Nations Bible

1 Coríntios 9

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Eske m' pa lib? Eske m' pa yon apòt? Eske m' pa t' wè Jezikri, Seyè nou an? Eske nou menm, se pa rezilta travay mwen nan sèvis Seyè a nou ye? 2Menm si pou lòt moun mwen pa apòt, pou nou menm se apòt mwen ye. Paske, jan n'ap viv ansanm ak Seyè a, nou se prèv se apòt mwen ye. 3Lè moun ap kritike m', men ki jan mwen defann tèt mwen: 4Mwen mande yo: Eske m' pa gen dwa pou yo ban m' manje, pou yo ban m' bwè pou travay mwen? 5Eske m' pa gen dwa fè tankou tout lòt apòt yo, tankou frè Seyè yo ansanm ak Sefas, pou m' mennen yon sè ki ta madanm mwen kote m' prale? 6Eske se Banabas avè m' ase ki pou fè lòt travay pou n' ka viv? 7Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, èske yon moun pa gen dwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, èske yon gadò mouton pa gen dwa bwè lèt mouton l'ap okipe yo? 8Pa konprann se sèlman nan zafè lèzòm nou jwenn egzanp konsa. Lalwa Moyiz la di menm bagay la tou. 9Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: Pa bay bèf k'ap rale kabwèt la baboukèt. Se lapenn Bondye gen konsa pou bèf yo atò? 10Nou pa kwè se pou nou l'ap pale pito? Men wi. Se pou nou pawòl la te ekri. Se pou moun k'ap bat tè a fè travay la ak espwa y'ap ba li pa l' nan rekòt la. Se menm jan an tou pou moun k'ap bat pwa a. 11Nou simen grenn ki soti nan Lespri Bondye a nan kè nou. Eske se yon zafè sa ta ye si nou rekòlte nan byen materyèl nou yo? 12Si lòt moun gen dwa sa a sou nou, èske nou menm nou pa gen plis dwa pase yo? Men nou pa t' pwofite dwa sa a. Okontrè, nou soufri tout bagay pou n' pa antrave mach bon nouvèl ki pale sou Kris la. 13Nou konnen sa byen pwòp: tout moun k'ap travay pou Bondye nan tanp lan, manje yo sou kont tanp lan. Tout moun k'ap ofri bèt pou touye sou lòtèl la resevwa pa yo nan vyann bèt yo touye a. 14Konsa tou, Seyè a bay lòd pou tout moun k'ap anonse bon nouvèl la fèt pou yo viv sou kont travay bon nouvèl la. 15Men, poutèt pa m', mwen pa janm pwofite dwa sa a. Se pa pou fè ankenn reklamasyon non plis kifè m'ap ekri sa. Mwen ta pito mouri pase pou m' ta kite moun wete lwanj sa a nan men mwen! 16Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dèske m'ap anonse bon nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m' pa anonse bon nouvèl la! 17Si se mwen ki te chwazi tèt mwen pou fè travay sa a, mwen ta ka gen espwa resevwa lajan pou sa. Men, si se fòse yo fòse m' fè travay sa a, lè sa a se yon reskonsablite Bondye ban mwen. 18Ki jan yo peye m' atò? Tout plezi m' se pou m' anonse bon nouvèl la gratis, san m' pa egzije anyen nan sa yo dwe m' pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bon nouvèl la. 19Mwen lib, mwen pa esklav pesonn. Men, mwen fè tèt mwen esklav tout moun pou m' ka mennen mezi m' kapab vin jwenn Kris la. 20Lè m'ap travay nan mitan moun ki jwif, mwen viv tankou yon jwif pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Mwen pa anba lalwa Moyiz la. Men, mwen viv tankou si m' te anba l' lè m'ap travay nan mitan moun ki anba lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. 21Konsa tou, lè m' nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m' pa okipe lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la. 22Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m' sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m' tout jan ak tout moun pou m' ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib. 23Mwen fè tou sa poutèt bon nouvèl la, pou m' ka resevwa pa m' nan benediksyon l' yo. 24Lè y'ap fè konkou pou wè kilès ki ka kouri pi vit, tout moun gen pou kouri. Men, se yon sèl ki gen premye pri a. Nou konn sa, pa vre? Enben, nou menm tou, kouri pou n' ka genyen kous la. 25Moun k'ap fè egzèsis pou al nan konkou, yo bay kò yo yon disiplen sevè pou yo ka byen pare. Yo fè tou sa pou yo ka genyen yon kouwòn ki p'ap konsève lontan. Men nou menm, n'ap bay kò nou yon disiplen sevè pou n' ka genyen yon kouwòn k'ap la pou tout tan. 26Se poutèt sa, m'ap kouri, men je m' pa soti sou kote pou m' rive a. Mwen tankou yon nonm k'ap tire koutpwen, men mwen pa tankou moun k'ap goumen ak lonbraj li. 27Mwen aji di ak kò m', mwen kenbe l' kout, pou mwen menm yo pa voye m' jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Um apóstolo que recusa o sustento

  • A tradição da Igreja atribui este capítulo a Paulo, que defende o seu apostolado diante de quem o examina, chama os seus leitores de selo do seu apostolado no Senhor e reivindica o direito à comida e à bebida e a uma esposa crente, como fazem os outros apóstolos, os irmãos do Senhor e Cefas. Ele diz que não usou esse direito, preferindo oferecer o evangelho de graça a criar obstáculo a ele.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Ele pergunta se ele e Barnabé são os únicos que precisam trabalhar para se sustentar, em vez de serem sustentados pelo evangelho. Barnabé, "filho da consolação", era o sobrenome de Joses, um levita natural de Chipre, que vendeu uma terra que possuía ali; o dicionário bíblico de Easton (1897) também diz que Barnabé apresentou Paulo aos apóstolos quando Paulo voltou a Jerusalém após a sua conversão.Fontes: o próprio texto bíblico · Barnabas
  • Para defender a parte do trabalhador na colheita, ele cita a Lei de Moisés: "Não amordaces o boi enquanto ele debulha o cereal", e diz que o lavrador e o que debulha devem esperar participar da colheita. Acrescenta que os que trabalham no templo comem do alimento do templo e os que servem ao altar participam das ofertas, e que o Senhor determinou o mesmo tipo de sustento para os que anunciam o evangelho.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.