Sofonías 2
Bib Sen An · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Rasanble nou ansanm, wi rasanble nou, O nasyon ki pa gen wont, 2avan dekrè a vini— avan jou pase tankou pay vannen —avan chalè vyolan SENYÈ a vin rive sou nou, avan jou a kòlè SENYÈ a vin rive sou nou. 3Chache SENYÈ a, nou tout ki enb sou tè a, ki te kenbe òdonans li yo. Chache ladwati. Chache imilite. Petèt nou va jwenn pwoteksyon nan jou kòlè SENYÈ a. 4Paske Gaza va vin abandone, e Askalon va vin yon kote dezole. Asdod va chase mete deyò nan mitan jounen, e Ékron va vin dechouke. 5Malè pou sila ki rete kote lanmè yo, nasyon a Keretyen yo! Pawòl SENYÈ a kont ou, O Canaran, peyi Filisten yo! Mwen va detwi nou jiskaske pa gen moun ki rete la ankò. 6Konsa bò kot lanmè a va tounen patiraj pou bèt, avèk kay pou bèje e pak pou bann mouton yo. 7Epi kot lanmè a va apatyen a retay lakay Juda a. Yo va fè patiraj yo sou li. Nan kay Askalon yo, yo va kouche nan aswè; paske SENYÈ Bondye yo a va pran swen yo e restore davni yo. 8Mwen te tande lè Moab t ap vekse nou. Ak malediksyon a fis Ammon yo, ke yo t ap vekse pèp Mwen an, e te fè tèt yo vin plen ògèy kont lizyè pa yo a. 9Akoz sa, jan Mwen vivan an, deklare SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Anverite, Moab va vin tankou Sodome e fis a Ammon yo tankou Gomorrhe— yon kote plen pikan, yon twou plen sèl, yon kote devaste nèt. Retay a pèp Mwen an va piyaje yo, e sila ki rete nan nasyon Mwen an, va eritye yo.” 10Se sa yo va twouve kon rekonpans ògèy yo, akoz yo te vekse, e te vin awogan kont pèp a SENYÈ dèzame yo. 11SENYÈ a va vin tèrib pou yo, paske Li va fè tout dye tèritwa yo mouri ak grangou. Konsa, tout moun, depi nan nasyon yo va adore Li, yo chak nan pwòp plas yo.
12Nou menm tou Etyopyen yo, nou va detwi pa nepe Mwen.
13Li va lonje men Li kont nò pou detwi Assyrie, e li va fè Ninive vin yon kote dezole, sèk tankou dezè. 14Bann bèt sovaj va vin kouche nan mitan l, tout kalite bèt yo. Grangozye, ni zagoudi va vin rete sou gran vil li yo. Vwa yo va chante nan fenèt yo. Papòt yo va rete dezole, paske Li te devwale nèt tout gran travès bwa sèd yo. 15Sa se gwo vil ki plen ak kè kontan, ki te viv san reflechi. Li te di nan kè l: “Se Mwen, e nanpwen sòf ke mwen.” Ala dezole li vin dezole! Yon kote pou bèt repoze yo. Tout moun ki pase kote l va soufle kon koulèv, e va voye pwen mare yo anlè sou li.

¿Sabías que…?
Juicios sobre las Naciones Vecinas
- Sofonías enumera cuatro de las cinco principales ciudades filisteas —Gaza, Ascalón, Asdod y Ecrón—, situadas a lo largo de la costa del Mediterráneo. Profetiza que estos concurridos asentamientos marítimos se convertirán en pastizales apacibles y rediles de ovejas para el remanente sobreviviente de Judá.Fuentes: el propio texto bíblico · Gaza · Ashkelon · Ekron
- El capítulo pronuncia juicio en todas las direcciones alrededor de Judá: los filisteos al oeste, Moab y Amón al este del Jordán, Cus al sur y Asiria al norte. Moab, ubicada al este del mar Muerto, es advertida de que su soberbia y burlas convertirán su territorio en un desierto de pozos de sal y maleza.Fuentes: el propio texto bíblico · Moab
- Sofonías retrata a la orgullosa capital asiria de Nínive como una futura ruina donde deambulan criaturas salvajes y las lechuzas anidan en lo alto de los pilares de sus edificios de cedro al descubierto.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Ashdod · Hoy: Tel Ashdod · 31.757, 34.658 · versículo 4
- Ashkelon · Hoy: Tel Ashkelon · 31.664, 34.546 · versículos 4, 7
- Ekron · Hoy: Tel Miqne · 31.777, 34.852 · versículo 4
- Gaza · Hoy: Tell Harube · 31.504, 34.464 · versículo 4
- Canaan · 32.767, 35.333 · versículo 5
- Crete · 35.310, 24.893 · versículo 5
- Ammon · 31.955, 35.934 · versículos 8, 9
- Moab · Hoy: Moab 1 · 31.181, 35.701 · versículos 8, 9
- Assyria · 36.359, 43.153 · versículo 13
- Nineveh · 36.359, 43.153 · versículo 13
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Fuente: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org