Nations Bible

1 Crônicas 15

Bib La · Toque num versículo para ver as referências cruzadas.

1David fè yo bati anpil kay pou li nan lavil David la. Li pare yon anplasman pou Bwat Kontra Bondye a, li moute yon gwo tant twal pou li. 2Epi li di: -Se moun Levi yo ase ki pou pote Bwat Kontra Bondye a, paske se yo menm Seyè a te chwazi pou pote Bwat la, se yo li te chwazi pou sèvi l' pou tout tan. 3Lèfini, li reyini tout pèp Izrayèl la lavil Jerizalèm pou yo pote Bwat Kontra a kote li te pare pou li a. 4Apre sa, li voye chache tout moun nan ras fanmi Arawon yo ansanm ak moun Levi yo. 5Nan branch fanmi Keyat la, te gen Ouryèl, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou sanven (0120). 6Nan branch fanmi Merari a, te gen Asaja, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou desanven (0220). 7Nan branch fanmi Gèchon an, te gen Joèl, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou santrant (0130). 8Nan branch fanmi Elizafan an, te gen Semaja, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou desan (0200). 9Nan branch fanmi Ebwon an, te gen Eliyèl, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou katreven. 10Nan branch fanmi Ouzyèl la te gen Aminadad, chèf la, ak tout fanmi l' yo. Sa te fè antou sandouz (0112). 11David rele Zadòk ak Abyata, prèt yo, ansanm ak sis moun Levi: Ouryèl, Asaja, Joèl, Chemaja, Eliyèl ak Aminadad. 12Li di yo: -Se nou menm ki chèf branch fanmi Levi yo. Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, nou menm ansanm ak tout moun nan fanmi nou, pou nou ka al pote Bwat Kontra Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, kote mwen fè pare pou li a. 13Premye fwa a, nou pa t' la. Se poutèt sa Seyè a, Bondye nou an, te touye kèk nan nou paske nou pa t' fè l' jan nou te dwe fè l' la. 14Se konsa, prèt yo ak moun Levi yo al mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, pou yo te ka al pote Bwat Kontra Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 15Yo mete Bwat la sou gwo travès long yo, yo leve l' mete l' sou zepòl yo, yo pote l' ale jan Moyiz te ba yo lòd fè l' la dapre pawòl Seyè a. 16David bay chèf moun Levi yo lòd pou yo chwazi divès moun nan fanmi yo ki konn chante, pou yo vini ak enstriman mizik yo, gita, bandjo ak senbal, pou jwe mizik cho paske kè tout moun te kontan. 17Moun Levi yo chwazi Eyman, pitit gason Joèl la, ansanm ak Asaf, pitit gason Berekya, yon fanmi Eyman, ak Etan, pitit gason Kouchaja nan branch fanmi Merari a, fanmi ak de lòt premye yo. 18Apre sa, yo chwazi lòt moun Levi nan menm fanmi ak premye yo, pou ede yo nan travay yo. Se te Zakari, Aziyèl, Semiramòt, Jekiyèl, Ouni, Eliyab, Benaja, Maseja, Matitya, Elifeleou, Mikneja, ak de gad pòtay tanp lan, Obèd-Edon ak Jeyèl. 19Eyman, Asaf ak Etan, sanba yo, te reskonsab pou bat senbal kwiv yo pou fè mizik. 20Zakari, Aziyèl, Semiramòt, Jekiyèl, Ouni, Eliyab, Maseja ak Benaja t'ap jwe premye gita yo. 21Matitya, Elifeleou, Mikneja, Obèd-Edon, Jeyèl ak Azazya t'ap jwe gita bas. Se yo ki pou te bay kadans chante yo. 22Se Kenanya, chèf moun Levi ki te reskonsab pote Bwat la, ki t'ap dirije yo, paske li te fò nan fè travay konsa. 23Se Berekya ak Elkana ki t'ap pote Bwat Kontra a. 24Men non prèt yo te chwazi pou kònen twonpèt devan Bwat Kontra a. Se te Chebanyas, Jozafa, Netaneyèl, Amasayi, Zakari, Benaja ak Elyezè. Obèd-Edon ak Jebija te la pou pote Bwat Kontra a tou. 25Se konsa David ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf rejiman mil sòlda yo ale lakay Obèd-Edon, yo pran Bwat Kontra a pou yo pote l' lavil Jerizalèm ak kè kontan. 26Yo touye sèt towo ak sèt belye pou Bondye te ka ede moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a. 27David te gen yon rad fèt ak twal fin blan sou li, menm jan ak tout moun Levi yo ki t'ap mache devan Bwat Kontra a, sanba yo ak Kenaja ki t'ap dirije travay transpò a. David te gen yon moso twal fin blan tou mare nan ren li. 28Se konsa, tout pèp Izrayèl la ale ansanm ak Bwat Kontra Seyè a, yo pote l' lavil Jerizalèm. Yo t'ap rele, yo t'ap fè fèt. Yo t'ap jwe klewon, twonpèt, senbal, gita ak bandjo sou tout wout la. 29Antan yo t'ap antre ak Bwat Kontra a lavil Jerizalèm, Mikal, pitit fi Sayil la, te kanpe bò yon fennèt ap gade. Li wè David ki t'ap danse fè laviwonn devan Bwat la. Li vin pa gen yon san pou li ankò.

Ilustração artística — interpretação, não registro histórico.

Você sabia?

A chegada da arca a Jerusalém

  • Davi reconheceu que a tentativa anterior havia falhado porque não haviam seguido a ordem prescrita por Deus. Desta vez, ele reuniu os levitas para que se consagrassem e transportassem a arca de Deus sobre os ombros com varas, exatamente como Moisés havia ordenado.Fontes: o próprio texto bíblico
  • A procissão contou com uma orquestra e um coro levítico cuidadosamente organizados. Os músicos tocavam címbalos de bronze, liras segundo Seminite e harpas segundo Alamote, enquanto sacerdotes designados tocavam trombetas diante da arca.Fontes: o próprio texto bíblico · Zechariah · Benaiah

Notas escritas com auxílio de IA a partir de fontes abertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, domínio público) e revisadas antes de publicar.

Lugares deste capítulo

  • City of David · 31.774, 35.236 · versículos 1, 29
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 3, 14, 25

Só aparecem lugares com identificação de alta confiança (90% ou mais segundo as fontes acadêmicas reunidas pelo OpenBible). Mapa da época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa atual: © colaboradores do OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Créditos e licença desta tradução
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Fonte: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Fale com a gente

Conte de onde você lê, como a Bíblia tem te ajudado ou o que podemos melhorar. Lemos todas as mensagens.