1 Crônicas 21
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Yon jou, Satan move sou pèp Izrayèl la, li pouse David al konte konbe moun ki nan pèp Izrayèl la. 2Wa a pale ak Joab ansanm ak lòt chèf yo, li di yo konsa: -Ale nan tout branch fanmi Izrayèl yo, depi lavil Bètcheba nan sid jouk lavil Dann nan nò. Konte dènye moun ki nan pèp la. Lèfini, fè m' yon rapò pou m' ka konnen konbe moun ki gen nan peyi a. 3Men Joab di wa a konsa: -Monwa, mwen mande Seyè a pou li fè pèp Izrayèl la vin san fwa pi plis pase jan li ye koulye a. Lèfini, monwa, ou konnen yo tout la ap sèvi ou. Men poukisa, monwa, ou vle fè sa? Poukisa ou vle pòte pèp Izrayèl la fè sa ki mal? 4Men, wa a pa t' soti pou li chanje lòd li te bay la. Konsa, Joab pati, li vwayaje nan tout peyi a. Apre sa, li tounen lavil Jerizalèm. 5Joab renmèt wa a rapò ki bay kantite moun ki te gen antou nan tout peyi a. Se konsa yo te jwenn yon milyon sanmil (01.100.000) gason ki konn sèvi ak nepe nan peyi Izrayèl la ak katsanswasanndimil (0470.000) nan peyi Jida a. 6Men Joab pa t' konte moun ni nan branch fanmi Levi a, ni nan branch fanmi Benjamen an, paske lòd wa a te bay la pa t' antre nan santiman l' menm. 7Men, sa David te fè a pa t' fè Bondye plezi. Bondye pini pèp Izrayèl la. 8Lè sa a, David di Bondye: -Sa m' fè la a, se yon gwo peche. Koulye a, tanpri, padonnen m'. Pa bliye se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou. 9Seyè a pale ak pwofèt Gad, konseye David la, li di l' konsa: 10-Ale pale ak David. W'a di l' men mesaj Seyè a voye ba ou. Li mete twa chatiman devan ou. Ou menm, w'a chwazi yonn ladan yo. Sa w'a chwazi a, se sa l'a fè ou. 11Se konsa Gad al jwenn David lakay li, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Kisa ou vle? 12Twa lanne grangou nan tout peyi a, twa mwa ap kouri devan lènmi k'ap pousib ou ak sòlda yo, osinon twa jou ap sibi chatiman Seyè a ak yon epidemi nan tout peyi a, pou zanj Seyè a menm ap mache touye moun nan tout peyi Izrayèl la? Al kalkile sou sa pou fe m' konnen ki repons pou m' pote bay moun ki voye m' lan. 13David reponn: -M' nan gwo tèt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Seyè a ki pini m', paske li gen bon kè! 14Se konsa, Seyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la. Li touye swasanndimil (070.000) moun nan pèp Izrayèl la. 15Seyè a te voye zanj li sou lavil Jerizalèm pou detwi l'. Lè zanj lan konmanse fè travay li, Seyè a wè sa, li fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! Kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre glasi Onan an, moun lavil Jebis la. 16David voye je l', li wè zanj Seyè a kanpe nan lè a, san pye l' pa touche tè, bra l' lonje sou lavil Jerizalèm ak yon nepe nan men l'. Lè sa a, David ak chèf fanmi yo, rad sak yo sou yo, bese tèt yo jouk atè. 17David pale ak Seyè a, li di l' konsa: -Se mwen menm ki te mande pou yo konte moun yo. Se mwen menm ki antò. Se mwen menm ki fè sa ki mal. Kisa moun sa yo fè? Se mouton yo ye. Tanpri, Seyè, Bondye mwen, pa voye ankenn malè sou pèp la. Se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini. 18Zanj Seyè a te bay pwofèt Gad lòd pou l' te al mande David pou l' moute lakay Onan, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Seyè a nan mitan glasi a. 19David koute sa Gad te di l' la, li moute lakay Onan jan Seyè a te ba li lòd la. 20Onan menm t'ap bat ble ansanm ak kat pitit gason l' yo ki te la avè l' sou glasi a. Lè yo wè zanj lan, pitit li yo kouri al kache. 21Onan vire tèt li, li wè David ki t'ap vini. Li kite glasi a, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk fwon li touche tè. 22David di Onan konsa: -Vann mwen anplasman glasi a pou m' bati yon lotèl pou Seyè a. Ban mwen li pou pri li vo. Konsa, epidemi k'ap fini ak pèp la va sispann. 23Onan di David konsa: -Monwa, ou mèt pran l' pou fè sa ou vle avè l'. Men m'ap bay bèf sa yo pou ou boule nèt sou lotèl la. Men jouk bèf yo ak bwa kabwa yo pou fè dife, ak ble pou sèvi ofrann grenn jaden an. M'ap ba ou tout bagay sa yo. 24Men wa David reponn Onan, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye ou sa yo vo. M' pa ka ofri Seyè a sa ki pou ou. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri bay Seyè a. 25Se konsa David bay Onan swasant pyès lò pou anplasman glasi a. 26Lèfini, li bati yon lotèl pou Seyè a, li fè ofrann bèt boule pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Li lapriyè nan pye Seyè a. Seyè a reponn li, li voye dife soti nan syèl la pou boule ofrann ki sou lotèl la. 27Lè sa a, Seyè a bay zanj li a lòd pou li mete nepe li nan djenn li ankò. 28Lè David wè Seyè a te reponn lapriyè li te fè nan pye l' sou glasi Onan, moun lavil Jebis la, li ofri bèt pou touye sou lotèl la. 29Men lè sa a, Tant Randevou Moyiz te fè moute pou Seyè a nan dezè a ansanm ak lotèl pou boule ofrann bèt yo te sou mòn Gabawon toujou, kote yo te mete apa pou Seyè a. 30Men, David pa t' ka ale la pou adore Seyè a, paske li te pè nepe zanj Seyè a.

Você sabia?
O Censo de Davi e a Eira de Ornã
- A expressão de Berseba a Dã era uma frase hebraica tradicional usada para designar toda a extensão da Terra Prometida de sul a norte, abrangendo uma distância de aproximadamente 230 quilômetros.Fontes: o próprio texto bíblico · Beersheba
- A eira do jebuseu Ornã no monte Moriá, que Davi fez questão de comprar pelo preço justo para oferecer sacrifícios, tornou-se mais tarde o local onde Salomão construiu o templo em Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico · Ornan
- Embora o tabernáculo construído por Moisés no deserto e seu altar estivessem no alto de Gibeão naquela época, Davi sacrificou na eira de Ornã por estar apavorado diante do anjo do Senhor.Fontes: o próprio texto bíblico · Gibeon · Moses
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Dan · Hoje: Tel Dan · 33.249, 35.652 · versículo 2
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 4, 15, 16
- Gibeon · Hoje: El Jib · 31.847, 35.183 · versículo 29
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org