1 Crônicas 18
Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.
1Apre sa, David atake moun Filisti yo ankò. Li bat yo byen bat. Se konsa li pran lavil Gat ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo, nan men moun Filisti yo. 2Lèfini, li bat moun peyi Moab yo. Moun Moab yo soumèt devan David. Li fè yo peye taks ba li chak lè. 3Apre sa, li bat Adadezè, wa peyi Zoba a, ki t'ap mache pran zòn ki sou anwo larivyè Lefrat la. 4David pran mil (01.000) cha lagè, sèt mil (07.000) kavalye nan lame wa Adadezè a, li fè yo prizonye ansanm ak venmil (020.000) sòlda ki t'ap mache apye. Lè li fin wete kont chwal pou san (0100) cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo. 5Moun Siri lavil Damas yo voye yon lame pou pote Adadezè, wa peyi Zoba a, konkou. David atake yo, li bat yo tou. Li touye venndemil (022.000) sòlda. 6Apre sa, David mete moun pa l' pou gouvènen peyi Damas la. Moun Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye taks chak lè. Se konsa Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase. 7David sezi tout gwo plak pwotèj an lò chèf lame wa Adadezè yo, li pote yo lavil Jerizalèm. 8Li pran yon gwo kantite kwiv li te jwenn lavil Tiba ak lavil Koun ki te pou Adadezè. Se ak kwiv sa yo Salomon te fè gwo basen lan, poto won yo ak lòt veso an kwiv pou Tanp lan. 9Lè Towou, wa lavil Amat la, tande jan David te kraze tout lame Adadezè a, 10li voye pitit li, Adouram al wè David pou di l' bonjou, epi pou fe l' konpliman deske li te bat Adadezè, paske Towou te toutan ap fè lagè ak Adadezè. Adouram te pote kado fèt an lò, an ajan ak an kwiv bay David. 11Wa David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sèvis Seyè a, ansanm ak tout lò ak tout ajan li te pran lakay moun lòt nasyon li te fè soumèt devan li, ki vle di moun peyi Edon, moun peyi Moab, moun peyi Amon, moun peyi Filisti ak moun peyi Amalèk. 12Apre sa, Abichayi, pitit gason Sewouja a, touye dizwitmil (018.000) moun peyi Edon nan Fon Sèl la. 13Li mete kèk ganizon sòlda nan teritwa Edon an. Tout moun Edon yo soumèt devan David. Se konsa, Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase. 14David t'ap gouvènen tout pèp Izrayèl la. Li te fè tout moun jistis san patipri. Li te fè tout afè l' dwat. 15Joab, pitit gason Sewouya a, te kòmandan chèf lame a. Jozafa, pitit gason Akiloud la, te reskonsab achiv yo. 16Zadòk, pitit gason Akitoub, ak Akimelèk, pitit gason Abyata a, te prèt. Chaoucha te sekretè. 17Benaja, pitit gason Jeojada a, te chèf keretyen yo ak pelesyen yo ki te gad pèsonèl wa a. Pitit gason David yo menm te gwo chèf apre wa a.

Você sabia?
As conquistas e a administração de Davi
- As vastas quantidades de bronze capturadas das cidades de Hadadezer de Zobá (Tibate e Cum), juntamente com presentes de ouro e prata dedicados pelo rei Tou de Hamate, foram usadas mais tarde por Salomão para confeccionar o Mar de bronze, as colunas e os utensílios do templo em Jerusalém.Fontes: o próprio texto bíblico · Solomon · Toi · Hadarezer
- As campanhas militares de Davi se estenderam desde cidades filisteias como Gate, a oeste, até a região próxima ao rio Eufrates, ao norte, contra Zobá. Ao estabelecer guarnições em Damasco e Edom, Davi consolidou seu domínio e colocou os territórios vizinhos sob tributo.Fontes: o próprio texto bíblico · Gath · Zobah · Damascus
- Entre os principais líderes militares de Davi estavam seus sobrinhos Joabe e Abisai, filhos de sua irmã Zeruia. Joabe serviu como comandante do exército, enquanto Abisai liderou a vitória decisiva sobre os edomitas no Vale do Sal.Fontes: o próprio texto bíblico · Zeruiah · Joab · Abishai
Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.
Lugares deste capítulo
- Moab · Hoje: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículos 2, 11
- Euphrates · Hoje: Euphrates River · 31.004, 47.442 · versículo 3
- Damascus · 33.511, 36.306 · versículos 5, 6
- Syria · Hoje: Aram · 33.511, 36.306 · versículos 5, 6
- Zobah · 33.935, 36.151 · versículos 5, 9
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículo 7
- Hamath · Hoje: Hama · 35.136, 36.750 · versículo 9
- Amalek · 30.648, 34.422 · versículo 11
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículo 11
- Edom · 30.746, 35.604 · versículos 11, 12, 13
- Philistia · 31.664, 34.546 · versículo 11
Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos e licença desta tradução
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org