Nations Bible

1 João 4

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n' sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an soti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a. 2Men ki jan nou ka konnen si yon lespri soti nan Bondye: tout moun ki di Jezikri te yon moun tout bon, se moun ki gen lespri ki soti nan Bondye a. 3Men, si yon moun refize rekonèt Jezi te yon moun tout bon, moun sa a pa gen lespri ki soti nan Bondye a. Lespri li genyen an soti nan moun k'ap goumen ak Kris la. Yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la te gen pou l' te vini. Enben, koulye a li deja nan lemonn. 4Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo. 5Lè y'ap pale yo pale tankou moun ki nan lemonn. Moun ki nan lemonn ap koute yo paske yo menm tou yo se moun lemonn. 6Men, nou menm, nou se moun Bondye. Tout moun ki konnen Bondye, yo koute lè n'ap pale ak yo. Moun ki pa moun Bondye p'ap koute nou. Se konsa nou ka konnen diferans ki genyen ant lespri k'ap pale verite a ak lespri k'ap bay manti a. 7Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen soti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye. 8Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm. 9Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l' te ka ban nou lavi. 10Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la. 11Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou yonn renmen lòt. 12Pesonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n'a renmen tout bon, jan Bondye renmen an. 13Nou konnen nou fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak nou, paske li ban nou Sentespri li. 14Nou menm, n'ap di sa nou te wè. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout moun. 15Moun ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè yonn ak yo, yo fè yonn ak Bondye. 16Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo. 17Nou konnen nou renmen Bondye tout bon lè kè nou pa kase pou jou jijman an, paske n'ap viv nan lemonn tankou Kris la t'ap viv. 18Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman. 19Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan. 20Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l' rayi frè l', moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l', yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a. 21Se sak fè, men kòmandman Kris la ban nou: Moun ki renmen Bondye, yo fèt pou renmen frè yo tou.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Provando os espíritos e o amor que vem de Deus

  • Aos leitores tratados como amados se diz que não creiam em todo espírito, mas que provem os espíritos, pois muitos falsos profetas têm saído pelo mundo. O Espírito de Deus é reconhecido quando um espírito confessa que Jesus Cristo veio em carne; todo espírito que não confessa Jesus não é de Deus e é o espírito do anticristo, que já está no mundo.Fontes: o próprio texto bíblico
  • O amor vem de Deus, e Deus é amor, de modo que quem não ama não conhece a Deus. O amor de Deus foi revelado ao enviar seu Filho único ao mundo como sacrifício expiatório pelos pecados, e aos que foram assim amados se diz que devem amar uns aos outros.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Ninguém jamais viu a Deus, mas se amamos uns aos outros, Deus permanece em nós e o seu amor é aperfeiçoado em nós. Quem diz “Eu amo a Deus”, mas odeia seu irmão, é mentiroso, pois quem não ama seu irmão, a quem viu, não pode amar a Deus, a quem não viu, e o mandamento é que quem ama a Deus também ame seu irmão.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.