Nations Bible

1 Coríntios 12

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Ann wè koulye a keksyon kado Sentespri bay la. Frè m' yo, mwen ta vle nou konnen sa ki vre sou keksyon kado sa yo. 2Nou chonje, lè nou pa t' ankò gen konfyans, nou te kite yo mennen nou jan yo vle devan zidòl ki pa t' kapab pale. 3Se poutèt sa mwen vle nou konn sa byen: Si Sentespri Bondye ap dirije lavi yon moun, li p'ap janm ka di: Madichon pou Jezi. Konsa tou, si Sentespri Bondye p'ap dirije lavi yon moun, li p'ap ka di Jezi se Seyè a. 4Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout. 5Gen divès jan moun ka sèvi Bondye, men se yon sèl Seyè a n'ap sèvi. 6Gen divès kalite travay nan sèvis la, men se yon sèl Bondye ki bay chak moun travay pa yo nan tout sèvis k'ap fèt. 7Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l' pou byen tout moun. 8Lespri a bay yon moun don pou l' pale avèk bon konprann. Menm Lespri a bay yon lòt moun don pou l' pale avèk anpil konesans. 9Se menm Lespri a ki bay yon moun lafwa, se li menm tou ki bay yon lòt don pou l' geri moun malad. 10Lespri a bay yon moun don pou fè mirak, li bay yon lòt don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye. Li bay yon lòt ankò don pou l' rekonèt travay move lespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou l' ka pale langaj, li bay yon lòt don pou l' ka esplike sa pawòl langaj la vle di. 11Men, se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle. 12Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm. 13Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n' te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a. 14Se pa yon sèl manm ki fè yon kò. Se anpil manm ki fè yon kò. 15Si pye te ka di: Paske se pa yon men mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l' pa fè pati kò a vre. 16Si zòrèy te ka di: Paske se pa yon grenn je mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l' pa fè pati kò a vre. 17Si tout kò a te yon grenn je, ki jan l' ta ka tande? Si l' te yon zòrèy, ki jan l' ta ka pran sant? 18Men, Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l' vle. 19Pa ta gen yon kò si tout te yon sèl kalite manm. 20Konsa, gen anpil manm, men gen yon sèl kò. 21Nan kondisyon sa a, grenn je a pa ka di men an: Mwen pa bezwen ou. Tèt la pa ka di pye yo: Mwen pa bezwen nou. 22Okontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò nou, se yo ki pi nesesè. 23Manm nou pa bay gwo konsiderasyon nan kò nou, nou pran swen yo plis pase lòt yo. Manm ki pa konvenab pou nou pale sou yo an sosyete, se yo menm ki resevwa yon swen apa. 24Manm nan kò nou ki pi prezantab, yo pa bezwen tou sa. Bondye ranje kò a yon jan pou manm ki pa jwenn anpil konsiderasyon an se li ki jwenn plis swen pase lòt yo. 25Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo yonn pran swen lòt menm jan an. 26Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l' tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li. 27Nou tout, nou se kò Kris la: nou chak se yon manm nan kò sa a. 28Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang. 29Men, tout moun pa apòt, tout moun pa pwofèt, tout moun pa dirèktè, tout moun pa gen don pou fè mirak. 30Tout moun pa gen don pou geri moun malad. Tout moun pa gen don pou pale langaj, osinon pou esplike sans pawòl langaj la. 31Nan fon kè nou, se pou nou chache gen don ki pi enpòtan yo. Men, mwen pral moutre nou yon jan ki bon nèt. Pa gen pase li.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

Dons espirituais e um só corpo

  • O capítulo começa lembrando que os leitores, quando eram pagãos, eram levados a ídolos mudos. Em seguida, estabelece um critério para o que se diz de Jesus: ninguém que fala pelo Espírito de Deus amaldiçoa Jesus, e ninguém pode confessar que Jesus é Senhor senão pelo Espírito Santo.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Os dons, os ministérios e os modos de agir são diferentes, mas vêm do mesmo Espírito, do mesmo Senhor e do mesmo Deus, que realiza todas as coisas em todas as pessoas. A manifestação do Espírito é dada a cada um para o bem comum, e o único Espírito as distribui — entre elas sabedoria, conhecimento, fé, curas, milagres, profecia, discernimento de espíritos, variedade de línguas e interpretação — como ele determina. As perguntas do final dizem o mesmo: nem todos são apóstolos, profetas ou mestres, e nem todos falam em línguas ou as interpretam.Fontes: o próprio texto bíblico
  • Os muitos membros são comparados a um só corpo, e o mesmo se diz de Cristo. Em um só Espírito todos foram batizados nesse único corpo, judeus ou gregos, escravos ou livres, e a todos foi dado beber de um só Espírito. As partes que parecem mais fracas são chamadas indispensáveis, e às consideradas menos honrosas é dada maior honra, para que não haja divisão e os membros sofram e se alegrem juntos.Fontes: o próprio texto bíblico

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.