayèl la t'ap sènen lavil Gibetou nan peyi Filisti. Se la Bacha touye Nadab. 28Sa rive nan twazyèm lanne rèy wa Asa nan peyi Jida. Se konsa Bacha moute wa peyi Izrayèl nan plas Nadab. 29Rive li rive wa, li touye dènye moun nan fanmi Jewoboram lan. Konsa, dapre pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Akija, moun lavil Silo, sèvitè Bondye a, li touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan, li pa kite yonn chape. 30Sa te rive konsa paske Jewoboram te fè sa ki mal, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa li te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache sou li. 31Tout lòt bagay Nadab te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 32Se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida a, ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, pandan tout tan yo t'ap gouvènen, chak moun bò pa yo. 33Wa Asa t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Bacha, pitit gason Akija, moute wa nan peyi Izrayèl. 34Li gouvènen pandan vennkatran nan lavil Tiza. Li te fè sa ki mal devan Seyè a. Tankou Jewoboram, li pa t' mache dwat devan Bondye. Li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.

Você sabia?
Reis de Judá e Israel
- Asa, o terceiro rei de Judá, reinou quarenta e um anos em Jerusalém e realizou grandes reformas religiosas. Ele removeu os ídolos pagãos da terra e destituiu sua avó Maaca da posição de rainha-mãe depois que ela fez um poste sagrado detestável, o qual Asa derrubou e queimou no vale de Cedrom.Fontes: o próprio texto bíblico · Asa · Kidron
- Para combater Baasa de Israel, que estava fortificando Ramá para bloquear Judá, o rei Asa enviou ouro e prata do templo e do palácio a Ben-Hadade, rei da Síria em Damasco. Quando Ben-Hadade atacou o norte de Israel, Baasa recuou para Tirza, permitindo que os homens de Asa desmontassem as fortificações de Ramá e usassem os materiais para edificar Geba e Mispá.Fontes: o próprio texto bíblico · Baasha · Ben-hadad · Ramah
- Depois de reinar apenas dois anos, Nadabe, filho de Jeroboão, foi assassinado durante um cerco militar a Gibetom por Baasa, da tribo de Issacar. Ao assumir o trono, Baasa destruiu toda a descendência de Jeroboão, cumprindo a profecia de Aías, o silonita.Fontes: o próprio texto bíblico · Nadab · Baasha
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 4, 10
- City of David · 31.774, 35.236 · versículos 8, 24
- Kidron · Hoje: Kidron River · 31.780, 35.240 · versículo 13
- Damascus · 33.511, 36.306 · versículo 18
- Syria · Hoje: Aram · 33.511, 36.306 · versículo 18
- Dan · Hoje: Tel Dan · 33.249, 35.652 · versículo 20
- Shiloh · Hoje: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · versículo 29
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org