Nations Bible

1 Crônicas 5

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1Men moun branch fanmi Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se Woubenn ki te premye pitit gason, men li te pèdi dwa premye pitit li paske li te kouche ak yonn nan madanm papa l' yo. Se pitit Jozèf yo, yon lòt pitit Izrayèl, yo te bay dwa premye pitit la. Tansèlman, yo pa t' pote non Jozèf la sou rejis tankou premye pitit. 2Lèfini, se branch fanmi Jida a ki te vin pi fò. Se li menm ki bay yon chèf pou gouvènen tout branch fanmi yo. Men tout jan, se Jozèf yo te bay dwa premye pitit la. 3Woubenn, pi gran nan pitit gason Izrayèl yo, te gen kat pitit gason: Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. 4Joèl te papa Chemaja, Chemaja te papa Gòg, Gòg te papa Chimeyi, 5Chimeyi te papa Mika, Mika te papa Reaja, Reaja te papa Baal. 6Baal te papa Bera, yonn nan chèf fanmi Woubenn yo. Se li menm Tiglat-Pilesè, wa peyi Lasiri a, te depòte. 7Men lis lòt chèf fanmi Woubenn yo dapre rejis kote yo te ekri non yo. N'ap konmanse ak pi ansyen an. Te gen Jeyèl, Zakari, 8Bela, pitit Aza, pitit pitit Chema nan branch fanmi Joèl. Se yo ki te rete nan zòn Awoyè, rive Nebo ak Baal Meon sou nan nò. 9Yo te gen anpil mouton ak kabrit nan tout peyi Galarad la. Se konsa yo pran tout peyi a depi bò dezè a rive jouk bò larivyè Lefrat bò solèy leve. 10Sou rèy wa Sayil, moun Woubenn yo atake moun Aga yo. Yo bat yo, yo pran tout tè moun yo ki sou bò solèy leve nan peyi Galarad. 11Branch fanmi Gad la te rete sou bò nò moun branch fanmi Woubenn yo, nan peyi Bazan, rive Salka sou bò solèy leve. 12Joèl te vin an premye. Apre li te gen Chafam, Janayi ak Chafat nan peyi Bazan. 13Lòt moun nan fanmi an te fè sèt branch. Men non branch fanmi yo, dapre non zansèt yo: Mikayèl, Mechoulam, Cheba, Jorayi, Jakan, Zya ak Ebè. 14Yo tout te pitit Abikayil ki te pitit Ouri. Ouri te pitit Jawoja ki te pitit Galarad. Galarad te pitit Mikayèl ki te pitit Jechichayi. Jechichayi te pitit Jakdo ki te pitit Bouz. 15Aki, pitit Abdyèl, pitit pitit Gouni, te zansèt tout fanmi sa yo. 16Yo te rete nan peyi Bazan ak nan peyi Galarad, nan lavil yo ak nan tout savann patiraj peyi Sawon an. 17Se sou rèy Jotam, wa peyi Jida, ak Jewoboram, wa peyi Izrayèl, yo te fè rejis sa yo. 18Branch fanmi Woubenn lan, branch fanmi Gad la ak mwatye branch fanmi Manase a te gen antou karannkatmil sètsanswasant (044.760) sòlda, tout vanyan gason, ki konn sèvi ak pwotèj an fè ak nepe, ak banza. Yo te abil nan fè lagè. 19Yo fè lagè ak moun Aga yo ki te rete lavil Jetou, lavil Nafich ak lavil Nodab. 20Yo pa t' pou kont yo nan batay la. Yo te mete konfyans yo nan Bondye. Pandan batay la, yo lapriyè mande l' konkou. Bondye reponn yo, li lage tout moun Aga yo ansanm ak tout moun ki te avèk moun Aga yo nan men yo. 21Yo pran senkantmil (050.000) chamo, desansenkantmil (0250.000) mouton ak kabrit, demil (02.000) bourik nan men lènmi yo. Yo fè sanmil (0100.000) prizonye. 22Yo touye anpil ladan lènmi yo paske batay la se Bondye menm ki t'ap mennen l' pou yo. Se konsa yo rete nan zòn sa a jouk jou yo depòte yo. 23Moun mwatye branch fanmi Manase ki sou bò solèy leve larivyè Jouden an te rete nan zòn ki soti Bazan moute nan nò rive Baalèmòn, lavil Sini ak mòn Emon. Yo te peple anpil. 24Men non chèf fanmi yo: Efè, Icheyi, Eliyèl, Azryèl, Jeremi, Odavya ak Jadyèl. Mesye sa yo te vanyan sòlda, chèf fanmi yo. Tout moun t'ap nonmen non yo. 25Men, pèp la te vire do bay Bondye zansèt yo a, y' al kouri fè sèvis pou bondye lòt nasyon Bondye te disparèt pou fè plas pou yo. 26Se poutèt sa, Bondye pèp Izrayèl la fè Poul, wa peyi Lasiri a ki te rele Tiglat-Pilesè tou, anvayi peyi yo a, depòte moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak moun mwatye branch fanmi Manase yo. Li mennen yo lavil Ala, lavil Abò, lavil Ara ak bò larivyè Gozan kote yo rete jouk jounen jòdi a.

Você sabia?

As tribos orientais de Israel

  • Embora Rúben fosse o filho primogênito de Jacó, ele perdeu os direitos de primogenitura por causa de sua má conduta. A primogenitura foi transferida para os filhos de José, enquanto a liderança tribal acabou vindo de Judá.Fontes: o próprio texto bíblico · Reuben · Joseph (son of Jacob)
  • As tribos de Rúben, Gade e a meia tribo de Manassés se estabeleceram a leste do rio Jordão, nas pastagens de Gileade e Basã. Quando seu exército combinado de mais de 44.000 guerreiros clamou a Deus na batalha, eles derrotaram os hagarenos e capturaram imensos rebanhos de gado.Fontes: o próprio texto bíblico · Gilead · Bashan
  • Devido à infidelidade posterior a Deus, as tribos que viviam a leste do Jordão foram levadas para o exílio por Tiglate-Pileser, rei da Assíria, também chamado de Pul nos registros bíblicos.Fontes: o próprio texto bíblico · Tilgath-pilneser

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • Assyria · 36.359, 43.153 · versículos 6, 26
  • Euphrates · Hoje: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 9
  • Gilead · Hoje: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · versículos 9, 10, 16
  • Bashan · 32.781, 35.935 · versículos 11, 12, 16, 23
  • Mount Hermon · 33.400, 35.850 · versículo 23
  • Senir · Hoje: Mount Hermon · 33.400, 35.850 · versículo 23

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.